settings icon
share icon
Kesyon

Kisa sa vle di ke limanite fèt nan imaj Bondye (Jenèz 1:26-27)?

Repons


Nan dènye jou kreyasyon an, Bondye te di, "Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou" (Jenèz 1:26). Se konsa, li te fini travay li avèk yon "touchman pèsonèl." Bondye te fòme Adan soti nan pousyè tè a, li bay Adan lavi, li pataje pwòp souf li ak Adan(Jenèz 2:7). An konsekans, lèzòm inik nan mitan tout kreyasyon Bondye a, li gen tou de (2), yon kò materyèl ak yon nanm imen / lespri imateryèl.

Gen "imaj" oswa "sanble" ak Bondye vle di, nan tèm ki pi senp, ke nou te kreye pou nou sanble ak Bondye. Adan pat sanble ak Bondye nan sans ke Bondye gen chè ak san. Bib la di ke "Bondye se lespri" (Jan 4:24) se poutèt sa li egziste san yon kò. Sepandan, kò Adan te reflete lavi Bondye a se konsa li te kreye nan sante pafè epi li pa te sijè a lanmò.

Imaj Bondye a (Laten: imago dei) refere a pati imatryèl limanite a. Li etabli èt imen apa de mond bèt yo, li bay yo karaktè ke yo bezwen pou domine, jan Bondye te gen entansyon pou yo sou tè a (Jenèz 1:28), epi li pèmèt yo kominike avèk Kreyatè yo a. Li se yon resanblans mantalman, moralman, ak sosyalman.

Mantalman, limanite te kreye kòm yon rasyonèl, yon ajan volontè. Konsa, èt imen ka rezone ak chwazi. Sa a se yon refleksyon de intèlijans Bondye ak libète. Nenpòt lè yon moun envante yon machin, ekri yon liv, pentire yon jaden flè, jwe yon senfoni, kalkile yon sòm, oswa bay yon bèt lakay non, l’ap pwoklame lefèt ke nou fèt nan imaj Bondye a.

Moralman, limanite te kreye nan lajistis ak inosans pafè, yon refleksyon nan sentete Bondye a. Bondye te wè tout sa li te fè (limanite enkli) epi li te di sa te "trè bon" (Jenèz 1:31). Konsyans nou oswa "abilite (konpa) moral" se yon pati nan eta orijinal sa a. Chak fwa yon moun ekri yon lwa, gen repiyans pou sa ki mal, fè lwanj bon konpòtman, oswa santi li koupab, li konfime lefèt ke nou te fèt nan pwòp imaj Bondye a.

Sosyalman, limanite te kreye pou rete an amoni ak Bondye. Sa a reflete nati trinite Bondye a ak lanmou li. Nan jaden Edenn, relasyon prensipal imen an se te avèk Bondye (Jenèz 3:8 vle di ansanm ak Bondye), epi Bondye te fè premye fanm lan paske "li pa bon pou nonm nan te poukont li" (Jenèz 2:18). Chak fwa yon moun marye, fè yon zanmi, bay yon timoun akolad, oswa ale nan legliz, li montre ke nou fèt nan pòtre Bondye.

Pliske Adan te fèt nan imaj Bondye, Adan te gen kapasite pou fè chwa libreman. Malgre ke yo te resevwa yon nati jis, Adan ak Èv te fè yon chwa ki mal pou rebèle kont Kreyatè yo. Nan sa yo te fè a, yo te defigire imaj Bondye a, epi yo te pase move imaj sa yo te kreye a bay tout pitit pitit yo (desandan yo) (Women 5:12). Jodi a, nou toujou pote imaj Bondye (Jak 3:9), men tou nou toujou pote mak peche a. Mantalman, moralman, sosyalman, ak fizikman, nou montre efè peche a.

Bon nouvèl la se ke lè Bondye rachte yon moun, Bondye kòmanse retabli imaj orijinal la, li kreye yon "nouvo moun, kreye pou tankou Bondye nan vrè jistis ak sentete" (Efezyen 4:24). Redanpsyon sa a disponib sèlman nan Bondye ki fè favè atravè lafwa nan Jezikri kòm Sovè nou soti nan peche a ki separe nou soti nan Bondye (Efezyen 2:8-9). Atravè Kris la, nou devni yon nouvo kreyasyon ki sanble ak Bondye (2 Korent 5:17).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa sa vle di ke limanite fèt nan imaj Bondye (Jenèz 1:26-27)?
© Copyright Got Questions Ministries