settings icon
share icon
Kesyon

Kalvinis vs Amyanis – kiyès opinyon ki kòrèk?

Repons


Kalvinis ak Amyanis yo se de (2) sistèm teyoloji ki eseye eksplike relasyon ki genyen ant souverènte Bondye a ak responsablite lèzòm nan kesyon sali a. Kalvinis yo pote non yo pou John Calvin, yon teyolojyen Fransè ki te viv soti nan ane 1509-1564. Amyanis yo pote non yo pou Jacobus Arminius, yon teyolojyen Olandè ki te viv soti nan ane 1560-1609.

Tou de (2) sistèm yo ka rezime ak senk (5) pwen. Kalvinis kenbe ideyoloji ke lèzòm total depravite pandan ke Amyanis kenbe yon depravite pasyèl. Doktrin eta depravite total Kalvinis la fè konnen ke limanite pèvèti pa peche; Se poutèt sa, èt imen yo pa kapab vini jwenn Bondye pa pwòp tèt pa yo. Si la yo ki sipòte opinyon depravite pasyèl di ke tout aspè nan limanite kourvri ak peche, men se pa nan limit ke èt imen yo pa kapab mete konfyans yo nan Bondye nan akò ak pwòp tèt yo. Remak: Amyanis konsevatris yo rejte "depravite pasyèl la" epi yo kenbe yon opinyon pi prè ak Kalvinis yo ki pale de "depravite total" (byenke fason yo konprann ak defini zafè depravite a se yon bagay ki lakòz deba nan mitan Amyanis yo). An jeneral, Amyanis yo kwè ke gen yon eta "entèmedyè" ant depravite total ak delivrans. Nan eta sa a, li vin posib pa favè Bondye, pechè a avanse sou Kris la epi li gen kapasite Bondye ba li pou li chwazi delivrans li anba peche.

Kalvinis kwè ke eleksyon an se yon bagay enkondisyonèl, pandan ke Amyanis yo kwè nan yon eleksyon kondisyonèl. Eleksyon enkondisyonèl la se opinyon ke Bondye chwazi moun li delivre yo ki baze sou volonte li, se pa sou anyen ke moun nan fè ki fè li merite sa. Eta eleksyon kondisyonèl la vle di ke Bondye chwazi moun pou li delivre yo sou baz de konesans li nan ki moun ki pral kwè nan Kris la pou yo vin delivre, kidonk sou kondisyon an ke moun nan chwazi Bondye.

Kalvinis wè ekspyasyon an kòm yon bagay ki limite, pandan ke Amyanis yo wè li kòm yon bagay san limit. Sa a se pwen ki plis kontwovèsyal la nan senk (5) pwen yo. Opinyon sou ekspyasyon limite a se kwayans ke Jezi sèlman mouri pou eli yo. Ekspyasyon san limit se kwayans ke Jezi te mouri pou tout moun, men ke lanmò li a pa efikas jiskaske yon moun resevwa li pa lafwa.

Kalvinis yo kwè ke favè Bondye a irezistib, pandan ke Amyanis di ke yon moun ka reziste favè Bondye a. Moun yo ki kwè ke gras irezistib yo fè konnen ke lè Bondye rele yon moun pou delivre li, moun sa a pral inevitableman vini jwenn Bondye (jwenn Sali a). Si la yo ki di ke lèzòm ka reziste favè Bondye di ke Bondye fè apèl ak tout moun pou delivre yo, men anpil moun reziste ak rejte apèl sa a.

Kalvinis fokis sou pèseverans sen yo (moun ki kwè yo) pandan ke Amyanis yo fokis sou sali kondisyonèl. Pèseverans Sen yo refere a konsèp ke yon moun ki eli pa Bondye ap pèsevere nan lafwa epi yo pa pral refize Kris pou tout tan oswa vire do ba li. Opinyon sou sali kondisyonèl la se ke yon kwayan nan Kris la kapab, nan pwòp volonte li, vire do bay Kris la epi pèdi delivrans li. Remake ke - anpil nan Amyanis yo rejte zafè "delivrans ak kondisyon an" olye de sa, yo kwè nan "sekirite etènèl."

Se konsa, nan deba ant Kalvinis vs Amyanis la, kiyès ki kòrèk? Li entèresan pou’n sonje ke nan divèsite nan kò Kris la, gen tout kalite melanj nan Kalvinis ak Amyanis. Gen senk (5) pwen sou Kalvinis ak senk (5) pwen sou Amyanis, ak an menm tan twa (3) pwen sou Kalvinis ak de (2) pwen sou Amyanis. Anpil nan Kwayan yo rive fè kèk sòt de melanj ak tou de (2) opinyon yo. Alafen, opinyon pa nou se ke tou de (2) opinyon sa yo rate nan tantativ ke yo eseye pou eksplike yon bagay ki ineksplikab. Èt imen yo pa anmezi pou konplètman konprann yon konsèp konsa. Wi, Bondye se absoliman souveren epi li konnen tout bagay. Wi, èt imen yo rele pou pran yon desizyon otantik pou mete lafwa nan Kris la pou Sali yo. De (2) bagay sa yo ta sanble kontradiktwa pou nou, men nan lespri Bondye a yo fè sans pafè.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kalvinis vs Amyanis – kiyès opinyon ki kòrèk?
© Copyright Got Questions Ministries