settings icon
share icon
Kesyon

Kiyès ki te madan Kayen? Eske madanm Kayen te sè l?

Repons


Bib la pa di espesyalman kiyès madanm Kayen te ye. Sèl repons posib se madanm Kayen te sè li oswa nyès oswa pitit nyès li, elatriye. Bib la pa di ki laj Kayen te genyen lè li te touye Abèl (Jenèz 4:8). Pliske yo tou de te kiltivatè, te gen anpil chans pou yo te de granmoun ki fin grandi, petèt yo te gen pwòp fanmi yo. Adan ak Èv siman te fè plis timoun apa Kayen ak Abèl nan moman Abèl te mouri an. Yo definitivman te gen plis timoun apre (Jenèz 5:4). Lefèt Kayen te pè pou pwòp lavi li apre li te touye Abèl (Jenèz 4:14) endike te gen chans pou anpil lòt timoun ak petèt menm pitit pitit Adan ak Èv ki te deja ap viv nan moman sa a. madanm Kayen an (Jenèz 4:17) se te yon pitit fi oswa pitit pitit fi Adan ak Èv.

Pliske Adan ak Èv te premye (e sèl) moun, timoun yo pat gen okenn chwa apa marye youn ak lòt. Bondye pa t anpeche maryaj ant fanmi jouk pita nèt lè te gen moun pou rann maryaj ant fanmi yon bagay ki pa nesesè ankò (Levitik 18:6-18). Rezon ki fè ensès jodi a souvan debouche sou anomali jenetik se paske lè de moun ki gen jèn ki sanble (pa egzanp, yon frè ak sè) gen timoun ansanm, gen yon gwo risk pou karakteristik resesif yo vin dominan. Lè moun ki soti nan fanmi diferan gen timoun, li trè difisil pou tou de paran yo ta pote menm karakteristik resesif yo. Kòd jenetik lòm lan vin "polye" chak jou pi plis pandan syèk yo ofi amezi domaj jenetik yo ap miltipliye, anplifye, ak pase desann de yon jenerasyon al nan yon lòt. Adan ak Èv pa t gen okenn domaj jenetik, e sa te pèmèt yo ansanm ak premye jenerasyon desandan yo pou yo te gen yon pi bon kalite sante pase sa nou genyen kounye a. Pitit Adan ak Ev yo te gen kèk, oubyen petèt pat gen okenn domaj jenetik. Kòm rezilta, li te san danje pou yo pou te marye youn ak lòt.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kiyès ki te madan Kayen? Eske madanm Kayen te sè l?
© Copyright Got Questions Ministries