settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki Gran fotèy Blan Jijman an?

Repons


Revelasyon 20:11-15 dekri gran fotèy blan jijman an, epi li se jijman final la anvan ke sila yo ki pèdi a jete nan lak dife a. Nou konnen daprè Revelasyon 20:7-15 ke jijman sa a pral fèt apre milenè a ak apre Satan, bèt la, ak fo pwofèt la jete nan letan dife a (Revelasyon 20:7-10). Liv yo ki ouvè yo (Revelasyon 20:12) gen ladan dosye tout zèv tout moun, si yo bon oswa sa ki mal, paske Bondye konnen tout bagay ke nou te di, fè, oswa menm te panse, epi li pral rekonpanse oswa pini chak moun kòmsadwa ( Sòm 28:4; 62:12; Women 2:6; Revelasyon 2:23; 18:6; 22:12).

Epitou nan moman sa a, yon lòt liv louvri, ki rele "liv lavi" (Revelasyon 20:12). Li se liv ki detèmine si yon moun ap eritye lavi etènèl avèk Bondye oswa resevwa pinisyon etènèl nan letan dife a. Malgre ke kretyen yo ap responsab pou aksyon yo, yo padone nan Kris la ak non yo te ekri nan "liv lavi ki soti nan kreyasyon mond lan" (Revelasyon 17:8). Nou konnen tou daprè Bib la ke se nan jijman sa a lè moun ki mouri yo pral "jije daprè sa yo te fè" (Revelasyon 20:12) epi "non nenpòt moun " ki pat ekri nan liv ki bay lavi a" pral "jete nan letan dife a" (Revelasyon 20:15).

Lefèt ke pral gen yon jijman final pou tout moun, tou de (2), kwayan ak enkonveti, konfime byen klè nan anpil pasaj nan Bib la. Chak moun gen pou kanpe yon jou devan Kris la epi yo pral jije pou sa yo te fè. Pandan ke li trè klè ke gwo jijman twòn blan se jijman final la, Kretyen pa dakò sou kijan li gen rapò ak lòt jijman yo mansyone nan Bib la, espesyalman, ki moun ki pral jije devan gwo fotèy blan jijman an.

Gen kèk Kretyen ki kwè ke Ekriti yo revele twa (3) jijman diferan ki gen pou vini. Premye a se jijman an mouton yo ak kabrit yo oswa yon jijman pou nasyon yo (Matye 25:31-36). Sa a pran plas apre peryòd tribilasyon an, men anvan milenè a; Objektif li se detèmine kiyès ki pral antre nan wayòm milenè a. Dezyèm lan se yon jijman sou travay kwayan yo, souvan yo refere ak li kòm "chèz jijman [bema] Kris la" (2 Korent 5:10). Nan jijman sa a, Kretyen yo ap resevwa degre rekonpans pou travay yo oswa sèvis yo bay Bondye. Twazyèm lan se gwo jijman fotèy blan nan fen milenè a (Revelasyon 20:11-15). Sa a se jijman enkwayan yo kap jije daprè zèv yo epi yo kondane pou pinisyon etènèl nan letan dife.

Gen kèk lòt Kretyen ki kwè ke tout le twa (3) jijman sa yo pale de menm jijman final la, yo pa twa (3) jijman separe. Kidonk, gwo jijman fotèy blan nan Revelasyon 20:11-15 pral tan ke ni kwayan ak enkwayan ap sanble pou yo jije. Moun ki gen non ekri nan liv lavi a pral jije pou zèv yo nan lide pou detèmine rekonpans yo pral resevwa oswa pèdi. Moun ki pa gen non yo nan liv lavi a pral jije daprè zèv yo pou detèmine degre pinisyon yo pral resevwa nan lak dife a. Moun yo ki gen opinyon sa a kwè ke Matye 25:31-46 se yon lòt deskripsyon sou sa ki pran plas nan gwo jijman fotèy blan. Yo lonje dwèt sou lefèt ke rezilta jijman sa a se menm ak sa ki wè apre gwo jijman fotèy blan nan Revelasyon 20:11-15. Mouton yo (kwayan) antre nan lavi etènèl, pandan ke kabrit yo (enkonveti) yo jete nan "pinisyon ki p'ap janm fini an" (Matye 25:46).

Kèlkeswa opinyon yon moun genyen sou gwo jijman fotèy blan, li enpòtan pou’n pa janm pa fikse je nou sou enfòmasyon konsènan jijman vini an (yo). Premyèman, Jezikri pral jij, Kris la ap jije tout enkwayan yo, epi yo pral pini daprè zèv yo te fè. Bib la trè klè ke enkwayan yo estoke, y’ap fè kòlè kont tèt yo (Women 2:5) e ke Bondye ap "bay chak moun daprè sa li te fè" (Women 2:6). Kwayan yo pral jije tou pa Kris la, men pliske jistis Kris la te eksprime pou nou ak non nou ekri nan liv lavi a, nou pral rekonpanse, men se pa pinisyon, daprè zèv nou yo. Ròm 14:10-12 di ke nou tout ap kanpe devan chèz jijman Kris la e ke chak nan nou ap pral reponn Bondye pou sa nou te fè.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki Gran fotèy Blan Jijman an?
© Copyright Got Questions Ministries