settings icon
share icon
Kesyon

Kisa Bib la di sou move lespri yo?

Repons


Demon yo se zanj kite tonbe yo, tankou Revelasyon 12:9 endike: " o jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo. " Nou ka wè ke Ezayi 14:12-15 ak Ezekyèl 28:12-15 dekri senbolikman Satan ki tonbe soti nan syèl la. Lè’l te tonbe, Satan pran kèk nan zanj yo avè’l, yon tyè nan yo, daprè Revelasyon 12:4. Jid 6 tou mansyone zanj ki te peche. Se konsa, daprè Bib la, move lespri yo se zanj ki te tonbe, ki ansanm ak Satan, te chwazi pou fè rebèl kont Bondye.

Gen kèk nan move lespri yo ki deja fèmen "Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase." (Jid 1:6) pou peche yo. Lòt nan yo lib, y’ap mache, Bib la fè referans ak yo kòm "move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a" nan Efezyen 6:12 (cf. Kolosyen 2:15). Demon yo toujou swiv Satan kòm lidè yo epi yo fè batay ak zanj Bondye yo, y’ap eseye pou kontwole plan Bondye a ak anpeche pèp Bondye a (Danyèl 10:13).

Demon, kòm èt lespri, gen kapasite pou pran posesyon yon kò fizik. Yon moun posede pa yon demon lè kò moun sa a konplètman kontwole pa yon move lespri ki antre sou li. Sa a pa ka rive yon pitit Bondye, paske Sentespri a abite nan kè moun ki kwè nan Kris la (1 Jan 4:4).

Jezi, pandan ministè li sou tè a, li te rankontre anpil move lespri. Natirèlman, pa youn nan yo te ka kanpe devan pouvwa Kris la: " Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou" (Matye 8:16). Otorite Jezi sou demon yo se te youn nan prèv yo ke li te tout bon vre Pitit Bondye a (Lik 11:20). Move lespri yo ki te rankontre Jezi te konnen kiyès li te ye, e yo te pè li: "Yo [demon yo] tou de pran rele ansanm: Ey, Pitit Bondye a. Kisa nou gen avè ou? Eske ou vin isit la pou fè n' soufri anvan lè nou? " (Matye 8:29). Move lespri yo konnen fen yo se pral yon touman pou yo.

Satan ak demon li yo kounye a eseye pou detwi travay Bondye a ak twonpe nenpòt moun yo kapab (1 Pyè 5:8; 2 Korent 11:14-15). Demon yo dekri tankou move lespri (Matye 10:1), lespri enpi (Mak 1:27), lespri mantè (1 Wa 22:23), ak zanj Satan (Revelasyon 12:9). Satan ak demon li yo twonpe mond lan (2 Korent 4:4), pibliye fo doktrin (1 Timote 4:1), atake Kretyen yo (2 Korent 12:7; 1 Pyè 5:8), ak konbat zanj Bondye yo (Revelasyon 12:4-9).

Demon yo / zanj yo ki te tonbe a se lènmi Bondye, men Bondye deja gen viktwa sou yo . Kris la "dezame pouvwa yo ak otorite yo," epi li "Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la." (Kolosyen 2:15). Pliske nou soumèt devan Bondye epi reziste dyab la, nou pa gen anyen pou nou pè. "Paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo" (1 Jan 4:4).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa Bib la di sou move lespri yo?
© Copyright Got Questions Ministries