settings icon
share icon
Kesyon

Kisa Bib la di sou posesyon demon / posesyon demon?

Repons


Bib la bay kèk egzanp sou moun ki posede oswa enfliyanse pa move lespri. Soti nan egzanp sa yo nou ka jwenn kèk sentòm enfliyans dyabolik ak jwenn ide sou fason yon moun posede move lespri. Men kèk nan pasaj biblik yo: Matye 9:32-33; 12:22; 17:18; Mak 5:1-20; 7:26-30; Lik 4:33-36; Lik 22:3; Travay 16:16-18. Nan kèk nan pasaj sa yo, posesyon move lespri a lakòz maladi fizik tankou enkapasite pou pale, sentòm epileptik, avèg, elatriye. Nan lòt ka, li lakòz moun nan fè sa ki mal, Jida se egzanp prensipal la. Nan Travay 16:16-18, aparamman lespri bay yon ti fi esklav kèk kapasite pou konnen bagay ki depase pwòp konesans li. Nonm ki te gen move lespri nan Gadaren nan, ki te posede pa yon miltitid move lespri (lejyon), te gen fòs pase moun nòmal epi li te rete toutouni nan mitan tonm mò yo. Wa Sayil, apre li te fin rebele kont Seyè a, yon move lespri te toumante li (1 Samyèl 16:14-15; 18:10-11; 19:9-10) li te fè Sayil gen yon atitid deprime ak yon dezi pou touye David.

Se konsa, gen yon gran varyete sentòm posib nan posesyon move lespri, tankou yon pwoblèm fizik ki pa ka atribiye nan yon pwoblèm fizyolojik aktyèl, yon chanjman pèsonalite tankou depresyon oswa agresyon, fòs sipènatirèl, imodesti, konpòtman antisosyal, e petèt kapasite pou pataje enfòmasyon ke yon moun pa gen okenn kapasite natirèl pou konnen. Li enpòtan pou sonje ke prèske tout, si se pa tout, nan karakteristik sa yo ka gen lòt eksplikasyon, kidonk li enpòtan pou’w pa mete etikèt sou chak moun ki deprime oswa moun ki gen epileptik kòm move lespri ki sou li. Kilti lwès yo pwobableman pa pran patisipasyon satanik nan lavi moun kòm yon bagay serye ase.

Anplis de distenksyon fizik oswa emosyonèl sa a, yon moun ka gade tou nan atitid espirityèl ki montre enfliyans dyabolik. Sa yo ka enkli refize padone (2 Korent 2:10-11) ak kwayans nan gaye fo doktrin, espesyalman konsènan Jezi Kris ak travay redanpsyon li a (2 Korent 11:3-4, 13-15; 1 Timote 4 :1-5; 1 Jan 4:1-3).

Konsènan patisipasyon move lespri nan lavi Kretyen yo, apot Pyè se yon ilistrasyon ki evidan nan zafè ke yon kwayan ka enfliyanse pa dyab la (Matye 16:23). Gen kèk moun ki refere ak Kretyen ki anba yon enfliyans kòm moun ki "demonize", men pa janm gen yon egzanp nan ekriti nan Bib la ke yon kwayan nan Kris la ka posede pa yon move lespri. Pifò teyolojyen kwè ke yon Kretyen pa ka posede paske li gen Sentespri a ki rete nan li (2 Korent 1:22; 5:5; 1 Korent 6:19), epi Lespri Bondye a pa tap pataje rezidans (kay) li ak yon move lespri.

Bib la pat di nou egzakteman kijan yon moun louvri tèt li pou posede ak demon. Si nou ka konsidere ka Jida a, li louvri kè li bay sa ki mal - nan ka li a se evaris l '(Jan 12:6). Se konsa, li ka posib ke si yon moun pèmèt kè’l dwe dirije pa kèk peche abityèl, li vin yon envitasyon pou yon move lespri antre sou li. Selon eksperyans misyonè yo, posesyon move lespri ta sanble yo gen rapò ak adore zidòl ak posesyon byen materyèl. Bib la repete ke gen rapò ak adorasyon zidòl ak adorasyon move lespri (Levitik 17:7; Detewonòm 32:17; Sòm 106:37; 1 Korent 10:20), kidonk li pa ta dwe etonan ke patisipasyon ak idolatri kapab lakòz yon moun posede demon.

Lè nou baze sou pasaj nou sot wè la yo ak kèk nan eksperyans misyonè yo, nou ka konkli ke anpil moun louvri lavi yo pou move lespri lè yo anbrase kèk peche oswa atravè patisipasyon nan kilt (oswa konsyamman oswa enkonsyaman). Egzanp yo ka enkli imoralite, abi dwòg / alkòl ki chanje eta konsyans yon moun, rebelyon, lapenn, ak meditasyon transandantal.

Gen yon konsiderasyon anplis. Satan ak tout konpayon move lespri li yo pa ka fè anyen Seyè a pa pèmèt yo fè (Jòb 1-2). Nan ka sa, Satan, panse ke li ap reyalize objektif pwòp tèt li, men aktyèlman l’ap reyalize bon objektif Bondye a, tankou nan ka trayizon Jida a. Gen kèk moun ki devlope yon pasyon malsen ak aktivite dyabolik. Sa a pa saj epi li pa nan Bib la. Si nou pouswiv Bondye, si nou abiye ak zam li yo e nou konte sou fòs li (Efezyen 6:10-18), nou pa gen anyen pou nou pè de sa ki mal yo, paske Bondye gen pouvwa sou tout!

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa Bib la di sou posesyon demon / posesyon demon? Èske li posib jodi a? Si se konsa, ki sentòm yo?
© Copyright Got Questions Ministries