settings icon
share icon
Kesyon

Ki kote Jezi te ye pandan twa jou ki genyen ant lanmò Li ak rezireksyon Li a?

Repons


1 Pyè 3:18-19 di, "Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò. Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo." Mo Lespri a refere a lespri Kris la. Kontras ki se ant kò Li ak Lespri Li, se pa ant kò Kris la ak Sentespri a. Kò Kris la te mouri, men lespri Li te rete vivan.

1 Pyè 3:18-22 dekri yon lyen nesesè ant soufrans Kris la (vèsè 18) ak glorifikasyon Li (vèsè 22). Se sèlman Pyè ki bay enfòmasyon espesifik sou sa ki te pase ant de evènman sa yo. Vèsyon KJV an di ke Jezi "t'ap preche" lespri ki nan prizon yo (vèsè 19). Sepandan, mo Grèk ki itilize se pa mo ki abitye itilize nan Nouvo Testaman pou siyifi preche. Li senpleman vle di "anonse yon mesaj"; vèsyon NIV a tradui l kòm "fè yon pwoklamasyon." Jezi te soufri e Li te mouri sou kwa a, kò l te sibi lanmò. Men, lespri L te vivan, epi Li te sede l bay Papa a (Lik 23:46). Dapre Pyè, nan yon peryòd tan ant lanmò Jezi ak rezirèksyon Li, Jezi te fè rele dènye pwoklamasyon espesyal bay "lespri ki nan prizon yo."

Nan Nouvo Testaman an, mo lespri a dekri zanj oswa demon, non pa moun. Nan 1 Pyè 3:20, Pyè te refere a moun kòm "nanm" (vèsyon Bib Anglè KJV). Epitou, pa gen okenn kote nan Bib la ki di ke Jezi te vizite lanfè. Acts 2:31 di ke Li te ale nan kote mò yo ye (vèsyon NASB), men kote mò yo ye a se pa lanfè, se yon kote tanporè mò yo ye pandan yap tann rezireksyon. Revelasyon 20:11-15 nan vèsyon NASB ak NIV fè yon diferans klè ant kote mò yo ye a ak letan dife a. Letan dife pèmanan, kote final pou moun ki pèdi nan jou jijman an. Kote mò yo ye a se yon kote tanporè pou e moun ki pèdi yo sen yo nan Ansyen Testaman an.

Seyè nou te rann lespri li bay Papa a, Li te mouri fizikman, e Li te antre nan paradi (Lik 23:43). Nan kèk tan ant lanmò li ak rezirèksyon Li a, Jezi te vizite tou yon plas kote Li te delivre yon mesaj bay lespri yo (pwobableman zanj dechi. gad Jude 1:6); yon fason ou yon lòt, èt sa yo te gen rapò ak peryòd anvan gwo inondasyon an nan epòk Noye a (1 Pyè 3:20). Pyè pa di nou kisa Jezi te di lespri nan prizon yo, men li pat kapab yon mesaj redanmsyon paske zanj paka sove (Ebre 2:16). Li te pwobableman yon deklarasyon viktwa sou Satan ak asosye l yo (1 Pyè 3:22; Kolosyen 2:15). Efezyen 4:8-10 tou sanble pale konsènan aktivite Jezi nan tan ki te pase ant lanmò Li ak rezirèksyon Li a. Selon Sòm 68:18, Pòl di sou Kris la, "lè Li te moute anwo a, Li te pran anpil prizonye" (Efezyen 4:8). vèsyon ESV a di ke Jezi te "dirije yon lame prizonye.” Ta sanble sa vle di ke nan paradi a, Jezi te rasanble tout moun rachte ki te la yo e Li te mennen yo nan kay pèmanan yo nan syèl la.

Tout sa a vle di, Bib la pa totalman klè sou kisa egzakteman Kris la te fè pandan twa jou ki te genyen ant lanmò Li ak rezireksyon Li a. Sa nou konprann sè ke Li te konsole sen Ansyen Testaman e Li te mennen yo lakay etènèl yo, epi Li te pwoklame viktwa sou zanj dechi ki te nan prizon yo. Sa nou asire n de li sè ke Jezi pa tal bay okenn moun yon dezyèm chans pou yo sove; nou ap fè fas a jijman apre lanmò (Ebre 9:27), pa yon dezyèm chans. Epitou, Li pa tap soufri nan lanfè; travay redanmsyon L te pran fen sou lakwa a (Jan 19:30).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki kote Jezi te ye pandan twa jou ki genyen ant lanmò Li ak rezireksyon Li a?
© Copyright Got Questions Ministries