settings icon
share icon
Kesyon

Ki pi bon fason pou etidye Bib la?

Repons


Detèmine definisyon sa ki ekri nan Bib la se youn nan travay ki pi enpòtan yon kwayan genyen nan lavi sa a. Bondye pa di nou ke nou dwe li Bib la tou senpleman. Nou dwe etidye li epi okipe li kòrèkteman (2 Timote 2:15). Etidye Bib la se yon travay ki pa fasil. Si’w sèlman pote yon kout je nan Bib la san’w pa pran tan’w sa ka lakòz ou trè mal konprann li. Se poutèt sa, li enpòtan pou’w konprann plizyè prensip pou detèmine vrè siyifikasyon sa ki ekri nan Bib la.

Premyèman, moun k’ap etidye la Bib dwe lapriyè epi mande Sentespri a pou li bay yo konpreyansyon, paske sa se youn nan fonksyon Sentespri a. "Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive."(Jan 16:13). Menm jan Sentespri a te gide apot yo pou yo te ekri Nouvo Testaman an, Sentespri a gide nou pou nou konprann Bib la. Sonje byen, Bib la se liv Bondye a, nou bezwen mande Bondye kisa sa ki ekri nan liv li a vle di. Si ou se yon Kretyen, otè Bib la, Sentespri a rete nan ou, epi li vle ou konprann sa li te ekri a.

Dezyèmman, nou pa dwe rale yon vèsè soti nan Bib la pou n’ap eseye detèmine sa vèsè a vle di an deyò de kontèks la. Nou ta dwe toujou li vèsè ki antoure yo ak chapit yo pou nou dekouvri kontèks la. Pandan ke tout Ekriti soti nan Bondye (2 Timote 3:16; 2 Pyè 1:21), Bondye itilize lèzòm pou yo te ekri li. Mesye sa yo te gen yon tèm nan lide yo, yon bi pou yo te ekri, ak yon pwoblèm espesifik yo t’ap adrese. Nou ta dwe li istwa (background) liv la n’ap etidye nan Bib la pou nou chache konnen ki moun ki te ekri liv la, pou ki moun li te ekri li, kilè liv la te ekri, ak poukisa li te ekri. Epitou, nou dwe kite tèks la pale pou tèt li. Pafwa gen moun ki bay yon tèks pwòp siyifikasyon pa yo nan lide pou yo ka jwenn entèpretasyon yo vle a.

Twazyèmman, nou pa dwe eseye endepandan totalman nan etid nou sou Bib la. Li se arogans pou yon moun panse ke li pa ka jwenn konesans nan travay tout lòt moun ki pase lavi yo ap etidye Bib la. Gen kèk moun ki nan erè, yo apwoche Bib la ak lide ke yo pral depann sou Sentespri a sèlman pou yo ka dekouvri tout verite yo ki kache nan ekriti ki nan Bib la. Kris la, lè li bay Sentespri a, li bay moun ki gen don espirityèl nan kò Kris la. Youn nan kado espirityèl sa yo se ke gen moun ki gen don pou yo anseye (Efezyen 4:11-12; 1 Korent 12:28). Seyè a ba nou pwofesè sa yo pou ede nou konprann kòrèkteman epi obeyi Bib la. Li toujou bon lè ou etidye Bib la ak lòt kwayan, ede youn ak lòt pou konprann ak aplike verite ki nan Pawòl Bondye a.

Se konsa, pou nou fini, Ki pi bon fason pou etidye Bib la? Premyèman, atravè lapriyè ak imilite, nou dwe konte sou Sentespri a pou ba nou konpreyansyon. Dezyèmman, nou dwe toujou etidye Bib la nan kontèks li yo, rekonèt ke Bib la eksplike tèt li. Twazyèmman, nou ta dwe respekte efò lòt Kretyen te fè, ni sa ki pase yo ak sa prezan yo, yo menm tou yo t'ap chache byen etidye Bib la. Sonje byen, Bondye se otè Bib la epi Li vle nou konprann li.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki pi bon fason pou etidye Bib la?
© Copyright Got Questions Ministries