settings icon
share icon
Kesyon

Eske Jezi se sèl chemen ki mennen nan Syèl la?

Repons


Wi, Jezi se sè l chemen ki mennen nan Syèl la. deklarasyon sa a kapap fè’w trouble ,sezi e menm ka ofanse yon moun , men se vérité ke li ye. Bib la fè nou konnen ke gen yon sèl fason ke yon moun kapab sove :lafwa nan Jezikris. Jezi di nou sa nan Jan 14:6 "Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase pa mwen." Li pa yon chemen pami tout chemen yo non, men, li se sèl chemen an Kelkeswa nivo sosyal ou, edikasyon kew ta genyen , kantite richès kew ta posede, oubyen gwo frekantasyon kew ta genyen e menm loske ou ta pi bon moun ki egziste sou latè, se Sèlman a travè Jezikris ke ou kapab jwenn Sali.

Jezi se sèl chemen ki mennen nan syèl la pou plizye rezon :
- Bondye Papa a te chwazi Jezi "pou Li te vin Sove nou 1 Pye 2:4.
- Li se sèl moun ki te desann soti nan syèl la epi ki retounen anko (Jan 3:13)
- Li se sèl moun ki pat janm peche (Ebre 4:15).
- Li se sèl sakrifis pou peche nou yo (1 Jan 2:2; Ebre 10:26).
- Se li menm sel ki te akonpli Lalwa a ak Pwofesi yo (Matye 5:17).
- Li se sèl moun ki te gen viktwa sou lanmo pou tout tan (Ebre 2:14-15).
- Li se sèl medyate ant Bondye Papa a e lom (1 Timote 2:5).
- Li se sèl moun Bondye Papa egzalte (Filipyen 2:9).

Jezi te prezante tèt Li plizye fwa nan Bib la kom etan sèl chemen ki mennen nan Syèl la pa egzanp nan Jan 14:6. Li te prezante tèt li kom objè lafwa nan Matye 7:21-27. Nan Jan 6:63 Li presize ke pawol li yo se lavi, e Jan 3:14–15 Li pwomèt ke moun ki kwè nan li yo ap gen aksè a lavi etenèl la; nan Jan 6:35 li di ke li se pen lavi a ;e Jan 11:25 ,rezirèksyon an . Pa gen Okenn lot moun ki dign pou pale de tèt li nan fason sa.

Predikasyon Apot yo focus sou lanmo ak rezireksyon Senyè nou an JeziKris. Nan Akt 4:12 , Pyè tap pale ak Sanedren yo, e li te di klèman ke Jezi se sèl wout ki mennen nan syèl la: " Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.” Nan Akt 13:38-39 Paul tap pale nan sinagog antyoch la ,li di : ‘’ Frè’m yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche ke lalwa Moyiz la pa’t ka wete pou yo.”

Nan lèt Jan ekri legliz yo , an rezime, li presize ke Kris la se sèl moyen pou peche nou yo jwenn padon, 1 Jan 2:12 : "Mwen ekri nou timoun, paske peche nou yo te padone non Li". Pa gen okenn lot moun ke Jezikris ki ka padone peche.

Lavi etenèl nan syèl la posib sèlman nan Kris la. Nan Jan 17:3 Jezi te priye: "sa se lavi etenèl la: pou yo kapab konnen ou, kom etan sèl vre Dye a, ak Jezikri, ke ou te voye a." Pou resevwa kado lavi etenèl la , fok ou kapab gade sou Jezi sèlman, fok ou kapab kwè ke Jezi te mouri sou lakwa pou peche nou yo te kapab jwenn padon, e ke li te resisite byen vivan soti nan lanmo. Jan Romen 3:22 di li : ’’Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri ke Bondye fè yo gras. Li fè’l pou tout moun ki kwè nan Kris la.’’

Nan yon pwen nan ministè Jezi a, anpil nan foul moun ki tap swiv li yo te vire ba Li. Nan Jan 6:67 nou wè kote Jezi te mande douz disip yo: ‘‘Nou menm, nou pa vle ale tou? Vèsè 68, Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou’n ta al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki pap janm fini an. Vèsè 69, Koulye a nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye Papa a te chwazi a.

Se pou nou tout pataje menm lafwa sa, Se pou nou tout kwe menm janm ak Pyè, ke lavi etènèl la soti sèlman nan Jezikri.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Eske Jezi se sèl chemen ki mennen nan Syèl la?
© Copyright Got Questions Ministries