settings icon
share icon
Kesyon

Ki sa Bib la di sou ladim kretyen?

Repons


Gen anpil kretyen ki ap lite ak pwoblèm ladim lan. Nan kèk legliz yo egzajere kesyon bay lan. An menm tan an, anpil kretyen refize soumèt yo anba egzòtasyon biblik yo konsènan fè ofrann bay Seyè a. Ladim/bay ta dwe fèt ak yon kè kontan epi yon benediksyon. Malerezman, se pa konsa l ye pafwa nan legliz la jodi a.

Ladim se yon konsèp Ansyen Testaman an. Ladim lan te yon egzijans Lalwa kote moun pèp Izrayèl yo te dwe bay yon dizyèm nan rekòt ki te pouse yo ak bèt te chape yo nan tabènak/tanp lan (Levitik 27:30; Resansman 18:26; Deteronòm 14:24; 2 Istwa 31:5). An reyalite, Lalwa Ansyen Testaman an te mande plizyè ladim: yonn pou moun Levi yo, yonn pou sèvis nan tanp lan ak lòt gwo jou fèt yo, ak yonn pou pòv yo nan peyi a, ki ta bay yon total anviwon 23,3 pousan. Gen kèk moun ki konprann metòd ladim Ansyen Testaman an kòm yon metòd pou taksasyon pou reponn ak bezwen prèt yo, moun Levi yo nan sistèm sakrifis la.

Nouvo Testaman an pa kòmande nan okenn kote, oswa menm rekòmande, pou kretyen soumèt ak yon sistèm ladim legal. Nouvo Testaman an pa di okenn kote ki pousantaj nan kòb li touche yon moun dwe met apa, men sèman di kado yo ta dwe "depann de sa li touche" (1 Korentyen 16:2). Gen kèk moun nan legliz kretyen an ki pran 10 pousan ki nan Ansyen Testaman an epi aplike li kòm yon "minimòm rekòmande" pou kretyen yo lè yo ap bay.

Nouvo Testaman an pale sou enpòtans ak avantaj ki genyen nan bay. Nou dwe bay jan nou kapab. Pafwa sa vle di bay plis pase 10 pousan; pafwa li ka vle di bay mwens. Sa depann sou kapasite kretyen an ak bezwen kò Kris la. Chak kretyen ta dwe toujou ap priye epi chèche byen konprann Bondye nan zafè ki gen rapò ak patisipe nan ladim ak/oswa konbyen lajan yo bay (Jak 1:5). Sak pi enpòtan an, tout ladim ak ofrann ta dwe bay ak motif ki pi epi yon atitid adorasyon pou Bondye ansanm ak sèvis kò Kris la. "Chak moun ta dwe bay sa l te deside nan kè l pou l bay lan, non pa ak repiyans oswa nan fòse, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan" (2 Korentyen 9:7).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki sa Bib la di sou ladim kretyen?
© Copyright Got Questions Ministries