settings icon
share icon
Kesyon

Kisa lapriyè Seyè a ye e èske nou dwe priye’l?

Repons


Lapriyè Seyè a se yon lapriyè Seyè Jezi te anseye disip li yo nan Matye 6:9-13 ak Lik 11:2-4. Matye 6:9-13 di, "Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou. Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la. Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a. Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan."" Anpil moun mal konprann lapriyè Seyè a pou yon lapriyè nou sipoze resite mo pou mo. Gen kèk moun ki trete lapriyè Seyè a kòm yon fòmil majik, tankou si pawòl yo gen kèk pouvwa espesifik oswa enfliyans ak Bondye.

Ansèyman Bib la kontrè de sa. Bondye pi enterese nan kè nou lè nou priye li pase nan pawòl nou yo. "Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou. Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil" (Matye 6:6-7). Nan lapriyè, nou dwe vide kè nou bay Bondye (Filipyen 4:6-7), pa senpleman resite mo nou memorize bay Bondye.

Lapriyè Seyè a ta dwe konprann kòm yon egzanp, yon modèl, nan kijan yo lapriyè. Li ba nou "engredyan yo" ki ta dwe ale nan lapriyè. Men kijan priye a detaye. "Papa nou ki nan syèl la" ap anseye nou moun pou adrese priyè nou yo- ak Papa a. "se pou non ou respekte" di’n pou nou adore Bondye, ak fè lwanj li pou ki moun li ye. Fraz "vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l' nan syèl la" se yon rapèl pou nou ke nou dwe priye pou plan Bondye a nan lavi nou ak mond lan, se pa pwòp plan nou an. Nou dwe priye pou volonte Bondye dwe fèt, se pa pou dezi nou yo. Nou ankouraje mande Bondye pou bagay nou nan bezwen yo "manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a." "Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal." raple nou konfese peche nou yo bay Bondye ak vire do ba yo, ak tou pou padone lòt moun jan Bondye te padonnen nou. Konklizyon Lapriyè Seyè a, "pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan" se yon lapriyè pou ede nou reyalize viktwa sou peche ak yon demann pou pwoteksyon kont atak Satan an.

Se konsa, ankò, lapriyè Seyè a se pa yon lapriyè nou dwe memorize ak resite bay Bondye. Li se sèlman yon egzanp sou fason nou ta dwe priye. Èske gen yon bagay ki mal ak memorize lapriyè Seyè a? Natirèlman pa! Èske gen yon bagay ki mal pou’n itilize lapriyè Seyè a kòm priyè nou bay Bondye? Pa si kè ou nan li epi ou vrèman vle di mo sa yo ou di a. Sonje, nan lapriyè, Bondye pi enterese nan nou kominike avèk li epi pale de kè nou pase Bondye enterese ak mo espesifik nou itilize yo. Filipyen 4:6-7 deklare, "Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l' mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l', bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri."

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa lapriyè Seyè a ye e èske nou dwe priye’l?
© Copyright Got Questions Ministries