settings icon
share icon
Kesyon

Èske nou gen de (2) oswa twa (3) pati? Èske nou kò, nanm, ak lespri - oswa - kò, nanm espri?

Repons


Jenèz 1:26-27 endike ke Bondye kreye lèzòm diferan de lòt kreyati yo. Bib la anseye klèman ke lèzòm te fèt pou te fè eksperyans yon relasyon entim ak Bondye, epi, Se poutèt sa, Li te kreye nou ak tou de (2) aspè materyèl (fizik) ak imateryèl (espirityèl) (Eklezyas 12:7, Matye 10:28, 1 Korent 5:5, 2 Korent 4:16; 7:1, Jak 2:26). Eleman materyèl lèzòm yo se yon bagay ki tanjib epi ki la pou yon ti tan: kò fizik la. Aspè imateryèl yo entanjib: nanm, lespri, entelektyèl, volonte, konsyans, espri, emosyon, elatriye Sa yo egziste epi depase lavi kantite kò fizik la ka viv.

Tout èt imen posede tou de (2) karakteristik materyèl (fizik) ak imateryèl (espirityèl). Chak moun gen yon kò fizik. Sepandan, yo souvan deba sou entanjibilite, sa yo ki pa gen kalite fizik nan lèzòm. Kisa Bib la di sou sa yo? Jenèz 2:7 di ke lèzòm te kreye kòm yon "nanm vivan" (KJV=King James Version). Resansman 16:22 rele Bondye kòm "Bondye tout lespri ak tout chè" (ESV). Pwovèb 4:23 di nou, "Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv." ki endike ke kè a (se pa tisi miskilè) se santral pou volonte moun ak emosyon. Nan Travay 23:1 Pòl refere a konsyans la kòm pati nan lespri a ki ede nou konprann sa ki bon ak sa ki mal. Ròm 12:2 pale de pouvwa transfòmasyon yon lespri ki renouvle. Vèsè sa yo, ak anpil lòt, fè referans ak divès aspè espirityèl nan limanite. Nou se yon konbinezon inifye nan tou de (2) kalite materyèl ak imateryèl.

Nanm, lespri, emosyon, konsyans, volonte, ak lide, yo tout yo konekte ansanm. Petèt nanm nan ak lespri a konpoze de yon konbinezon de tout lòt aspè imateryèl yo nan aspè imen an. Avèk sa nan tèt ou, èske limanite se yon dikotomi ("koupe an de (2)") oswa trikotomi ("koupe an twa (3)")? Oubyen, èske nou gen de (2) pati (kò ak nanm-lespri), oswa èske nou gen twa (3) pati (kò, ak nanm, ak lespri)? Li enposib pou’n dogmatik. Teolojyen yo gen diferan opinyon sou pwoblèm sa a pou plizyè syèk, epi pa janm gen yon deklarasyon otodòks pou di kisa ki verite a sou sijè a.

Moun yo ki kwè ke Bib la anseye ke lèzòm se yon dikotomi konsidere ke moun gen de (2) pati: yon kò ak yon lespri. Gen de (2) opinyon jeneral sou dikotomi an. Premye opinyon an se ke lèzòm se yon kò ki inifye ak lespri epi posede ansanm yon nanm vivan. Yon nanm imen se lespri a ak kò a ini kòm yon sèl moun. Opinyon sa a sipòte pa Jenèz 2:7; Resansman 9:13; Sòm 16:10; 97:10 ak Jonas 4:8. Opinyon sa a mete aksan pou di ke mo Ebre nephesh nan vèsè sa yo refere a yon nanm entegre (inifye), nanm, yon èt k’ap viv, lavi, oswa pwòp tèt ou—sa vle di, yon moun ki inifye (nanm) gen ladan li yon kò ak lespri. Remake ke, lè Bib la pale de ruach «wou-ak» ("souf, van, oswa lespri") yo te separe ak kò a, moun lan te dezentegre (fraktire) - mouri (gade Eklezyas 12:7; Sòm 104:29; :4).

Dezyèm opinyon dikotomik la se ke lespri a ak nanm nan se menm bagay la ak de (2) non diferan. Opinyon sa a mete aksan sou lefèt ke lespri ak nanm yo souvan itilize entechanjab (Lik 1:46-47; Ezayi 26:9; Matye 6:25; 10:28, 1 Korent 5:3, 5), epi yo ta dwe konprann yo kòm sinonim ki refere ak menm reyalite espirityèl la nan chak moun. Se poutèt sa, pozisyon dikotomi an kenbe pozisyon sa a ke lèzòm konpoze de de (2) pati. Lèzòm se swa yon kò ak lespri, ki fè yon nanm, oswa yon kò ak nanm-lespri.

Moun yo ki kwè ke Bib la anseye ke moun se yon trikotomi wè ke lèzòm konpoze de twa (3) pati diferan: kò, ak nanm, ak lespri. Yo mete aksan sou 1 Tesalonisyen 5:23 ak Ebre 4:12, ki ta sanble ke yo diferansye ant lespri ak nanm. Moun ki sipòte ideyoloji dikotomi an di, si 1 Tesalonisyen 5:23 anseye trikotomi, lè sa a, pa menm entèpretasyon sa pou mande èske Mak 12:30 anseye tetrakotomi?

Èske li enpòtan pou finalman deside ant dikotomi ak trikotomi? Petèt non; sepandan, li apwopriye pou’n bay yon mo de prekosyon. Pliske trikotomist yo minimize (pa bay twòp valè) inite entèkoneksyon nan pèsonalite, gen kèk ki anseye nan erè ke Bondye kominike mistikman ak lespri nou yo epi kontoune entelèk nou. Baze sou menm erè sa a, gen kèk legliz ki sèvi ak pozisyon trikotomi yo pou anseye ke gen posibilite pou Kretyen yo posede demon. Paske yo wè nanm nan ak lespri kòm de (2) aspè imateryèl ki separe nan Kretyen an, yo sijere ke youn ka gen Sentespri a andan li epi lòt la ka posede pa fòs dyabolik. Ansèyman sa a gen pwoblèm, paske pa gen okenn referans biblik ki pwouve ke yon moun ki enspire pa Sentespri a kapab an menm tan posede pa move lespri.

Kèlkeswa si yon Kretyen kwè dikotomi oswa trikotomi pi byen reprezante yon konpreyansyon egzak sou Bib la, nou tout ka fè lwanj Bondye avèk salmis la: "M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen."(Sòm 139:14).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske nou gen de (2) oswa twa (3) pati? Èske nou kò, nanm, ak lespri - oswa - kò, nanm espri?
© Copyright Got Questions Ministries