settings icon
share icon
Kesyon

Èske kretyen yo oblije obeyi lalwa ki nan Ansyen Testaman an?

Repons


Kle pou konprann pwoblèm sa a se konnen yo te fè lalwa ki nan Ansyen Testaman pou pèp Izrayèl lan, e non pou kretyen. Gen kèk nan lwa yo ki te fèt pou revele pèp Izrayèl lan kijan pou yo obeyi ak fè Bondye plezi (Dis kòmandman yo, pa egzanp). Gen kèk nan lwa yo ki te fèt pou montre pèp Izrayèl lan kijan pou yo adore Bondye ak jwenn padon pou peche (sistèm sakrifis lan). Gen kèk nan lwa yo ki te la pou diferansye pèp Izrayèl lan pami lòt peyi yo (prensip sou manje ak abiman yo). Okenn nan lwa ki nan Ansyen Testaman yo pa obligatwa pou kretyen yo jodi a. Lè Jezi te mouri sou kwa a, Li mete yon fen nan lalwa Moyiz ki nan Ansyen Testaman an (Women 10:4; Galat 3:23-25; Efezyen 2:15).

Nan plas lwa ki nan Ansyen Testaman an, nou anba lalwa Kris la (Galat 6:2), ki se "renmen Seyè a, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout panse ou... epi renmen pwochen ou menm jan ou renmen tèt ou" (Matye 22:37-39). Si nou obeyi de kòmandman sa yo, nou ap akonpli tout sa Kris la egzije nan nou yo: "Tout lwa yo ak pwofèt yo chita sou de kòmandman sa yo" (Matye 22:40). Koulye a, sa pa vle di lwa Ansyen Testaman yo pa pètinan jodi a. Anpil nan kòmandman Ansyen Testaman yo tonbe nan kategori "renmen Bondye" ak "renmen pwochen ou." Lwa Ansyen Testaman kapab yon gid pou ou konnen kijan pou ou renmen Bondye epi konnen kisa ki antre nan renmen pwochen ou. An menm tan an, di lalwa Ansyen Testaman aplike ak kretyen jodi a yo pa kòrèk. Lwa nan Ansyen Testaman an se yon inite (Jak 2:10). Swa tout aplike, oswa okenn nan yo pa aplike. Si Kris la akonpli kèk nan yo, tankou sistèm sakrifis lan, Li akonpli tout.

"Sa a se lanmou pou Bondye: yo obeyi kòmandman’ L yo. Epi kòmandman’ l yo pa lou pou pote" (1 Jan 5:3). Dis kòmandman yo te esansyèlman yon rezime tout lwa ki nan Ansyen Testaman an. Nèf nan Dis kòmandman yo repete a klè nan Nouvo Testaman an (tout eksepte kòmandman pou obsève jou Saba a). Li evidan, si nou renmen Bondye, nou pa pral adore fo bondye yo oswa bese tèt nou devan tout vye zidòl. Si nou renmen pwochen nou yo, nou pa pral touye yo, ba yo manti, fè adiltè kont yo, oswa gen pote anvi sou sa ki pou yo. Objektif lwa ki nan Ansyen Testaman an se pou pòte moun dakò de enkapasite yo pou respekte lalwa a epi fè yo wè ke yo bezwen Jezikris kòm Sovè yo (Women 7:7-9; Galat 3:24). Bondye pat janm fè lwa Ansyen Testaman yo pou yo te lwa inivèsèl pou tout moun pou tout tan. Nou dwe renmen Bondye epi renmen pwochen nou yo. Si nou obeyi de kòmandman sa yo fidèlman, nou ap konfime tou sa Bondye egzije nan nou.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske kretyen yo oblije obeyi lalwa ki nan Ansyen Testaman an?
© Copyright Got Questions Ministries