settings icon
share icon
Kesyon

Èske Bib tout bon vre se Pawòl Bondye?

Repons


repons nou sou kesyon sa a pap sèlman detèmine kijan nou wè Bib la ak enpòtans li nan lavi nou, men tou a la fen l’ap gen yon enpak etènèl sou nou. Si Bib la se vrèman Pawòl Bondye, donk nou ta dwe ancheri l’, etidye l’, obeyi l’, epi konplètman fè l’ konfyans. Si Bib la se Pawòl Bondye, kidonk rejte l’se rejte Bondye Li menm.

Lefèt ke Bondye ban nou Bib la se yon prèv ak demonstrasyon de lanmou Li pou nou. Tèm "Revelasyon" an tou senpleman vle di ke Bondye fè Lèzòm konnen ki jan Li ye ak ki jan nou ka gen yon relasyon dwat avèk Li. Sa yo se bagay nou pa tap janm ka konnen si Bondye pat divinman devwale yo ba nou nan Bib la. Malgre Bondye te revele tèt Li ba nou nan Bib la progresivman sou yon peryòd 1500 lane, li te toujou genyen tout sa lòm te dwe konnen sou Bondye de sòt ke nou te ka gen yon relasyon dwat ak Li. Si Bib la se reyèlman Pawòl Bondye, donk li se otorite final pou tout kesyon lafwa, pratik relijye, ak moralite.

Kesyon nou dwe poze tèt nou se kijan nou ka konnen ke Bib la se Pawòl Bondye, ke li pa jis yon bon liv? Kisa ki inik konsènan Bib la ki rann li trè diferan de tout lòt liv relijye ki te ekri yo? Èske n’ ka jwenn nenpòt prèv ki montre ke Bib la se vrèman Pawòl Bondye? Nou dwe egzamine jan de kesyon sa yo seryezman si nou vle detèmine verite a sou lefèt ke Bib la di ‘l se Pawòl Bondye, ke li divinman enspire, e ke li sifi pou tout kesyon ak pratik ki gen pou wè ak lafwa. Pa ka gen dout sou lefèt ke Bib la deklare li se reyèlman Pawòl Bondye. Nou ka wè sa trè klè nan felisitasyon Pòl te ekri bay Timote: "...Depi ou te tou piti ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri. Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo kijan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fè tou sa ki byen" (2 Timote 3:15-17).

Gen alafwa prèv entèn ak prèv ekstèn ke Bib la se vrèman Pawòl Bondye. Prèv entèn yo se bagay ki nan Bib la ki temwaye de orijin divin li. Nou ka wè youn nan premye prèv entèn ki montre ke Bib la se vrèman Pawòl Bondye nan inite l’. Byen ke se tout bon vre li gen swasann-sis liv endividyèl, ki ekri sou twa kontinan, nan twa lang diferan, sou yon peryòd apeprè 1500 lane, ak kontribisyon 40 otè ki te mennen plizyè vi diferan, Bib la rete yon liv ki inifye liv depi nan konmansman rive jis nan fen an san okenn kontradiksyon. Inite sa a spesyal konpare ak tout lòt liv yo e li se prèv de orijin divin pawòl ke Bondye te lakoz lèzòm pou te anrejistre pou pita.

Yon lòt nan prèv entèn ki endike Bib la se vrèman Pawòl Bondye se pwofesi ki ekri ladan’ l yo. Bib la gen dè santèn de pwofesi byen detaye ki gen rapò ak sak gen pou rive nan plizyè nasyon tankou Izrayèl, kèk vil, ak limanite. Gen lòt pwofesi ki konsène Sila a ki te gen pou vini an e ki pi ta yo ta pral rele Mesi a, Sovè tout moun ki kwè nan Li. Kontrèman ak pwofesi nou jwenn nan lòt liv relijye oswa liv ke moun tankou Nostradamus te ekri, pwofesi biblik yo te vrèman byen detaye. Gen plis pase twa-san pwofesi sou Jezi Kris nan Ansyen Testaman an. Non sèlman li te predi ki kote L t’ap fèt ak desandans Li, men tou kijan Li te gen pou L’ te mouri e pou L’ te leve vivan ankò. Tou senpleman pa gen okenn lòt fason ki lojik ke nou ka eksplike pwofesi yo ki te rive reyalize nan Bib la si se pa pa yon orijin diven. Pa gen okenn lòt liv relijye ki gen menm nivo osinon menm tip pwofesi prediksyon ke Bib la genyen an.

