settings icon
share icon
Kesyon

Ki Krisyanis lan ye e kisa Kretyen yo kwè?

Repons


Kwayans debaz Krisyanis yo rezime nan 1 Korentyen 15:1-4. Jezi te mouri pou peche nou yo, yo te antere L ', Li te resisite, e se konsa Li ofri delivrans bay tout moun ki deside resevwa L’ nan lafwa. Krisyanis lan inik pami tout lòt fwa yo, li plis baze sou relasyon ke sou pratik relijye. Olye pou’ l konfòme l’ a yon lis "fè sa" ak "pa fè sa," objektif kretyen an se pou l’ kiltive yon relasyon trè sere ak Bondye. Relasyon sa a posib gras ak travay Jezi Kris ak ministè Sentespri a.

Apa kwayans debaz sa yo, gen anpil lòt bagay ki endike kisa Krisyanis la ye ak kisa kwayans li yo ye. Kretyen yo kwè ke Bib la se Pawòl Bondye, ke "Bondye Li-menm enspire" e ke ansèyman li yo se otorite final pou tout sa ki gen pou wè ak lafwa ak lòt pratik relijye. (2 Timote 3:16; 2 Pyè 1:20-21). Kretyen yo kwè nan yon sèl Bondye ki egziste an twa pèsòn: Papa a, Pitit la (Jezikri), ak Sentespri a.

Kretyen kwè ke limanite te kreye espesyalman pou gen yon relasyon ak Bondye, men peche separe tout moun de Bondye (Women 3:23; 5:12). Krisyanis la anseye ke Jezikri te vin viv sou tè sa a, pandan ke Li te totalman Bondye, epi totalman moun (Filipyen 2:6-11), e Li te mouri sou kwa a. Kretyen yo kwè ke apre lanmò Li, yo te antere L, epi Li te leve resisite, e kounye a Li chita sou bò dwat Bondye Papa a, pandan ke Li ap entèsede pou tout moun ki kwè yo pou touttan (Ebre 7:25). Krisyanis la pwoklame ke lanmò Jezi sou kwa a te ase pou konplètman peye dèt peche ke tout moun te dwe epitou sa retabli relasyon ant Bondye ak lòm ki te kraze (Ebre 9:11-14; 10:10; Women 5:8; 6:23).

Krisyanis lan anseye ke pou yon moun sove epi rantre nan Wayom syèl la apre lanmò, li dwe mete lafwa l totalman nan travay Kris la ki te konplete sou kwa a. Si nou kwè ke Jezi te mouri nan plas nou e ke Li te peye dèt peche pa nou yo, e ke Li te leve soti vivan, nou mèt kwè nou sove. Pa gen anyen nenpòt moun ka fè pou l resevwa delivrans li. Nou pa ka "bon ase" pou n’ fè Bondye plezi de pa nou-menm, paske nou tout se pechè (Ezayi 53:6; 64:6-7). Pa gen anyen ki gen pou fèt ankò, paske Kris la te fè tout travay la! Lè Li te sou kwa a, Jezi te di: "Tout bagay fini" (Jan 19:30), sa vle ke travay redanmsyon an te akonpli.

Selon Krisyanis la, delivrans se liberasyon de yon ansyen nati pechrès e tou li se libète pou’n pouswiv yon relasyon dwat ak Bondye. Avan, nou te esklav peche, men kounye a nou se esklav Kris la (Women 6:15-22). Toutotan ke kwayan yo ap viv sou tè sa nan kò peche sa, y’ap toujou nan yon lit konstan ak peche. Sepandan, kretyen yo ka gen viktwa nan lit kont peche nan etid ak aplikasyon Pawòl Bondye nan lavi yo avèk sipò ak kontwòl Sentespri a; ki vle di soumèt nou bay Sentespri a epi kite’ L dirije nou nan tout sikonstans chak jou yo.

Se konsa, pandan ke anpil sistèm relijye yo mande pou yon moun fè oswa pa fè kèk bagay, objektif Krisyanis la ede moun kwè ke Kris la te mouri sou kwa a kòm pèman peche nou yo epi Li te leve soti vivan aprè sa. Dèt peche nou yo te peye e kounye a nou ka gen yon bòn relasyon ak Bondye. Nou ka gen viktwa sou nati peche nou an epi mache nan fidelite ak obeyisans avèk Bondye. Sa se vrè Krisyanis biblik la.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki Krisyanis lan ye e kisa Kretyen yo kwè?
© Copyright Got Questions Ministries