settings icon
share icon
Kesyon

Kiyès ki Satan?

Repons


Kwayans moun konsènan Satan ranje de komik ak abstrè-soti nan yon ti nèg wouj ak kòn ki chita sou zepòl ou pou fè ou fè peche, yon ekspresyon ki itilize pou dekri pèsonifikasyon sa ki mal. Bib la, sepandan, ba nou yon pòtrè klè sou kiyès Satan ye ak kijan li afekte lavi nou. Men tou senpleman, Bib la defini Satan kòm yon zanj anjandre ki te tonbe soti nan pozisyon li nan syèl la akoz peche epi kounye a li konplètman opoze Bondye, l’ap fè tout sa ki nan pouvwa li pou defye objektif Bondye a.

Satan te kreye kòm yon zanj ki sen. Ezayi 14:12 ba nou yon non Lisifè pou Satan avan li te tonbe a. Ezekyèl 28:12-14 dekri ke Satan te kreye kòm yon zanj cheriben, aparamman zanj ki te kreye pi wo a (ki te nan plas plis elve a). Li te vin arogan nan bote li yo ak estati epi li te deside ke li te vle chita sou yon twòn piwo ke Bondye (Ezayi 14:13-14; Ezekyèl 28:15; 1 Timote 3:6). Ogèy Satan an te lakòz li tonbe (li te pèdi plas li a). Remake anpil "mwen pral" deklarasyon nan Ezayi 14:12-15. Paske nan peche li yo, Bondye te entèdi Satan nan syèl la.

Satan te vin chèf mond sa a ak prens ak pouvwa nan lèzè (Jan 12:31; 2 Korent 4:4; Efezyen 2:2). Li se yon akizatè (Revelasyon 12:10), youn kap tante (Matye 4:3; 1 Tesalonisyen 3:5), ak yon twonpè (Jenèz 3;2 Korent 4:4; Revelasyon 20:3). Non Satan an vle di "advèsè" oswa "yon moun ki opoze." Yon lòt nan tit li, dyab la, vle di "maladwa (mantè)."

Menm si li te jete soti nan syèl la, li toujou ap chache elve fotèy li pi wo pase Bondye. L’ap kontre kare tout sa Bondye fè, l’ap espere jwenn adorasyon nan mond lan epi ankouraje opozisyon nan wayòm Bondye a. Satan se sous ki dèyè tout fo kilti ak relijyon nan mond la. Satan pral fè tout bagay nan pouvwa li pou li opoze Bondye ak moun k’ap swiv Bondye yo. Sepandan, desten Satan sele - yon letènite nan lak dife a (Revelasyon 20:10).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kiyès ki Satan?
© Copyright Got Questions Ministries