settings icon
share icon
Kesyon

Kisa legliz la ye?

Repons


Gen anpil moun jodi a ki konprann legliz la kòm yon bilding (yon kay). Sa a se pa konsa Bib la dekri legliz la. Mo "legliz" la soti nan mo Grèk ekklesia ki vle di "yon asanble" oswa "sa yo rele." Vrè siyifikasyon rasin mo "legliz" la se pa yon bilding, men se moun. Li se yon erè lè ou mande yon moun nan ki legliz yo ale, yo anjeneral idantifye yon bilding. Women 16: 5 di "... Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou." Pòl refere a legliz la ki nan kay yo a, men se pa yon kay legliz, men se yon gwoup moun kwè.

Legliz la se kò Kris la, ke li se tèt la. Efezyen 1: 22-23 di, "Bondye mete tout bagay anba pye Kris la, li mete l' pou l' sèl chèf legliz la. Legliz la se kò Kris la, li konplete Kris la. Kris la menm, avèk pouvwa li, li konplete tout bagay ki toupatou." Kò Kris te fome ak tout kwayan nan Jezi Kris la depi jou Pannkòt la (Travay chapit 2) jouk Kris la retounen. Kò Kris la gen de aspè:

1) Legliz inivèsèl la konsiste de tout moun ki gen yon relasyon pèsonèl ak Jezi Kris la. "Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a." (1 Korentyen 12:13). Vèsè sa a di ke nenpòt moun ki kwè se yon pati nan kò Kris la, epi moun sa’a te resevwa Lespri Kris la kòm prèv. Legliz inivèsèl Bondye a se tout moun ki te resevwa sali atravè lafwa yo nan Jezi Kris.

2) Legliz lokal la dekri nan Galat 1: 1-2: "Pòl, yon apòt ... Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m' pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo." Isit la nou wè ke nan pwovens Galasi te gen anpil legliz, nou rele kongregasyon sa yo legliz lokal. Yon legliz Batis, legliz Literyen, legliz Katolik, elatriye, se pa legliz la, nan sans legliz inivèsèl la - men pito yo se yon legliz lokal, yon kò kwayan lokal. Legliz inivèsèl la konpoze de moun ki fè pati Kris la epi ki te fè li konfyans pou delivre yo. Manm sa yo nan legliz inivèsèl la dwe chèche viv nan inyon ak edifikasyon nan yon legliz lokal.

An rezime, legliz la se pa yon bilding oswa yon denominasyon. Dapre Bib la, legliz la se kò Kris la - tout moun ki mete lafwa yo nan Jezi Kris pou delivre yo (Jan 3:16; 1 Korentyen 12:13). Legliz lokal yo se rasanbleman nan manm legliz inivèsèl la. Legliz lokal la se kote manm legliz inivèsèl la ka aplike tout prensip "kò" a nou jwenn nan 1 Korent chapit 12: ankouraje, anseye, epi pou youn bati lòt nan konesans ak favè Jezi Kris.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa legliz la ye?
© Copyright Got Questions Ministries