settings icon
share icon
Kesyon

Ki sa Bib la di sou lagè espirityèl?

Repons


Gen de (2) erè prensipal lè li rive sou lagè espirityèl—yo bay anpil valè ak mwens valè. Gen kèk moun ki blame chak peche, chak konfli, ak tout pwoblèm yo sou demon ki bezwen ekspedye. Lòt moun yo konplètman inyore domèn espirityèl la ak lefèt ke Bib la di nou batay nou se kont pouvwa espirityèl yo. Pou nou konprann vrèman lagè espirityèl la fòk nou jwenn balans nan Bib la. Jezi pafwa chase move lespri yo soti nan moun; lòt fwa li geri moun ki pa gen okenn mansyon dyabolik. Apot Pòl te anseye Kretyen yo pou yo fè lagè kont peche (Women 6) epi avèti nou pou nou opoze ak konplo dyab la (Efezyen 6:10-18).

Efezyen 6:10-12 di, "Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a." Tèks sa a anseye kèk verite enpòtan: nou ka kanpe fò sèlman nan pouvwa Seyè a, li se zam Bondye ki pwoteje nou, batay nou an se konplètman kont fòs espirityèl mal nan mond lan.

Efezyen 6:13-18 se yon deskripsyon zam espirityèl Bondye ba nou. Nou dwe kanpe fèm avèk senti verite a, pwatrin dwat jistis la, levanjil lapè a, plak pwotèj lafwa a, kas sali a, nepe Lespri a, ak priye nan Lespri a. Kisa ekipman espirityèl sa yo reprezante nan lagè espirityèl la? Nou dwe konnen verite a, kwè verite a, epi pale verite a. Nou dwe repoze nan lefèt ke nou deklare jis akoz de sakrifis Kris la pou nou. Nou dwe pwoklame levanjil kèlkeswa kantite rezistans nou fè fas ak li. Nou pa dwe bay lafwa nou vag, fè pwomès Bondye yo konfyans, kèlkeswa jan atak nou fè fas ak yo difisil. Defans iltim nou an se asirans nou gen nan sali nou an, yon asirans ke pa gen fòs espirityèl ki ka pran li. Zam ofansif nou se Pawòl Bondye a, se pa pwòp opinyon nou ak santiman nou yo. Epi nou dwe priye nan pouvwa ak volonte Sentespri a.

Jezi se egzanp final nou genyen sou reziste anba tantasyon nan lagè espirityèl la. Obsève kijan Jezi te fè fas ak lè Satan te atake dirèkteman nan dezè a pou tante li (Matye 4:1-11). Chak tantasyon te konbat ak mo sa yo "sa ki ekri." Pawòl Bondye vivan an se zam ki pi pwisan kont tantasyon dyab la. "Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou" (Sòm 119:11).

Yon mo prekosyon konsènan lagè espirityèl se nan lòd. Pa gen okenn kote nan Bib la nou jwenn enstriksyon pou chase move lespri yo oswa menm pou pale ak yo. Non Jezikri se pa yon ankourajman majik ki lakòz move lespri yo kouri devan nou. Sèt (7) pitit Sceva (Seva) yo se yon egzanp de sa ki ka rive lè moun sipoze yo gen otorite yo pat resevwa (Travay 19:13-16). Menm Mikayèl, akanj la pa’t chase Satan ak pouvwa pa li, men li te di, "Seyè a chase ou!" (Jid 1:9). Lè nou kòmanse pale ak dyab la, nou riske pou yo twouble menm jan ak Ev (Jenèz 3:1-7). Fokis nou dwe sou Bondye, se pa move lespri; nou pale avèk Bondye, se pa yo.

An rezime, kisa ki kle siksè nan lagè espirityèl la? Nou konte sou pouvwa Bondye a, se pa pwòp tèt nou yo. Nou mete sou nou tout zam Bondye yo. Nou rale nan pouvwa Bib la—Pawòl Bondye a se nepe Lespri Bondye a. Nou priye nan pèseverans ak sentete, fè demann nou bay Bondye. Nou kanpe fèm (Efezyen 6:13-14); nou soumèt devan Bondye; nou reziste kont travay dyab la (James 4:7), konnen ke Seyè ki gen tout pouvwa a se pwoteksyon nou an. "Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen" (Sòm 62:2).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki sa Bib la di sou lagè espirityèl?
© Copyright Got Questions Ministries