settings icon
share icon
Kesyon

Kijan mwen ka konnen tout bon mwen pral nan syèl la lè m mouri?

Repons


Eske ou gen asirans ke ou gen lavi etènèl e ke w pral nan syèl lè ou mouri? Bondye vle ou si de sa! 1 Jan 5:13 li ekri « Mwen ekri sa yo pou nou menm ki kwè nan non Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi etènèl ». Sipoze ou te kanpe devan Bondye kounye a epi Li mande ou, "Poukisa pou m ta dwe kite nou antre nan syèl la?" Ki sa ou t’ap di ? Ou kapab pa konnen sa pou reponn. Sa ou bezwen konnen sè ke Bondye renmen nou e Li te bay yon fason pou nou konnen ak asirans ki kote nou pral pase letènite nou. Bib la di l konsa: "Akoz Bondye sitèlman renmen mond lan li te bay sèl Pitit li an, konsa tout moun ki mete konfyans yo nan Li pap peri men yo va gen lavi etènèl" (Jan 3:16).

Nou dwe dabò konprann pwoblèm ki ap anpeche nou ale nan syèl la. Pwoblèm lan se ke : nati peche nou anpeche nou gen yon relasyon ak Bondye. Nou se moun kap fè peche pa nati ak chwa. "Tout moun fè peche; epi vire do bay Bondye ki gen pouvwa a" (Women 3:23).Nou pa ka sove tèt nou. Efezyen 2:8-9 di nou ke "Ak lagras ou sove, atravè lafwa, e se pa ak pwòp tèt pa ou – se kado Bondye. Se pa rezilta travay nou fè pou sa, konsa pèsonn pa ka fè grandizè" . Nou merite lanmò ak lanfè. "Paske salè peche se lanmò" (Women 6:23).

Bondye sen epi jis, e li dwe pini peche, men Li renmen nou e Li te bay padon pou peche nou. Jezi te di: "Mwen se chemen an ak verite a ak lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase pa mwen "(Jan 14:6). Jezi te mouri pou nou sou kwa a: "Akoz Kris la te mouri pou peche yo yon fwa pou tout moun, sila a ki dwat la pou sila ki enjis la, pou pote nou bay Bondye" (1 Pyè 3:18). Jezi te resisite soti vivan nan lanmò: "Li te delivre anba men lanmò pou peche nou yo epi Li te leve soti vivan nan lanmò pou jistifikasyon nou" (Women 4:25).

Konsa, ann tounen nan kesyon orijinal lan, "Kòman mwen ka konnen pou tout bon mwen pral nan syèl la lè m mouri?" Repons lan se : kwè nan Seyè Jezi epi ou ap sove (Travay 16:31). "Li bay pouvwa vin pitit Bondye a tout moun ki te resevwa L, ak tout moun yo ki te kwè nan Non Li" (Jan 1:12). Ou ka resevwa lavi etènèl kòm yon kado GRATIS. "Kado Bondye a se lavi etènèl nan Jezikri, Seyè nou" (Women 6:23). Ou ka viv yon lavi plen epi ki gen yon sans kounye a. Jezi te di: "Mwen te vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen li anplen" (Jan 10:10). Ou ka pase letènite avèk Jezi nan syèl la, paske Li te pwomèt: "E si m ale prepare yon plas pou nou, m ap tounen pran nou pou nou ka avèk mwen pou ka kote m ye an tou" (Jan 14:3).

Si ou vle aksepte Jezikri kòm Sovè ou epi resevwa padon nan men Bondye, men yon lapriyè ou ka fè. Di priyè sa oubyen nenpòt lòt priyè pa pral sove ou. Se sèlman kwè nan Jezikri ki kapab padone tout peche w yo. Priyè sa a se senpleman yon fason pou eksprime lafwa ou nan Bondye ou e remèsye L pou padon li ban nou. "Bondye, mwen konnen mwen peche kont Ou e m merite pinisyon. Men, Jezikri te pran pinisyon mwen merite an, pou ke atravè lafwa nan Li mwen te kapab jwenn padon. . Mwen mete tout konfyans mwen nan Li pou li ka sove’m. Mèsi pou kalite gras sa e mesi paske ou padone peche’m yo ! Amèn.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan mwen ka konnen tout bon mwen pral nan syèl la lè m mouri?
© Copyright Got Questions Ministries