settings icon
share icon
Kesyon

Ki orijin diferan ras yo?

Repons


Bib la pa klèman ba nou orijin diferant "ras yo" oswa koulè po nan limanite. An reyalite, gen yon sèl ras—ras imen an. Nan ras imen an gen divèsite nan koulè po ak lòt karakteristik fizik. Gen kèk moun ki espekile pou di ke lè Bondye te konfonn lang yo nan gwo kay won (tou de Babèl) nan Babèl (Jenèz 11:1-9), Li te tou kreye divèsite rasyal. Li posib ke Bondye te fè chanjman jenetik nan limanite pou pèmèt moun siviv pi byen nan diferan ekoloji, tankou po moun nwa fonse Afriken yo pi byen ekipe jenetikman pou siviv gwo chalè di a nan Lafrik. Daprè opinyon sa a, Bondye konfonn lang yo, sa ki lakòz pou limanite segrege lengwistikman, epi kreye diferans jenetik rasyal ki baze sou kote chak gwoup rasyal ta evantyèlman abite. Pandan ke sa posib, pa gen okenn baz eksplisit biblik pou opinyon sa. Ras yo / koulè po moun pa mansyone okenn kote an koneksyon avèk gwo kay won nan Babèl la.

Apre inondasyon an, lè diferant lang yo te vin egziste, gwoup ki pale yon sèl lang te deplase ak lòt moun ki te pale menm lang lan. Konsa atravè letan, nou wè ke posibilite pou (pisin jèn) regwoupman pou yon gwoup espesifik diminye dramatikman lè gwoup sa pa gen okenn popilasyon pou yo melanje avèk yo. Konsa yo rive repwodwi antre yo, konsa atravè letan, yo te rive mete sèten aksan sou karakteristik sa yo sou chak gwoup diferan (tout sa yo ki te prezan kòm yon posibilite nan kòd jenetik la). Kòm yo kontinye fè afè ak moun ki plis pwòch yo atravè jenerasyon yo, posibilite pou agrandi pisin jèn yo a te vin pi piti, nan pwen ke tout moun nan yon sèl lang tout te gen menm karakteristik yo oswa resanble youn ak lòt.

Yon lòt eksplikasyon se ke Adan ak Èv te posede (jèm) pou pwodwi pitit nwa, mawon, ak blan (ak tout lòt posibilite). Sa a ta sanble ak kijan de moun ki gen ras melanje, pafwa fè timoun ki gen koulè varye. Pliske Bondye evidamman te vle limanite gen divès aparans, li fè sans ke Bondye ta bay Adan ak Èv kapasite pou pwodwi timoun ki gen po diferan. Apre sa, sèlman moun ki te si viv nan gwo inondasyon an se te Noye ak madanm li, twa (3) pitit gason Noye yo ak madanm yo— uit (8) moun an tou (Jenèz 7:13). Petèt bèl fi Noye yo te soti nan diferan ras. Li posib tou ke madanm Noye a te soti nan yon ras diferan ak Noye. Petèt tout uit (8) nan yo te soti nan ras melanje, ki ta vle di ke yo posede jenetik pou pwodwi timoun nan diferan ras. Kèlkeswa eksplikasyon an, aspè ki pi enpòtan nan kesyon sa a se ke nou tout se menm ras la, nou tout kreye pa menm Bondye a, nou tout te kreye pou menm objektif—pou fè lwanj li.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki orijin diferan ras yo?
© Copyright Got Questions Ministries