settings icon
share icon
Kesyon

Ki sa Bib la di sou maryaj entèrasyal?

Repons


Lwa Ansyen Testaman yo te kòmande moun pèp Izrayèl yo pou yo pa angaje yo nan maryaj ak lòt ras (Detewonòm 7:3-4). Sepandan, rezon pou kòmandman sa a pa t koulè po oswa gwoup etnik. Olye sa, se te yon rezon relijye. Rezon ki fè Bondye te pase lòd kont maryaj entèrasyal pou jwif yo se paske moun lòt ras yo te konn adorate zidòl. Moun pèp Izrayèl yo t ap pèdi chemen Bondye si yo te marye ak moun ki t ap adore zidòl, payen, oswa sovaj yo. Sa a se egzakteman sa ki te pase nan peyi Izrayèl la, daprè Malachi 2:11.

Gen yon prensip ki sanble ak pite espirityèl ki ekspoze nan Nouvo Testaman an, men li pa gen anyen poun wè ak ras: "Pinga nou mare ansanm ak moun ki pa konvèti yo. Kisa fè byen gen an komen ak mechanste? Oubyen kijan limyè ka asosye li ak fènwa?" (2 Korentyen 6:14). Menm jan moun pèp Izrayèl yo (sila a ki kwè nan yon sèl vrè Bondye yo) yo te bay lòd pa marye moun k ap sèvi zidòl, kidonk kretyen yo (kwayan nan sèl Bondye tout bon an) resevwa kòmandman pa marye ak moun ki pa konvèti. Bib la pa janm di maryaj ant nasyon yo mal. Nenpòt ki moun ki entèdi maryaj ant nasyon rive fè sa san otorite Labib.

Jan Martin Luther King, Jr. te note sa, yo ta dwe pase yon moun anba jijman dapre karaktè li non pa dapre koulè po li. Pa gen okenn plas nan lavi yon kretyen pou patipri ki baze sou ras (Jak 2:1-10). An reyalite, pèspektiv biblik lan se konen gen yon sèl "ras", ras moun, tout moun soti nan Adan ak Èv. Lè w ap chwazi yon konpayon, yon kretyen ta dwe dabò konnen si konpayon an se yon moun ki fèt yon dezyèm fwa nan lafwa nan Jezikri (Jan 3:3-5). Lafwa nan Kris la, pa koulè po, se estanda biblik lan lè w ap chwazi yon mari oswa yon madanm. Maryaj entèrasyal se pa yon kesyon bon osinon pa bon, men se yon kesyon sajès, disènman ak lapriyè.

Yon koup ki konsidere maryaj dwe reflechi sou anpil faktè. Pandan yo pa ta dwe inyore yon diferans nan koulè, li absoliman pa ta dwe faktè ki pou detèmine si yon koup ta dwe marye. Yon koup entèrasyal ka fè fas a diskriminasyon ak betiz, epi yo ta dwe prepare pou reponn a prejije sa yo nan yon fason biblik. "Pa gen okenn diferans ant jwif ak moun lòt nasyon yo, menm Seyè a se Seyè tout moun e Li beni tout moun ki rele L" (Women 10:12). Yon legliz daltonyen ak/oswa yon maryaj kretyen entèrasyal kapab yon gwo ilistrasyon egalite nou nan Kris la.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki sa Bib la di sou maryaj entèrasyal?
© Copyright Got Questions Ministries