settings icon
share icon
Kesyon

Kisa sa vle di pou’w lapriyè nan non Jezi?

Repons


Jan 14:13-14 anseye nou pou nou lapriyè nan non Jezi ; li di konsa, "Tou sa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou, pou Pitit la ka fè wè pouvwa Papa a. Nenpòt kisa n'a mande nan non m', m'a fè l' pou nou." Gen kèk fwa vèsè sa a mal aplike, gen moun ki panse ke si li di "nan non Jezi" nan fen yon priyè konsa lap lakòz Bondye toujou bay sa li mande a. Sa a se kòmsi nou trete mo "nan non Jezi" esansyèlman kòm yon fòmil majik. Sa a pa absoliman biblik.

Lapriyè nan non Jezi vle di lapriyè avèk otorite li epi mande Bondye Papa a pou li aji sou priyè nou a paske nou vini nan non Jezi, Pitit li a. Priye nan non Jezikri vle di menm bagay ak priye selon volonte Bondye a, "Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la"(1 Jan 5:14-15). Lapriyè nan non Jezi a se priye pou bagay ki pral onore ak glorifye Jezi.

Lè’w di "nan non Jezi" nan fen yon priyè se pa yon fòmil majik. Si sa nou mande a oswa di nan priyè se pa pou laglwa Bondye ak selon volonte li, lè’w di "nan non Jezi" vin san valè. Vrèman priye nan non Jezi ak pou glwa li se sa ki enpòtan, se pa atache kèk mo nan fen lapriyè a. Se pa mo yo nan lapriyè a ki esansyèl, men se objektif lapriyè a. Lapriyè pou bagay ki nan akò ak volonte Bondye se esans nan priye nan non Jezi.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa sa vle di pou’w lapriyè nan non Jezi?
© Copyright Got Questions Ministries