settings icon
share icon
Kesyon

Èske Jezi te kloure yon Vandredi?

Repons


Bib la pa eksplike klè nan ki jou nan semèn nan Jezi te kloure sou kwa. De (2) opinyon ki plis popilè yo di li se Vandredi ak Mèkredi. Sepandan gen kèk moun ki pa dakò ak lide Vandredi a ak Mèkredi a, konsa yo prezante yon sentèz, yo di Jezi te mouri yon jou Jedi.

Jezi te di nan Matye 12:40 : «Menm jan Jonas te pase twa (3) jou twa (3) nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa (3) jou, twa (3) nwit anba tè a.» Moun yo ki di ke Jezi te mouri nan Vandredi a, di ke gen evidans ki valab ki prouve ke Jezi te kapab pase twa (3) jou nan tonbo a. Daprè Jwif yo nan premye syèk la, yo te konsidere yon pati nan jounen an tankou yon jou konplè. Pliske Jezi te nan kavo a pou yon pati nan Vandredi, tout jou Samdi, ak yon pati nan Dimanch, yo te ka konsidere ke Jezi te nan kavo a pou twa (3) jou. Youn nan agiman prensipal pou jou Vandredi a, yo jwenn li nan Mak 15:42, ki fè konnen ke Jezi te kloure sou kwa «jou anvan jou repo a.» Si se te jou repo a chak semèn, ki vle di Samdi, kidonk gen evidans pou nou ta di ke Jezi te krisifye nan Vandredi. Yon lòt agiman pou jou Vandredi a, di ke vèsè tankou Matye 16:21 ak Lik 9:22 anseye ke Jezi ta leve sou twazyèm jou a. Se poutèt sa, Li pat bezwen nan kavo a pou twa (3) jou ak twa (3) nwit anplen. Men, pandan ke kèk tradiksyon itilize «nan twazyèm jou a» pou vèsè sa yo, se pa tout moun ki dakò ke «nan twazyèm jou a» se pi bon fason pou tradwi vèsè sa yo. Anplis de sa, Mak 8:31 di nou ke Jezi t’ap leve soti vivan «apre» twa (3) jou.

Moun yo ki di ke Jezi te mouri nan yon jou Jedi a, fè yon elajisman sou sa moun ki te di Jezi te mouri nan yon jou Vandredi a. Moun ki kwè li te mouri nan yon jou Jedi a, fè konnen ke gen twòp evènman (gen kèk moun ki di te gen anviron ven (20) evènman konsa) ki t’ap pase ant antèman Kris la soti Vandredi swa pou rive Dimanch maten. Moun ki panse ke Jezi te mouri nan yon you Jedi a, di konsa : sa a se yon pwoblèm lè sèl jou anplen ant Vandredi ak Dimanch te Samdi, jou repo Jwif yo. Lè yo ajoute youn (1) oswa de (2) jou anplis, pwoblèm sa a, elimine. Moun k’ap defann ide Jezi te mouri yon jou Jedi a, te kapab di konsa: sipoze ou pat wè yon zanmi depi lendi aswè. Pwochèn fwa ou wè li se Jedi maten epi ou di : «Mwen pat wè ou nan twa (3) jou» menmsi teknikman ou gen sèlman 60 èdtan (de (2) jou edemi). Si Jezi te kloure sou kwa nan Jedi, egzanp sa a moutre ki jan li ta ka fè twa (3) jou nan kavo a.

Moun yo ki panse ke Jezi te mouri yon jou Mèkredi a, di konsa te gen de (2) jou repo nan semèn sa a. Apre premye a (ki se te jou ki te pase nan aswè yo te fin kloure Jezi a (Mak 15:42; Lik 23: 52-54), Medam yo te achte epis santi bon, sonje byen ke yo te achte sa yo te bezwen yo apre jou Saba a (Mak 16:1). Moun ki panse ke Jezi te mouri nan yon jou Mèkredi a, konsidere « jou repo » sa a se te fèt Pak la (gade Levitik 16:29-31, 23:24-32, 39, kote gwo jou apa pou Bondye a ki pa nesesèman setyèm jou nan semèn nan, yo refere l’ kòm jou repo a). Dezyèm Saba (jou repo a) nan semèn sa a se te jou saba (repo) nòmal la menm jan ak chak semèn. Remake byen ke nan Lik 23:56 ke medam yo ki te achte epis santi bon yo te tounen lakay yo, pou yo te prepare epis santi bon yo te achte a, apre premye jou repo a. Yo te prepare epis santi bon yo epi «yo te repoze nan jou Saba.» Moun yo ki panse ke Jezi te mouri yon jou Mèkredi a, di konsa medam yo pat kapab achte epis santi bon yo apre jou repo a epi yo pat kapab prepare yo anvan jou repo a. Sa ta posib sof si te gen de (2) jou repo. Moun yo ki panse te gen de (2) jou repo a di konsa, si yo te kloure Kris la nan yon jou Jedi, lè sa a, gwo jou repo apa pou Bondye a ki se (Fèt Pak la) tap kòmanse Jedi lè solèy ta pral kouche epi li tap fini nan Vandredi lè solèy ta pral kouche nan kòmansman jou saba a (repo) oswa Samdi. Si yo te achte epis santi bon yo apre premye jou repo a (Fèt Pak) sa ta vle di ke yo achte yo nan Samdi konsa yo te vyole lwa saba a (jou repo a).