Yon twazyèm prèv entèn de orijin divin Bib la se otorite ak pouvwa inik li. Byen ke prèv sa a plis sibjektif pase lòt de premye yo, li se yon temwayaj puisan de orijin divin Bib la. Otorite Bib la diferan de tout lòt liv ki te janm ekri. Nou ka pi byen wè otorite ak pouvwa sa a nan fason yon pakèt vi transfòme pa mwayen pouvwa sinatirèl Pawòl Bondye. Li geri moun ki adikte ak dwòg, li libere moun ki omoseksyèl, li transfòme lavi moun ki pa gen travay ak yon kay pou yo rete, li refòme kriminèl ki te gen kè di, li korije moun ki fè peche, li fè rayisman tounen lanmou. Bib la posede yon pouvwa dinamik ak transfòmasyonèl ki posib sèlman paske li se vrèman Pawòl Bondye.

Genyen tou prèv ekstèn ki endike ke Bib la se vrèman Pawòl Bondye. Youn nan yo se istorisite Bib la. Pliske Bib la detaye evènman istorik yo, verasite l’ yo ak presizyon l’ tounen sijè verifikasyon menm jan ak nenpòt ki lòt dokiman istorik. Atravè prèv akeyolojik ansanm ak lòt dokiman ki te ekri, evènman istorik yo nan Bib la rive jwenn prèv otantisite ak presizyon yo plizyè fwa. An reyalite, tout prèv akeyolojik ak maniskri ki sipòte Bib la fè l tounen liv ki pi dokimante nan mond ansyen an. Lefèt ke Bib la rive anrejistre avèk presizyon epi verite plizyè evènman istorik ki verifyab, se yon gwo endikasyon de verasite l lè nap fè fas ak sijè avèk doktrin relijye e sa sipòte lefèt ke li di li se Pawòl Bondye.

Yon lòt prèv ekstèn ke Bib la se vrèman Pawòl Bondye se entegrite otè imen li yo. Kòm li te mansyone anwo a, Bondye itilize moun ki viv yon lavi ki trè diferan youn de lòt pou dokimante pawòl Li. Nan etid lavi moun sa yo, nou rive wè ke yo te onèt ak sensè. Lefèt ke yo prè pou yo te mouri, anpil fwa aprè anpil soufrans pou sa yo kwè a, se temwaye ke moun òdinè ak onèt sa yo te kwè ke Bondye te pale ak yo tout bon vre. Mesye sa yo ki te ekri Nouvo Testaman an ak dè santèn de anpil lòt kwayan (1 Korentyen 15:6) te konnen verite ki genyen nan mesaj yo a paske yo te wè yo epi te pase tan ak Jezikri apre Li te leve pami mò yo. Wè Kris la leve soti vivan te gen yon gwo enpak sou yo. Yo menm ki te konn kache paske yo te pè, aprè sa fin rive yo te prè pou yo te mouri pou mesaj Bondye te devwale bay yo a. Lavi yo ak lanmò temwaye ke Bib la se reyèlman Pawòl Bondye.

Yon dènye prèv ke Bib la se Pawòl Bondye se nan endestriktibilite Bib la. Akoz de enpòtans li ak lefèt ke l deklare ke l’ se Pawòl Bondye, Bib la te soufri plis atak ak tantativ pou detwi l’ konpare ak nenpòt lòt liv nan listwa. Soti nan ansyen anperè Ròm yo tankou Diocletian, pase pran diktatè kominis yo, epi rive sou nan ate ak agnostik tan nap viv la, Bib la rive kenbe epi siviv tout atak li yo e jodi a li se liv ki pi pibliye nan mond lan.

Atravè peryò ki pase yo, septik yo te wè Bib la kòm yon mitoloji, men akeyolog yo te konfime l kòm istorik. Moun yo ki opoze ak Bib la te atake ansèyman li yo e di yo primitif ak demode, men konsèp moral ak legal li yo gen yon enfliyans pozitif sou sosyete ak kilti nan tout mond lan. Li kontinye ap resevwa atak bò kot pseudo-syans, sikoloji, ak mouvman politik, men li toujou ret vre e enpòtan jodi a menm jan li te ye lè li te premye ekri a. Li se yon liv ki transfòme anpil lavi ak kilti atravè dènye 2000 lane sa yo. Kèlkeswa jan opozan li yo eseye atake l’, detwi l’, oswa diskredite l’, Bib la ap toujou rete; presizyon l’ ak enpak li sou lavi anpil moun rann li san parèy. Presizyon sa ki rive prezève malgre tout atanta ki fèt pou kòwonpi l’, atake l’, oswa detwi l', se yon temwayaj klè sou lefèt ke Bib la se vrèman Pawòl Bondye epi li se sinatirèlman anba pwoteksyon L’. Li pa ta dwe yon sipriz ke nenpòt jan yo ta atake Bib la, li pap janm chanje e li pap janm andomaje. Fòn sonje Jezi di: "Syèl la ak tè a va pase, men pawòl mwen yo pap janm pase" (Mak 13:31). Apre nou fin analize prèv sa yo, nou ka di san dout ke, repons lan se wi, Bib la se vrèman Pawòl Bondye.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Bib tout bon vre se Pawòl Bondye?
© Copyright Got Questions Ministries