settings icon
share icon
Kesyon

Kretyen kap jene- ki sa Bib la di?

Repons


Bib la pa bay Kretyen yo lòd pou fè jèn. Bondye pa mande ni demande Kretyen fè jèn. An menm tan, Bib la prezante jèn kòm yon bagay ki bon, pwofitab, ak benefisyèl. Liv Travay la anrejistre kwayan yo fè jèn anvan yo te pran desizyon enpòtan (Travay 13:2, 14:23). Jèn ak lapriyè yo souvan mache ansanm (Lik 2:37; 5:33). Twò souvan, konsantre sou jèn se sou manke manje. Olye de sa, objektif jèn yo ta dwe retire je ou sou bagay sa yo nan mond sa a pou konsantre konplètman sou Bondye. Jèn se yon fason pou montre Bondye, ak tèt nou, ke nou serye sou relasyon nou avèk li. Jèn ede nou jwenn yon nouvo pèspektiv ak yon konsyans renouvle nan Bondye.

Malgre ke jèn nan Bib la se prèske toujou yon jèn pou’w pa manje, gen lòt fason nou ka jene. Nenpòt bagay ke nou bay vag tanporèman nan lespri pou konsantre tout atansyon nou sou Bondye ka konsidere kòm yon fòm de jèn (1 Korent 7:1-5). Jèn ta dwe limite a yon tan fikse, espesyalman lè n’ap jene san manje. Si nou pase yon peryòd tan ki long san nou pa manje, sa ka andomaje kò nou. Objetif jèn pa vle di pou’w pini kò a, men se yon redirèksyon atansyon nou sou Bondye. Jèn pa ta dwe konsidere kòm yon "metòd rejim" nonplis. Objektif yon jèn daprè Bib la se pa pou’n pèdi pwa, men pito pou’n etabli yon relasyon pronfondè ak Bondye. Nenpòt moun ka jene, men gen kèk moun ki pa ka jene san manje (pa egzanp yon moun ki dyabetik). Tout moun ka tanporèman bay yon bagay vag pou yo vin pi pre Bondye.

Lè nou retire je nou sou bagay sa yo nan mond sa a, nou ka plis konsantre atansyon nou nan Kris la. Jèn se pa yon fason pou nou fòse Bondye pou li fè sa nou vle. Jèn chanje nou, se pa Bondye. Jèn se pa yon fason pou parèt plis espirityèl pase lòt moun. Jèn se yon bagay ki dwe fè nan yon lespri imilite ak yon atitid kè kontan. Matye 6:16-18 deklare, « Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave. Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.»

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kretyen kap jene- ki sa Bib la di?
© Copyright Got Questions Ministries