settings icon
share icon
Kesyon

Kiyès ki te pitit gason Bondye yo ak pitit fi lèzòm nan Jenèz 6:1-4?

Repons


Jenèz 6:1-4 fè referans sou pitit gason Bondye yo ak pitit fi lèzòm yo. Gen plizyè sijesyon ki fèt sou kiyès ki te pitit gason Bondye yo ye ak poukisa timoun yo te genyen ak pitit fi lèzòm yo te grandi pou fè yon ras (jeyan) (se sa mo Nefilim lan ta sanble endike).

Twa (3) opinyon prensipal sou idantite pitit gason Bondye yo se: 1) yo te zanj ki te tonbe soti nan syèl la, 2) yo te chèf pwisan ki tap dirije moun, oswa 3) yo te pitit pitit Bondye Sèt ki te marye ak desandan mechan Kayen yo. Sa ki bay premye teyori a pwa a se lefèt ke nan Ansyen Testaman an fraz "pitit gason Bondye yo" toujou refere a zanj (Jòb 1:6; 2:1; 38:7). Matye 22:30 prezante yon gwo pwoblèm sou sa, li endike ke zanj pa marye. Bib la pa ba nou okenn rezon ki fè nou kwè ke zanj yo gen yon sèks oswa yo kapab repwodui. De (2) lòt opinyon yo pa prezante pwoblèm sa a.

Feblès nan opinyon 2) ak 3) se ke gason òdinè imen marye ak femèl (fi) òdinè imen pa di poukisa pitit yo te "gran" oswa "ansyen ewo, moun ki te gen renome." Pli lwen, poukisa pou Bondye ta deside fè inondasyon an sou tè a (Jenèz 6:5-7) lè Bondye pat janm defann gason pwisan oswa desandan Sèt pou yo pat marye ak fi òdinè imen oswa pitit pitit Kayen? Jijman kap vini an nan Jenèz 6:5-7 la lye nan sa ki te pase nan Jenèz 6:1-4. Sèlman obsèn, maryaj peves zanj yo ki te tonbe ak fanm imen yo ki ta sanble jistifye yon jijman di konsa.

Jan nou te deja remake, feblès nan premye opinyon an se ke Matye 22:30 deklare, "Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la." Sepandan, tèks la pa di" zanj yo pa kapab marye. "Olye de sa, li endike sèlman ke zanj pa marye. Dezyèmman, Matye 22:30 refere "zanj ki nan syèl la." Li pa refere a zanj yo ki tonbe a, ki pa okipe sou lòd ak prensip kreyasyon Bondye a epi kap chache fason pou deranje plan Bondye a. Lefèt ke zanj Bondye yo pa marye oswa angaje yo nan relasyon seksyèl pa vle di menm bagay la tou se verite sou Satan ak demon li yo.

Opinyon 1) se pozisyon ki gen plis chans. Wi, li se yon "kontradiksyon" entèresan pou di ke zanj yo pa gen sèks epi pou’w di ke "pitit gason Bondye yo" se zanj ki te tonbe ki t'al nan relasyon ak fanm imen. Sepandan, pandan ke zanj yo se èt espirityèl (Ebre 1:14), yo ka parèt nan fòm moun, fizikman (Mak 16:5). Mesye Sodòm ak Gomò yo te vle fè sèks ak de (2) zanj ki te avèk Lo yo (Jenèz 19:1-5). Li posib ke zanj yo kapab pran fòm kò imen, menm nan pwen pou replike seksyalite imen ak petèt menm repwodiksyon. Poukisa zanj yo ki te tonbe a pa fè sa pi souvan? Li sanble ke Bondye te anprizone zanj sa yo ki te tonbe a ki te komèt move peche sa a, konsa ke lòt zanj yo ki te tonbe a pa ta fè menm bagay la tou (jan sa dekri nan Jude 6). Ansyen entèprèt Ebre yo ak apokrif ak ekriti pseudopigraphal yo dakò ansanm ke zanj yo ki te tonbe a se "pitit gason Bondye yo" ki mansyone nan Jenèz 6:1-4. Sa a pa vle di ke deba a fèmen. Sepandan, opinyon ke Jenèz 6:1-4 enplike zanj ki te tonbe yo ki t’ale kouche ak fanm imen yo gen yon gwo kontèks, gramatikal, ak baz istorik.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kiyès ki te pitit gason Bondye yo ak pitit fi lèzòm nan Jenèz 6:1-4?
© Copyright Got Questions Ministries