settings icon
share icon
Kesyon

Poukisa zafè vyèj la fè pitit la gen anpil enpòtans?

Repons


Doktrin sou zafè vyèj la fè pitit la gen anpil enpòtans (Ezayi 7:14; Matye 1:23; Lik 1:27, 34). Premyèman, ann gade kijan kèk pasaj nan Bib la eksplike sak te pase a. Mari te mande zanj lan, «Kijan sa pral fè rive?» (Lik 1:34), daprè Lik 1:35, zanj Gabriyèl reponn li, « Sentespri a pral desann sou ou, pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj.» Zanj lan ankouraje Jozèf pou li pa pè pran Mari pou madanm li avèk pawòl sa yo: « Pitit Mari ap pote a se travay Sentespri a » (Matye 1:20). Matye deklare ke jèn fi vyèj la «te twouve’l ansent pa pouvwa Sentespri a» (Matye 1:18). Menm jan an tou Galat 4:4 anseye sou nesans zafè pitit jèn fi ki te vyèj la te fè a: «Bondye te voye pwòp pitit li a, soti nan vant yon jèn fi.»

Daprè pasaj sa yo, li sètènman klè ke nesans Jezi a se te rezilta travay Sentespri a nan Mari. Lespri sa a (ki pa yon bagay materyèl) ak vant Mari (ki se yon bagay materyèl) tou de (2) te patisipe pou rann mèvèy sa posib. Nou ka konprann sa ke Mari pat kapab ansent tèt li pou kont li ; nan sans sa a nou wè ke Mari te tou senpleman yon « veso.» Se sèlman Bondye ki te kapab fè mirak sa pou li pran fòm yon moun.

Sepandan, si nou pa ta kwè gen yon koneksyon fizik ant Mari ak Jezi, sa ta vle di ke Jezi pat vrèman et imen. Bib la anseye nou ke Jezi te yon vrè imen, epi li te gen yon kò fizik menm jan ak nou. Li te resevwa kò fizik sa bò kote Mari. Menm jan tou, Jezi Kris te san pou san Bondye, li te viv san peche (Jan 1:14; 1Timote 3:16; Ebre 2:14-17).

Jezi pat fèt nan peche. Li pat gen okenn nati peche (Ebre 7:26). Li ta sanble ke menm jan ke nati peche te antre nan mond lan soti nan yon jenerasyon ak yon lòt jenerasyon atravè yon nonm (Women 5:12, 17, 19). Lè jèn fi vyèj te fè pitit la, Bondye te detounen transmisyon nati peche sa epi li pèmèt Bondye etènèl la vin yon nonm pafè.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Poukisa zafè vyèj la fè pitit la gen anpil enpòtans?
© Copyright Got Questions Ministries