settings icon
share icon
Kesyon

Kisa sa vle di ke Jezi se Pitit Bondye a?

Repons


Jezi se pa Pitit Bondye a nan sans nou konnen yon papa ak yon pitit gason sou tè a. Bondye pat marye epi li gen yon pitit gason. Bondye pat marye ak Mari, epi fè yon pitit gason ansanm ak li. Jezi se Pitit Bondye a nan sans ke li se Bondye kite pran fòm ko yon imen (Jan 1:1-14). Jezi se Pitit Bondye a ke Mari te rive akouche pa pouvwa Sentespri a. Lik 1:35 di nou : «Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele’l Pitit Bondye.»

Lè li te nan jijman devan dirijan Jwif yo, gran prèt la te mande Jezi, «Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Èske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?» (Matye 26:63). « Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jodi a n'a wè m', mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen tout pouvwa a, n'a wè m'ap vini sou nyaj yo nan syèl la» (Matye 26:64). Lidè Jwif yo reponn li epi yo te akize Jezi kòm moun ki t’ap blasfème non Bondye (Matye 26:65-66). Pita, devan Pons Pilat, «Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Daprè lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye» (Jan 19:7). Poukisa li merite mouri paske li te deklare ke li se Pitit Bondye a, kisa li di la ki fè yo panse l’ap blasfème non Bondye a, kidonk, li merite kondane pou li mouri? Lidè Jwif yo te konprann egzakteman ki sa Jezi te vle di lè li te deklare ke li se « Pitit Bondye a.» Pou’w Pitit Bondye sa vle di ou dwe gen menm nati (kalite) ak Bondye. Pitit Bondye a se «Bondye.» Pou lidè Jwif yo, zafè pou yon moun gen menm kalite ak Bondye, deklarasyon sa se te blasfème non Bondye. Se poutèt sa, yo te mande lanmò pou Jezi ; yo t’ap swiv prensip lwa ki nan Levitik 24:15 la. Ebre 1:3 di sa trè byen klè, «Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, li gen menm nati (kalite) ak Bondye.»

Nou ka jwenn yon lòt egzanp nan Jan 17:12, kote yo dekri Jida kòm «pitit gason ki pèdi a.» Jan 6:71 di nou ke Jida te pitit Simon. Kisa Jan 17:12 vle di lè li dekri Jida kòm «pitit gason ki pèdi a»? Mo pèdisyon an vle di « destriksyon, kraze, gaspiye.» Literalman sa pa vle di ke Jida se «pitit gason destriksyon an, ki kraze a, oubyen gaspiye a,» men mo sa yo te dekri lavi Jida. Jida te yon moun ki te pèdi. Nan menm fason sa, Jezi se Pitit Bondye. Pitit Bondye a se Bondye. Jezi se Bondye (Jan 1:1,14).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa sa vle di ke Jezi se Pitit Bondye a?
© Copyright Got Questions Ministries