settings icon
share icon
Kesyon

Kisa Bib la di sou koze / renmen?

Repons


Malgre ke nou pa jwenn mo "kotize" ak "renmen" nan Bib la, nou jwenn kèk prensip ke Kretyen yo dwe swiv avan maryaj. Premyeman, nou dwe separe nou de fason ke mond lan konprann kotizasyon ak renmen paske fason Bondye a kontredi mond lan (2 Pyè 2:20). Pandan ke opinyon mond lan ka se pou’n mache kotize otan ke nou vle, sa ki enpòtan se ke nou dekouvri moun nan avan ke nou fè nenpòt ki angajman ak yon moun. Nou ta dwe chèche konnen si moun nan te fèt de nouvo nan Lespri Kris la (Jan 3: 3-8) epi si li pataje menm dezi pou li sanble ak Kris la (Filipyen 2: 5). Objektif ultim nan renmen oswa kotize se jwenn yon patnè pou lavi. Bib la di nou ke, kòm Kretyen, nou pa ta dwe marye yon enkwayan (2 Korentyen 6: 14-15) paske sa a ta febli relasyon nou avèk Kris la ak konpwomi moral nou ak estanda nou.

Lè youn yon moun komèt nan yon relasyon, si wi ou non li renmen oswa kotize, li enpòtan pou’n sonje renmen Seyè a pi wo de tout lòt bagay (Matye 10:37). Pou di oswa kwè ke yon lòt moun se "tout bagay" oswa bagay ki pi enpòtan nan lavi’w sa se idolatri, ki se peche (Galat 5:20; Kolosyen 3: 5). Epitou, nou pa dwe defile kò nou lè nou fè sèks avan maryaj (1 Korentyen 6: 9, 13; 2 Timote 2:22). Imoralite seksyèl se yon peche pa sèlman kont Bondye men kont pwòp kò nou (1 Korentyen 6:18). Li enpòtan pou’n renmen ak onore lòt moun jan nou renmen tèt nou (Women 12: 9-10), epi sa a se vre pou yon relasyon kit w’ap kotize oswa renmen. Kit renmen oswa kotize, swiv prensip biblik sa yo se pi bon fason pou’w gen yon fondasyon solid pou yon maryaj. Li se youn nan desizyon ki pi enpòtan nou pral fè, paske lè de moun marye, yo kole youn ak lòt epi vin yon sèl kò nan yon relasyon Bondye te vle rete pèmanan epi kip a dwe janm defèt (Jenèz 2:24; Matye 19: 5).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa Bib la di sou koze / renmen?
© Copyright Got Questions Ministries