settings icon
share icon
Kesyon

Kisa yon vizyon mondyal Kretyen ye?

Repons


Yon "vizyon mondyal" refere a yon konsepsyon konpreyansif mond lan a pati de yon pwen de vi ekzak . gwosomodo nou ka di ke yon "vizyon mondyal Kretyen," se yon konsepsyon konplè de mond lan a pati de yon opinyon Kretyen. Vizyon mondyal yon moun se yon "gwo imaj," yon amoni nan tout sa li kwè sou mond lan. Li se fason nou konprann reyalite. Vizyon mondyal yon moun konstitiye fondman li pran desizyon chak jou, sa vle di se yon bagay ki trè enpotan .

Yon pòm sou yon tab, epi gen plizyè moun vin gade li. Yon botanis gade pòm nan epi li kategorize li. Yon atis wè li, epi li desine . Yon machann wè se yon avantaj, epi li ajoute’l nan liste li. Yon timoun wè ke li se yon dejene ,epi li manje li. Jan nou konsevwa nenpòt ki sitiyasyon enfliyanse kijan nou gade mond lan an jeneral. Chak opinyon nou oswa jan nou anvizaje mond lan, kit se Kretyen oswa moun ki pa kwayan, fè fas avèk omwen twa (3) kesyon sa yo:

1) Ki kote nou soti? (epi poukisa nou isit la?)
2) Kisa ki problem mond lan?
3) Kijan nou ka repare sa ?

Yon opinyon sou mond lan jodi a ki fè pale anpil de li se natiralis yo, ki reponn twa (3) kesyon yo konsa: 1) Nou se pwodwi yon phenomèn azadez nan lanati ki pa gen okenn objektif reyèl. 2) Nou pa respekte lanati jan ke nou ta dwe respekte li 3) Nou ka sove mond lan atravè ekoloji ak konsèvasyon. Opinyon yon natiralis reyalistik sou mond lan jenere filozofi ki gen rapò ak relasyon tankou relijyon moral, ekzistansyalizm, pragmatizm, ak itopianizm.

Yon Kretyen wè mond lan yon lòt fason, yo reponn twa (3) kesyon yo biblikman: 1) Nou se kreyasyon Bondye a, ki fèt pou gouvène mond lan epi rete ansanm ak li (Jenèz 1:27-28; 2:15). 2) Nou peche kont Bondye epi lakòz tout mond lan sibi madichon sa a (Jenèz 3). 3) Bondye li menm te rachte mond lan atravè sakrifis Pitit li a, Jezikri (Jenèz 3:15; Lik 19:10), epi yon jou l’ap retabli kreyasyon an nan jan li te kreye li a pou’l te pafè a (Ezayi 65:17-25). Yon opinyon Kretyen sou mond lan fè nou kwè nan moral absoli, mirak, diyite moun, ak posibilite pou Bondye delivre’n.

Li enpòtan pou’n sonje ke fason ke nou wè mond lan se yon bagay ki konpreyansif. Li afekte tout pwen nan lavi, soti nan lajan pou rive nan moralite, soti nan politik pou rive nan atizana. Vrè Krisyanis lan pi plis lontan pase yon senp ideologi ki itilize nan legliz . Krisyanis jan Bib la anseye li a se yon vision menm de mond lan. Bib la pa janm di diferans ki genyen ant yon "relijye" ak moun ki gen yon lavi "sekilè" ( moun ki pa relijye men ki gen moral) ; lavi Kretyen an se sèl lavi ki genyen. Jezi te pwoklame tèt li kom etan "wout la, verite a, ak lavi a" (Jan 14:6) se konsa sa vin tounen vision mondyal nou.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa yon vizyon mondyal Kretyen ye?
© Copyright Got Questions Ministries