settings icon
share icon
Kesyon

Kilè / Kijan nou resevwa Sentespri a?

Repons


Apot Pòl te byen anseye klè ke nou resevwa Sentespri a nan moman nou resevwa Jezi Kris kòm Sovè nou an. 1Korentyen 12:13 di: “Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou’n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.” Women 8:9 di nou ke si yon moun pa posede Sentespri a, li pa fè pati Kris la: «Pou nou menm, nou p’ap viv daprè egzijans kò nou ankò, men daprè egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.» Efezyen 1:13-14 anseye nou ke Sentespri a se so sali a pou tout moun ki kwè: «Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, ki vle di bòn nouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye delivre nou an, nou te mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm nan Kris la tou. Bondye te make nou ak letanp li tou, li ban nou Sentespri li te pwòmèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwòmèt li t'ap bay pèp li a. Sa ba nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa’l yo nèt. Se sak fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.»

Twa (3) pasaj sa yo fè nou wè klè ke nou resevwa Sentespri a nan moman ke delivrans nou an (lè nou aksepte Jezi). Pòl pat kapab di ke nou tout te batize pa yon sèl Sentespri a, epi nou tout te resevwa yon sèl Sentespri a pou nou bwè si se pa tout kwayan yo nan Korent ki te resevwa Sentespri a. Women 8:9 menm pi fò, li di konsa ke si yon moun pa gen Lespri Bondye a, li pa fè pati Kris la. Se poutèt sa, lè’w posede Lespri a, li se yon faktè ki idantifye ke ou resevwa delivrans lan. Pou nou ale pi lwen, Sentespri a pat kapab « so ki sele delivrans la » (Efezyen 1:13-14) si nou pat resevwa li nan moman ke nou te delivre a. Anpil vèsè nan Bib la fè li plis klè ke delivrans nou an garanti nan moman ke nou resevwa Kris la antanke Sovè.

Diskisyon sa a se yon diskisyon ki kontwovèsyal paske ministè Sentespri a se pa yon bagay moun konprann souvan. Nou resevwa Sentespri a, li rete nan nou nan moman ke nou te delivre a. Ranpli ak Lespri Bondye a se yon pwosesis k’ap kontinye nan lavi Kretyen yo. Pandan ke nou kwè ke batèm Sentespri Bondye a te rive nan moman an nou te delivre a, gen kèk Kretyen ki pa kwè sa. Yonn nan rezon ki lakòz konfizyon sa a se paske gen moun ki konprann batèm Sentespri a pou «resevwa Sentespri a » kòm yon bagay ki vin apre yo fi’n delivre.

Pou nou fini, kijan nou resevwa Sentespri a? Nou resevwa Sentespri a senpleman lè nou resevwa Seyè Jezi Kris la kòm Sovè nou an (Jan 3:5-16). Kilè nou resevwa Sentespri a? Sentespri a vin rete pèmanan nan nou nan moman nou kwè.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kilè / Kijan nou resevwa Sentespri a?
© Copyright Got Questions Ministries