settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki kwasans espirityèl?

Repons


Kwasans espirityèl se pwosesis pou vin pi plis tankou Jezi Kris la. Lè nou mete lafwa nou nan Jezi, Sentespri a kòmanse pwosesis la pou fè nou plis tankou Li, konfòme nou nan imaj li. Kwasans espirityèl petèt pi byen dekri nan 2 Pyè 1:3-8, ki di nou ke pa pouvwa Bondye nou genyen "tout sa nou bezwen" pou viv yon lavi sanblab ak Bondye, ki se objektif kwasans espirityèl. Remake ke sa nou bezwen an vini "atravè konesans nou sou li,"ki se kle nan jwenn tout sa nou bezwen. Konesans nou sou li soti nan Pawòl la, Bondye ba nou pou edifye nou ak kwasans nou.

Gen de (2) lis nan Galat 5:19-23. Vèsè 19-21 lis "zak kò (lachè) a." Sa yo se bagay ki idantifye lavi nou anvan nou te vin jwenn Kris la pou delivre. Zak yo nan lachè a se aktivite nou dwe konfese, repanti, epi avèk èd Bondye a nap gen viktwa. Pandan n’ap grandi espirityèlman, se pi mwens "aksyon lachè" yo pral evidan nan lavi nou. Dezyèm lis la se "fwi Lespri a" (vèsè 22-23). Sa yo se sa ki dwe karakterize nan lavi nou kounye a paske nou te fè eksperyans ak delivrans nan Jezi Kris la. Kwasans espirityèl idantifye pa fwi nan Lespri Bondye a vin de pli zan pli evidan nan lavi yon kwayan.

Lè transfòmasyon sali a pran plas, kwasans espirityèl la kòmanse. Sentespri a anndan nou (Jan 14:16-17). Nou se yon moun nouvo nan Kris la (2 Korent 5:17). Ansyen nati peche a kòmanse bay plas ak nouvo a, nati ki sanble ak Kris la (Women 6-7). Kwasans espirityèl se yon pwosesis k’ap dire tout lavi nou ki depann de etid nou ak aplikasyon Pawòl Bondye a (2 Timote 3:16-17) ak mach nou nan Lespri Bondye a (Galat 5:16-26). Pandan n’ap chache kwasans espirityèl, nou ta dwe priye Bondye epi mande pou sajès konsènan pati nan lavi nou ke li vle nou grandi an. Nou ka mande Bondye pou li ogmante lafwa nou ak konesans de li. Bondye vle pou nou grandi espirityèlman, e li ba nou tout sa nou bezwen pou nou grandi espirityèlman. Avèk èd Sentespri a, nou ka gen viktwa sou peche epi vini plis tankou Sovè nou an, Seyè Jezi Kris la.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki kwasans espirityèl?
© Copyright Got Questions Ministries