settings icon
share icon
Kesyon

Ki moun ki te kreye Bondye? Ki kote Bondye te soti?

Repons


Souvan moun ki pa kwè nan Bondye yo (moun yo rele Ate yo) ak moun ki rele tèt yo Eskeptik la (ki vle di moun ki doute yo) di konsa tout bagay bezwen yon kòz pou li ka egziste; konsa tou Bondye dwe bezwen yon rezon pou li egziste. Men sa yo vle di, se ke si Bondye bezwen yon rezon pou fè li egziste, ebyen, li pa Bondye vre (sa vle di si Bondye se pa Bondye, ebyen, natirèlman pa gen okenn Bondye). Sa a se yon fòm ki yon ti kras pi plis konplike nan menm kesyon sou zafè « Ki moun ki fè Bondye? » Nou tout konnen ke yon bagay pa soti nan anyen. Se konsa, si Bondye se “yon bagay, » Ebyen, Li dwe gen yon rezon, pa vre?

Kesyon an difisil paske li fofile nan yon fo sipozisyon ke Bondye te soti yon kote tou, konsa yo mande ki kote sa ta ka ye, kote Bondye soti a. Repons lan se ke kesyon an pa menm fè sans. Se tankou wap mande, «Ki sant koulè ble genyen?» Koulè ble pa fè kategori bagay ki gen yon sant, se konsa kesyon an se yon kesyon ki fè defo. Se konsa tou Bondye pa nan kategori bagay ki te kreye yo oswa ki yon bagay ki lakòz egzistans li. Pa gen pyès antite ki te lakòz Bondye egziste oubyen pakreye li. Bondye tou senpleman egziste.

Kijan nou fè konnen sa? Nou konnen byen pa gen anyen ki ka soti nan anyen. Se konsa, si gen yon tan pat gen anyen ki te egziste, ebyen, patap gen anyen ki egziste. Men, gen bagay ki egziste. Se poutèt sa, pliske li enposib pou pat janm gen anyen, konsa ta dwe gen yon bagay ki te egziste. Bagay sa a oubyen èt sa a ki te dwe egziste deja se li nou rele Bondye. Bondye se èt ki te lakòz tout lòt bagay yo antre nan egzistans. Bondye se Kreyatè ki san komansman an ki te kreye linivè a ak tout bagay ki ladan li.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki moun ki te kreye Bondye? Ki kote Bondye te soti?
© Copyright Got Questions Ministries