settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki lapriyè pechè an?

Repons


Lapriyè pechè an se yon priyè yon moun priye Bondye lè yo konprann yo se yon pechè e yo bezwen yon Sovè. Di lapriyè pechè a pap akonpli anyen pou kont pa li. Yon vre lapriyè pechè sèlman reprezante sa yon moun konnen, konprann, epi konsyan ke li se peche e ke li bezwen yon sovè .

Premye aspè nan yon lapriyè pechè se konprann nou tout moun se pechè. Women 3:10 di, "Jan sa te ekri, pa gen pèsonn ki jis, pa gen okenn, pa menm yon sèl." Bib la klè sou sa, nou tout fè peche. Nou tout se pechè ki bezwen pitye ak padon nan men Bondye (Tit 3:5-7). Akoz peche nou yo, nou merite pinisyon ki pap janm fini an (Matye 25:46). Lapriyè pechè a se yon lapriyè pou favè olye pou jijman. Li se yon demann pou pitye olye pou kòlè.

Dezyèm aspè ki nan lapriyè pechè an se konnen sa Bondye te fè pou te repare kondisyon pèdi ke nou te fin pedi ak kondisyon nou an tan ke pechè. Bondye te tounen lachè e pran fòm moun nan lapèsòn Jezi Kris (Jan 1:1, 14). Jezi te anseye nou laverite sou Bondye, e Li te viv yon lavi dwat san tach ak san peche (Jan 8:46; 2 Korentyen 5:21). Jezi te mouri sou kwa a nan plas nou, li te pran pinisyon nou merite an (Women 5:8). Jezi leve soti vivan nan lanmò pou pwouve viktwa Li sou peche, lanmò, ak lanfè (Kolosyen 2:15; 1 Korentyen chapit 15). Akoz tout bagay sa yo, nou ka jwenn padon pou peche nou yo epi jwenn pwomès yon abitasyon etènèl nan Syèl la – si nou jis deside mete lafwa nou nan Jezikri. Tout sa nou dwe fè se kwè Li te mouri nan plas nou epi leve soti vivan nan lanmò (Women 10:9-10). Nou ka sove sèlman pa lagras, sèlman pa lafwa, sèlman nan Jezikri. Efezyen 2:8 deklare, "Se paske Li renmen nou kifè Li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou."

Di lapriyè pechè an se tou senpleman yon fason pou ou di Bondye ou depann sou Jezikri kòm Sovè ou. Pa gen okenn mo "majik" ki mennen nan delivrans. Se sèlman lafwa nan lanmò ak rezirèksyon Jezi ki ka delivre nou. Si ou konprann ou se yon pechè e ou bezwen delivrans, atravè Jezikri, men yon lapriyè ou ka fè bay Bondye: "Bondye, mwen konnen mwen se yon pechè. Mwen konnen mwen merite konsekans peche m yo. Sepandan, mwen kwè nan Jezikri kòm Sovè mwen. Mwen kwè lanmò ak rezirèksyon Li pèmèt mwen jwenn padon. Mwen gen konfyans nan Jezi kòm sèl Seyè ak Sovè pèsonèl mwen. Mèsi Seyè, dèske ou sove m epi padonnen m! Amèn!"

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki lapriyè pechè an?
© Copyright Got Questions Ministries