settings icon
share icon
Kesyon

Èske lapriyè ankomen enpòtan?

Repons


Lapriyè ankomen se yon pati enpòtan nan lavi legliz la, ansanm ak adorasyon, bon doktrin (verite), kominyon, ak viv ansanm (konpayi). Premye legliz la te toujou rankontre regilyèman pou aprann doktrin apòt yo, manje ansanm, ak lapriyè ansanm (Travay 2:42). Lè nou priye ansanm ak lòt kwayan, efè yo ka trè pozitif. Lapriyè ankomen (ansanm) edifye epi inifye nou jan nou pataje lafwa nou an. Menm Sentespri a ki rete nan chak kwayan lakòz kè nou kontan lè nou tande lwanj pou Seyè a ak Sovè nou an, li mare nou ansanm nan yon amoni inik nan Bondye pou nou viv ansanm, yon bagay nou pap jwenn nan okenn lòt kote nan lavi.

Pou moun ki pou kont yo kap lite ak chay (traka) lavi a, tande lòt moun leve yo moute devan twonn gras Bondye a kapab yon gwo ankourajman. Li tou bati nan nou renmen ak enkyetid pou lòt moun lè nou entèsede pou yo. An menm tan an, lapriyè ankomen vin yon refleksyon nan kè moun ki patisipe yo. Nou dwe vini kote Bondye nan imilite (Jak 4:10), verite (Sòm 145:18), obeyisans (1 Jan 3:21-22), ak aksyon de gras (Filipyen 4:6) ak konfyans (Ebre 4:16). Malerezman, lapriyè ankomen kapab vin yon platfòm pou moun ki pa dirije bay Bondye, men pou moun k’ap koute yo. Jezi te avèti nou kont konpòtman sa yo nan Matye 6:5-8 kote li te ankouraje nou pou nou pa montre, plenyen anpil, oswa ipokrit nan lapriyè nou yo, men pou lapriyè an kachèt nan chanm nou pou nou ka evite tantasyon pou nou sèvi ak lapriyè ipokritman.

Pa gen anyen nan Bib la ki sijere ke lapriyè an group "pi pwisan" pase yon priyè endividyèl nan sans ke li ka deplase men Bondye. Byen souvan anpil Kretyen fè priye egal ak "jwenn bagay nan men Bondye", konsa lapriyè an gwoup vin sitou yon okazyon pou resite yon lis de sa nou vle nan men Bondye. Sepandan, priyè selon Bib la gen plizyè fasad, kap anglobe tout dezi epi antre nan konsyans ak kominyon entim ak Bondye ki sen, pafè, ak jis la. Bondye sa ta panche zòrèy li pou kreyati li yo ki lakòz lwanj ak adorasyon pou vide an abondans (Sòm 27:4; 63:1-8), ki pwodui repantans ak konfesyon sensè (Sòm 51; Lik 18:9-14), ki jenere (prodwi) yon ekspresyon gratitid ak remèsiman (Filipyen 4:6; Kolosyen 1:12), epi kreye priyè sensè ak entèsepsyon pou lòt moun (2 Tesalonisyen 1:11; 2:16).

Lapriyè, lè sa a, se kolabore avèk Bondye pou akonpli plan li a, pa eseye fose li pou fè volonte nou. Kòm nou abandone pwòp dezi nou yo pou soumèt bay yon moun ki konnen sikonstans nou pi byen pase nou te kapab epi ki "konnen sa ou bezwen anvan ou mande" (Matye 6:8), lapriyè nou yo rive nan nivo ki pi wo yo. Lapriyè ki ofri nan soumisyon ak volonte Diven an, se poutèt sa, yo toujou reponn pozitivman, kit yo ofri pa yon sèl moun oswa yon milye.

Lide a ke lapriyè an group yo gen plis chans pou chanje lide Bondye soti lajman nan yon movèz entèpretasyon nan Matye 18:19-20, "Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m' ki nan syèl la va ba yo li. Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo." Vèsè sa yo soti nan yon pi gwo pasaj ki adrese pwosedi yo dwe swiv pou disipline yon manm legliz ki nan peche. Pou entèprete yo kòm pwomès pou kwayan se tankou yon tchèk vid pou tout sa yo ta ka dakò pou mande Bondye, kèlkeswa sa nivo peche oswa san valè, se pa sèlman li pa konfòm ak kontèks disiplin legliz la, men li nye rès Bib la, espesyalman souverènte Bondye.

Anplis de sa, yo kwè ke lè "de (2) oswa twa (3) moun rasanble" pou lapriyè, gen kèk kalite pouvwa tankou majik ki ranfòse otomatikman priyè nou yo, sa pa gen okenn sipò biblik. Natirèlman, Jezi prezan lè de (2) oswa twa (3) ap priye, men li egalman prezan lè yon sèl kwayan priye poukont li, menm si moun sa a separe dè milye e dè milye de moun. Lapriyè an group enpòtan paske li kreye inite (Jan 17:22-23), epi li se yon aspè enpòtan pou kwayan yo ankouraje youn lòt (1 Tesalonisyen 5:11) ak pou mouvmante youn lòt pou renmen ak fè bon zèv (Ebre 10:24).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske lapriyè ankomen enpòtan?
© Copyright Got Questions Ministries