settings icon
share icon
Kesyon

Kisa k’ap pase ak moun ki pa janm gen chans tande pale de Jezi?

Repons


Tout moun gen responsabilite devan Bondye menm si yo pa janm « tande pale de Li. » Bib la di nou ke Bondye revele tèt li klèman nan lanati (Women 1:20) ak nan kè moun (Eklezyas 3:11). Pwoblèm lan se ke ras imen an se pechè; nou tout rejte konesans sa a epi fè rebèl kont Bondye (Women 1:21-23). Si se pat pou favè Bondye a, nou tout tap tonbe swiv dezi peche nan kè nou yo, ki pèmèt nou dekouvri ki jan lavi a difisil epi mizerab san Bondye. Li fè sa pou moun yo ki toujou rejte Li (Women 1:24-32).

An reyalite, pyès moun pa ka di ke yo pa janm tande pale de Bondye. Olye de sa, pwoblèm nan se ke yo te rejte sa yo te tande a, yon bagay ke yo ka wè trè fasil nan lanati. Deteronòm 4:29 di nou, «Men, lè sa a, n'a pran chache Seyè a, Bondye nou an. Si nou chache Li ak tout kè nou, n'a jwenn Li.» Vèsè sa a anseye nou yon prensip enpòtan. Tout moun ki vrèman ap chèche Bondye ap jwenn Li. Si yon moun vrèman vle konnen Bondye, Bondye ap fè moun nan konnen Li.

Pwoblèm lan se « pa gen okenn moun ki konprann, pa gen moun k’ap chèche Bondye » (Women 3:11). Moun yo rejte konesans Bondye a ki prezan nan lanati ak nan pwòp kè yo, epi olye de sa, yo deside adore yon « dye » ke yo fè pou pwòp tèt yo. Se ta yon foli pou ta pale de Bondye voye yon moun nan lanfè ki pat janm gen opòtinite pou tande bon nouvèl Kris la. Tout moun gen yon responsabilite devan Bondye pou sa Bondye revele yo. Bib la di ke moun yo rejte konesans sa a, se poutèt sa Bondye gen dwa pou Li kondane yo nan lanfè.

Olye pou n’ap fè deba sou sò moun ki pa janm tande pale de Bondye, nou menm, kòm Kretyen, ta dwe fè tout sa nou kapab pou asire ke tout moun tande pale de Bondye. Nou resevwa lòd pou nou gaye levanjil la nan tout nasyon yo (Matye 28:19-20; Travay 1:8). Nou konnen ke gen moun ki rejte konesans Bondye revele yo a nan lanati, se pou tèt sa nou dwe motive pou nou pwoklame bòn nouvèl sali a atravè Jezi kris. Sèlman lè yon moun aksepte favè Bondye a nan Seyè Jezi Kris la ke moun sa’a ka sove anba peche li yo epi sove soti nan yon letènite separe ak Bondye.

Si nou sipoze ke moun ki pa janm tande levanjil la yo gen pitye nan men Bondye, nou pral fè fas ak yon pwoblèm tèrib. Si moun ki pa janm tande levanjil la ap sove, li lojik ke nou ta dwe asire ke pa gen moun ki janm tande bòn nouvèl la. Sa se pi move bagay ke nou te ka fè se pataje levanjil la avèk yon moun epi li te rejte li; si sa ta rive epi li ta kondane. Moun ki pa tande levanjil la dwe kondane. Si se pa sa, pa gen okenn motivasyon pou nou fè evanjelizasyon. Poukisa pou nou ta riske yon moun ki ta rejte levanjil la epi kondane tèt yo lè yo te deja sove paske yo pat janm tande levanjil la?

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa k’ap pase ak moun ki pa janm gen chans tande pale de Jezi?
© Copyright Got Questions Ministries