Se poutèt sa, se te eksplikasyon moun ki panse ke Jezi te mouri nan yon jou Mèkredi a, sèlman ki pa vyole sa ki ekri nan Bib la sou afè medam yo kite ale achte epis santi bon yo. Apwòch sa a konprann sa ki ekri nan Matye 12:40 lan jan li ye a, kidonk Kris la te kloure sou kwa nan Mèkredi. Jou Saba a ki te yon gwo jou apa pou Bondye (ki se te fèt Delivrans) yo te fete li nan Jedi. Medam yo te achte epis santi bon yo (apre sa) kidonk nan Vandredi. Medam yo te tounen kote yo te rete a pou yo te prepare epis santi bon yo nan menm jou a. Yo repoze nan Samdi ki te jou repo a (saba) menm jan sa te konn fèt chak semèn nan, apre sa a, yo te pote epis santi bon yo nan kavo a byen bonè Dimanch maten. Yo te antere Jezi nan Mèkredi lè solèy la ta pral kouche, daprè kalandriye Jwif yo, sa a se te kòmansman jou Jedi a. Si nou ta sèvi ak yon kalandriye Jwif, nou gen Jedi swa (ki ban nou yon nwit), Jedi maten (ban nou yon jou), Vandredi swa (ban nou de (2) nwit), Vandredi maten (ban nou de (2) jou), Samdi swa (ban nou twa (3) nwit), Samdi maten (ban nou twa (3) jou). Nou pa konnen egzakteman a ki lè Jezi te leve, men nou konnen ke li te resisite anvan solèy la leve nan Dimanch maten. Li te kapab resisite apre solèy te fin kouche Samdi aswè, ki te kòmanse premye jou nan semèn lan nan kalandrye Jwif yo. Yo te dekouvri ke kavo a te vid jis lè solèy t’ap leve (Mak 16:2), anvan li te fin nèt (Jan 20:1).

Gen yon pwoblèm nan opinyon moun ki di ke Jezi te mouri nan yon Mèkredi a paske disip yo ki te mache avèk Jezi sou wout Emayis la lè li te fin resisite te fè sa nan «menm jou a» li te leve soti pami mò yo (Lik 24:13). Disip yo pat rekonèt Jezi, konsa yo te komanse rakonte li de kijan yo te kloure Jezi a (24:21) epi yo di ke «jodi a se twazyèm jou a depi bagay sa yo rive» (24:22). Soti Mèkredi pou rive Dimanch fè jiska kat (4) jou. Fason ke nou te ka eksplike sa sè ke disip yo te konte soti depi Mèkredi aswè lè yo te antere Kris la, ki te kòmansman jou Jedi daprè kalandrye Jwif la, men y’ap twa (3) jou si yo ta konte soti Jedi pou rive Dimanch.

Lè nou konsidere tout bagay, li pa twò enpòtan pou nou konnen ki jou egzat nan semèn nan Kris la te kloure sou kwa. Si li te gen anpil enpòtans, Bib la ki se pawòl Bondye a tap fè nou konnen ki jou ak ki lè sa te pase. Sa ki enpòtan sè ke li te mouri epi li te fizikman, kòporèlman leve soti vivan nan lanmò. Ki sa ki gen enpòtans se rezon ki fè li te mouri a. Li te mouri pou li te pran fado ak pinisyon ke nou menm ki pechè te merite. Jan 3:16 ak 3:36 di ke si nou mete konfyans ou nan li n’ap gen lavi etènèl! Kit li te kloure nan yon jou Mèkredi, Jedi oswa Vandredi, verite sa a pap janm chanje.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Jezi te kloure yon Vandredi?
© Copyright Got Questions Ministries