settings icon
share icon
Kesyon

Kisa yon Kretyen ye?

Repons


Diksyone defini yon kretyen kom etan “ yon moun ki profese lafwa li nan JeziKris oswa yon moun kife pati yon relijyon ki ap bay ansèyman sou Jezikris ‘’. Definisyon diksyonè a pa kominike verite ke bib la bay sou konsèp sa. Mo "Kretyen" an itilize twa fwa nan nouvo testaman an (Akt 11:26; 26:28; 1 Pye 4:16) Se nan Antyoch ke yo te premye rele disip yo "kretyen" jan ke nou wè li nan ( Akt 11:26), paske yo te sanble ak Kris la nan konpotman yo, nan fason yo tap pale, e menm nan aktivite yo tap mennen. Mo "Kretyen" an vle di, " yon moun kap viv pou Kris la" oswa yon moun ki ap suiv Kris la."

Malerezman avèk le tan, mo "Kretyen an" vin pèdi vrè siyifikasyon li te genyen. Yo souvan itilize li pito, pou yo pale de yon moun ki relijye oswa ki gen gwo valè moral, menm si moun sa pap suiv Jezi toutbonvre . Anpil moun ki pa gen lafwa oubyen konfyans nan Jezikri, konsidere tet yo kom kretyen tou senpleman paske yo ale legliz, oubyen paske yo leve nan yon fanmi ki Kretyen. Men li enpotan pou w konnen ke , renmen ale legliz, genyen bon kè, fè anpil bon zèv imanitè, oubyen renmen ede moun ,pa vle di kew se Kretyen pou otan. Menm jan yon moun ki ale nan garaj pa vle di ke li se mekanisyen pou otan, ale legliz pa vle di kew se Kretyen pou otan.

Nan Titus 3:5 li ekri : « li te delivre nou. Li pa’t delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, chanje nou nèt e fe nou tounen yon moun nouvo pa pouvwa Sentespri an. » menm jan Jan 3:3; Jan 3:7 ak 1 Pye 1:23, di li : yon Kretyen se yon moun ki fèt yon dezyem fwa e ki mete konfyans li nan JeziKris. Efezyen 2:8 di nou ke se lafwa ke nou genyen nan Jezi Kris ki pemet ke nou jwenn gras pou nou sove, e sa pa soti nan nou menm, se yon kado ke Bondye fè nou.

Yon vre kretyen se yon moun ki mete konfyans ak lafwa li nan kiyès Jezikris ye, ak sa li te fè pou nou, tankou lanmo li sou lakwa kom peman peche nou yo, epi resisite ke li te resisite sou twazyem jou . nan Jan 1:12 li ekri: “Men, moun ki te aksepte l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.” 1 Jan 2 : 4,10 fè nou konnen ke, mak tout kretyen se lanmou pou prochen’ l ak obeyisans a pawol Bondye . Yon vre kretyen se yon moun ki vin tounen yon moun nouvo nan JeziKris, yon vre pitit Bondye ,yon man’m nan fanmi Bondye a.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa yon Kretyen ye?
© Copyright Got Questions Ministries