settings icon
share icon
Kesyon

Kijan mwen ka padone moun ki peche kont mwen?

Repons


Tout moun fè eksperyans de movèz tretman, ofanse, ak peche kont yo nan lavi. Kijan yon Kretyen yo dwe reponn lè ofans sa yo rive yo? Selon Bib la, nou dwe padone lòt moun. Efezyen 4:32 deklare, "Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la." Menm jan an tou, Kolosyen 3:13 pwoklame, "Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou." Sa ki enpòtan nan tou de (2) vèsè sa yo se ke nou dwe padone kwayan parèy nou yo jan Bondye te padone nou. Poukisa nou padone? Paske nou te resevwa padon! Lè nou padone lòt moun, li ta dwe reflete padon Bondye pou nou.

Pou nou kapab padone moun ki peche kont nou, nou dwe dabò konprann padon Bondye a. Bondye pa jis padone tout moun otomatikman san okenn kondisyon-si li te fè sa, pa tap gen okenn lak dife nan Revelasyon 20:14-15. Lè nou byen konprann padon, li enplike ke peche a repanti epi Bondye manifeste lanmou ak gras li, tou lè de (2) pati yo angaje nan konplete padon an. Lanmou ak favè Bondye a la, men repantans lan souvan manke. Kidonk, kòmandman Bib la bay pou nou youn padone lòt pa vle di nou pou’n inyore peche yo. Li vle di nou ak kè kontan, ak anpil gras, tandreman padone moun ki repanti. Nou toujou vle padone lè yo bay opòtinite a. Pa jis sèt (7) fwa, men "swasanndis fwa sèt" (70 x 7) fwa (Matye 18:22). Refize padone yon moun ki mande li demontre resantiman, lapenn, ak kòlè, okenn nan yo se pa karakteristik yon vrè Kretyen.

Padone moun ki peche kont nou mande pou pasyans ak tandans. Legliz la gen kòmandman pou li "pran pasyans ak tout moun" (1 Tesalonisyen 5:14). Nou ta dwe kapab neglije kèk ti ofans pèsonèl. Jezi te di, "Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou" (Matye 5:39). Se pa tout "kalòt nan figi a" ki bezwen yon repons.

Pou padone moun ki ofanse nou mande pou pouvwa transfòmasyonèl Bondye a nan lavi nou. Gen yon bagay nan nati imen ki swaf pou tire revanj ak ankouraje vanjans. Nou natirèlman vle fè yon moun soufri menm kalite lapenn yo koz nou, konsa yon grenn je pou yon je ta sanble yon bagay ki jis. Nan Kris la, sepandan, nou resevwa pouvwa pou nou renmen lènmi nou yo, fè byen pou moun ki rayi nou yo, beni moun ki madichonnen nou, epi priye pou abizè yo (gade Lik 6:27-28). Jezi ba nou yon kè ki dispoze padone e ki gen kapasite pou sa.

Padone moun ki ofanse nou vin pi fasil lè nou konsidere tout sa Bondye fè pou padone peche nou yo. Nou menm ki te resevwa favè Bondye a pa gen dwa kenbe pa padone lòt moun. Nou te peche kont Bondye enfiniman plis pase nenpòt moun te ka peche kont nou. Parabòl Jezi a nan Matye 18:23-35 se yon ilistrasyon pwisan sou verite sa a.

Bondye pwomèt ke, lè nou vin jwenn li mande pou padon, li libman akòde li (1 Jan 1:9). Gras la nou pwolonje bay moun ki chache padon nou yo ta dwe disponib menm jan an (Lik 17:3-4).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan mwen ka padone moun ki peche kont mwen?
© Copyright Got Questions Ministries