settings icon
share icon
Kesyon

Poukisa Bondye kite bagay ki mal rive bon moun yo?

Repons


Sa yo se youn nan kesyon ki pi difisil nan teyoloji. Bondye la pou tout tan, li pap janm fini, li konn tout bagay, li tout kote, li gen tout pouvwa. Poukisa lèzòm (ki pa etènèl, ki pa la pou tout tan, ki pa konn tout bagay, ki pa tout kote, oubyen ki pa gen tout pouvwa) ap atann pou nou konprann tout bagay Bondye fè? Liv Jòb la pale de pwoblèm sa. Bondye te kite Satan fè tout sa li te vle ak Jòb, men Bondye pat ba li dwa touye Jòb. Ki reyaksyon Jòb te genyen? Men sa Jòb 13:15 di, «Bondye te mèt touye m'. Eske m’ap toujou fè li konfyans.» Jòb 1:21 di: “Bondye bay, Bondye pran, lwanj pou Seyè a.” Jòb pat konnen poukisa Bondye te kite sa rive li, men li te konnen Bondye se te yon bon Bondye, li te toujou met konfyans li nan Bondye. Nou ta dwe aji menm jan ak Jòb.

Poukisa bagay ki mal rive bon moun yo? Repons ke Bib la bay se ke pa gen «bon» moun. Bib la mete nou klè, li fè nou konnen ke nou tout peche. Nou kouvri ak tach peche (Eklezyas 7:20; Women 6:23 ; 1Jan 1:8). Women 3:10-18 pat ka pi klè sou zafè sa a ki konsène pa gen «bon» moun ki egziste a: «Pa gen moun ki dwat, pa menm gen yon sèl grenn; pa gen moun ki gen bon konprann, pa gen moun kap chache Bondye. Tout moun vire do bay Bondye, yo tout vin pa vo anyen ; pa gen moun ki fè byen, pa menm gen youn. Gòj yo se tankou tonm blanchi ki louvri; lang yo se twonpe yap twonpe moun sèlman. Lang yo se pwazon. Bouch yo se pou yo bay moun madichon epitou di tout bagay sal. Yo rapid pou yo touye moun, men lavi yo gen pou pase mal epi yap toujou nan lamizè epi yo pa konnen chemen lapè a. Yo pap janm gen krentif pou Bondye.» Tout moun sou tè sa merite pou yo ta jete yo nan lanfè kounye a menm. A chak segond nou fè nou vivan se gras Bondye fè nou. Menm mizè ki pi tèrib nou ta ka pase sou tè sa pa ka konpare ak sa nou merite, se lanfè etènèl nou merite.

Yon pi bon kesyon pou nou ta poze se sa a: « Poukisa Bondye kite bon bagay yo rive move moun yo?» Women 5:8 di : «Sou pwen sa Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou tap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.» Malgre mal nou fè, mechanste, nati pechrès moun nan mond sa, Bondye toujou renmen nou. Li si tèlman renmen nou, li mouri pou peye dèt peche nou yo (Women 6:23). Si nou resevwa Jezi Kri kòm Sovè nou (Jan 3:16; Women 10:9) l’ap padonnen nou epi lap pwomèt nou yon kay pou tout tan nan syèl la (Women 8:1). Sa nou merite se lanfè. Sa Bondye ba nou se lavi etènèl si nou vin jwenn Kris la nan lafwa.

Wi, pafwa gen bagay mal ki konn rive moun ki ta sanble yo pa merite pou sa ta rive yo. Men Bondye kite yo rive yo pou rezon pa li menm si yo paka fin konprann pou kisa sa rive. Apre tout bagay, nou dwe toujou sonje ke Bondye bon, li jis, li gen renmen, epi li gen pitye. Anpil fwa gen bagay ki rive nou ke nou pa menm ka konprann. Olye pou nap fè dout sou bonte Bondye, nou dwe kwè nan li. Pwovèb 3:5-6 di nou : « Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade ak tout kè ou epi pa apiye sou sa ou konnen. Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.»

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Poukisa Bondye kite bagay ki mal rive bon moun yo?
© Copyright Got Questions Ministries