settings icon
share icon
Kesyon

Ki objektif legliz la?

Repons


Nou kapab konsidere Travay 2:42 kòm deklarasyon ki dekri objektif legliz la: "Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè." Daprè vèsè sa a, objektif/ travay legliz la ta dwe 1) anseye doktrin biblik, 2) kreye yon plas pou pèp Bondye reyini, 3) obsève Repa Seyè a (Sentsèn), ak 4) lapriyè.

Legliz la dwe anseye doktrin biblik pou nou ka ranfòse lafwa nou. Efezyen 4:14 di nou, "Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti." Legliz la se yon plas pou pèp Bondye a reyini, kote Kretyen yo ka konsakre youn ak lòt epi sipòte youn ak lòt (Women 12:10), enstwi youn ak lòt (Women 15:14), aji byen ak gen konpasyon youn pou lòt (Efezyen 4:32), ankouraje youn ak lòt (1 Tesalonisyen 5:11), epi sa ki pi enpòtan se renmen youn lòt (1 Jan 3:11).

Legliz la se yon plas kote kwayan yo kapab obsève Sentsèn, sonje lanmò Kris la ak san li ki te koule nan plas nou (1 Korent 11:23-26). Konsèp "kase pen" an (Travay 2:42) pataje tou lide pou nou manje ansanm. Sa a se yon lòt egzanp nan legliz la ki montre kòman pèp Bondye viv ansanm. Objektif final legliz la selon Travay 2:42 se lapriyè. Legliz la se yon kote ki ankouraje lapriyè, anseye lapriyè, ak pratike lapriyè. Filipyen 4:6-7 ankouraje nou, "Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l' mèsi tou lè n'ap lapriyè.7 Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l', bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri."

Yon lòt responsabilite legliz la genyen se pwoklame levanjil sali a nan Jezi Kris la (Matye 28:18-20; Travay 1:8). Bondye rele legliz la pou li fidèl pou pataje levanjil la atravè pawòl yo ak sa y’ap fè. Legliz la se yon "fa" nan kominote a, pou montre moun yo direksyon Seyè nou an ak Sovè Jezi Kris la. Legliz la la pou preche levanjil la epi prepare kwayan li yo pou fè konnen bòn nouvèl la (1 Pyè 3:15).

Jak 1:27 ba nou kèk lòt rezon final nan objektif legliz la, li di konsa: "Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou." Travay legliz la se pou sèvi moun ki nan bezwen. Sa pa sèlman enkli pataje levanjil la, men tou pran swen bezwen fizik tankou (manje, rad, kay) daprè bezwen ki genyen an. Objektif la Legliz la tou se pou ekipe kwayan yo nan Kris la ak zouti yo bezwen pou konbat peche san yo pa lage tèt yo nan polisyon mond lan. Nou ka fè sa atravè ansèyman biblik ak lè nou rete ansanm nan kominyon youn ak lòt.

Kidonk, ki objektif legliz la? Pòl te bay Kretyen yo nan Korent yon bèl egzanp. Legliz la se men Bondye, bouch, ak pye li nan mond sa - kò Kris la (1 Korent 12:12-27). Nou dwe fè menm bagay sa yo ke Jezi Kris la ta fè si li te isit la fizikman sou tè a. Legliz la se pou nou yon "Kretyen," se pou nou " tankou Kris la," epi moun k’ap swiv Kris la.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki objektif legliz la?
© Copyright Got Questions Ministries