settings icon
share icon
Kesyon

Kisa plan Sali-a ye / chemen Sali-a?

Repons


Èske w santi w grangou? Non nou pap pale grangou nan vant non , men Eske w santiw grangou yon bagay an plis nan lavi w ? Eske w santi gen yon gwo vid nan ou menm ke pesonn ni anyen pa ka satisfe ? Si wi, Jezi se solisyon an! Nan Jan 6 :35 Jezi di: "Se mwen menm ki pen lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou, epi moun ki kwe nan mwen pap janm swaf" .

Eske ou santiw pedi? Eske li difisil pou w pouw jwenn vrè chimenw , oswa jwenn vrè sans lavi w ? Eske li sanble tankou yon moun etènn limyè nan yo e ou pa kapab jwenn switch-la? Si wi, Jezi se solisyon! Nan Jan 8 :12 Jezi di : « Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa. »

Eske ou konn santi tankou pot lavi a fèmen sou ou? Eske ou te eseye anpil pot, epi aprè yon pakèt efo ou rann ou kont ke w toujou santi yon gwo vid ,e ke laviw toujou pa gen sans ? Eske ou ap chache yon vi ki chaje ak bel akonplisman ? Si wi, Jezi se solisyon an! Nan Jan 10 :9 Jezi te deklare: "Mwen se pot la; nenpot moun ki pase pa mwen ,ap sove " (Jan 10:9).

Eske lot moun toujou ap bat pou yo abesew ? Eske relasyon ou ansanm ak lot moun toujou sanble tèr a tèr oubyen raz? Eske li sanble tankou tout moun ki antourew ap eseye pran avantaj de ou? Si se wi, Jezi se chemen an! Jan 10:11, 14 Jezi di: Mwen se bon bèje a; Mwen konnen mouton mwen yo e mouton mwen yo konnen mwen"

Eske w konn ap reflechi kisa ki genyen apre lavi sa a? Eske w santi fatige viv sèlman pou bagay ki pa gen okenn enpotans ? Eske pafwa ou mande tèt ou si lavi sa gen okenn sans ? Eske ou ta renmen viv apre ou fin mouri? Si wi, Jezi se solisyon an. Nan Jan 11:25-26, Jezi di : "Mwen se rezireksyon an ak lavi a. Moun ki kwe nan mwen ap viv, menm si li mouri; epi nenpot moun ki vivan epi ki kwè nan mwen pap janm mouri.

Kote vre chemen an ye? Kisa ki verite a? Kisa lavi a ye? Nan Jan 14:6 Jezi di "Mwen se chemen an, verite a ak lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase pa mwen" .

Grangou ou santi a, se yon grangou espirityel li ye , epi se selman Jezi ki ka satisfe li . Se Jezi sèl ki ka retire fenwa nan vi’w. Jezi se pot pou yon vi ki chaje ak sans , pot pou yon vi ki chaje ak satisfaksyon. Jezi se zanmi ou tap chèche a , bon bèje ou bezwen an. Jezi se lavi a-nan mond sa a ak nan mond kap vini an. Jezi se sel fason pou nanm ou sove !

Rezon ki fe ou santi ou grangou a, rezon ki fe ke ou santi kew pedi nan fenwa, rezon ki fe ou pa ka jwenn sans laviw , se ke ou pa gen relasyon ak Jezi. Bib la di nou ke nou tout fè peche, epi se sa ki kraze zanmitay nou ak Bondye (Eklezyas 7:20; Romen 3:23). Vid sa ou santi nan kew la , se Bondye ki manke nan lavi ou. Bondye te kreye nou pou nou te gen bon jan relasyon avek li .Apre lom fin peche,relasyon sa a vin kraze. Romen 6:23; Jan 3:36).sak pi mal la,se ke peche nou yo lakoz ke nou separe ak Bondye pou tout letenite, non selman nan lavi sa a, men tou nan lavi kap vini an.

Ki jan pwoblem sa a ka rezoud? Jezi se chemen delivrans lan! Jezi te pran peche nou sou tèt li (2 Korentyen 5:21). Jezi te mouri nan plas nou (Romen 5:8), pran pinisyon nou merite a. Twa jou apre, Jezi leve soti vivan nan lanmo, li pwouve viktwa li sou peche ak lanmo (Romen 6:4-5). Poukisa li te fè sa? Jezi reponn kesyon sa a menm nan Jan 15 :13: " Pa gen pi bon jan pou’w moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo» . Jezi te mouri pou nou menm nou te ka viv. Si nou mete lafwa nou nan Jezi, epi kwè nan lanmo li kom pèman pou peche nou yo, tout peche nou yo va jwenn padon . Lè sa a, grangou espirityel nou yo ap satisfè. Limye li a va briye nan nou. Nou va genyen yon vi ranpli ak sans . Leu sa nou va konnen toutbonvre pi bon zanmi nou an ,pi bon bèje nou an ki se jezi. Le sa ou a va gen asirans ke wap gen aksè a la vi etenèl la tout bon vre. Jan li ekri nan Jan 3 :16 Bondye Papa telman renmen nou, li bay sèl grenn Pitit li a, tout moun ki kwe nan Li pap peri ,men yo va jwenn la vi éternel la.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa plan Sali-a ye / chemen Sali-a?
© Copyright Got Questions Ministries