Fanm pastè / predikatè? Ki sa Bib la di sou fanm nan ministè?



Kesyon : Fanm pastè / predikatè? Ki sa Bib la di sou fanm nan ministè?

Repons :
Petèt pa gen okenn lòt topik ki plis fè sije deba nan legliz jodya ke kesyon fanm sèvi kòm pastè oswa predikatè yo. Kòm rezilta, li trè enpòtan pou n pa wè pwoblèm sa a kòm gason kont fanm yo. Gen fanm ki kwè fanm pa ta dwe sèvi kòm pastè e ke Bib la tou met restriksyon fanm nan ministè, e gen gason ki kwè fanm ka sèvi kòm predikatè e ke pa gen okenn restriksyon sou fanm nan ministè. Sa a se pa yon pwoblèm chovinism oswa diskriminasyon. Li se yon kesyon nan entèpretasyon biblik.

Pawòl Bondye a pwoklame, "Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon. Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil" (1 Timote 2:11-12). Nan legliz la, Bondye bay gason ak fanm plizyè ròl diferan. Sa a te rezilta fason limanite te kreye ak chemen peche te antre nan mond lan (1 Timote 2:13-14). Bondye, atravè apot Pòl, mete restriksyon sou sèvis fanm konsènan ansèyman ak / oswa otorize espirityèl sou gason. Sa a entèdi fanm sèvi kòm pastè sou gason, ki definitivman enkli tou preche ba yo piblikman, epi egzèse otorite espirityèl sou yo.

Gen anpil objeksyon sou opinyon sa a konsènan fanm nan ministè pastoral. Yon lòt ki komen se ke Pòl mete restriksyon sou fanm nan ansèyman paske nan premye syèk la, fanm yo tipikman pat edike. Sepandan, 1 Timote 2:11-14 pa mansyone stati edikasyon an okenn kote. Si edikasyon te yon kalifikasyon pou ministè, lè sa a majorite nan disip Jezi yo pa tap kalifye. Yon dezyèm objeksyon ki komen se ke Pòl restriksyon anseye gason sou fanm lavil Efèz yo (1 Timote te ekri pou Timote, pastè nan legliz lavil Efèz la). Yo te rekonèt Efèz pou tanp Atemis li a, epi fanm yo te otorite nan branch paganism sa a, Se poutèt sa, selon teyori a, Pòl te sèlman reyaji kont koutim fanm ki tap dirije sèvitè zidòl yo nan lavi Efèz la, e legliz la te dwe diferan. Sepandan, pa gen okenn kote liv 1 Timote a mansyone Atemis, ni tou Pòl pat mansyone pratik estanda adoratè Atemis yo kòm rezon pou restriksyon sa yo nan 1 Timote 2:11-12.

Yon twazyèm objeksyon se ke Pòl te sèlman ap pale de mari ak madanm, pa gason ak fanm an jeneral. Mo Grèk pou "fanm" ak "gason" nan 1 Timote 2 te kapab refere a mari ak madanm; sepandan, siyifikasyon debaz mo sa yo pi laj pase sa. Pi lwen, menm mo Grèk sa yo itilize nan vèsè 8-10. Èske se sèlman mari yo ki ka leve men beni yo nan lapriyè san kòlè ak dispit (vèsè 8)? Èske se sèl madanm yo ki dwe abiye modès, gen bon zèv, epi adore Bondye (vèsè 9-10)? Paditou. Vèsè 8-10 klèman fè referans ak tout gason ak fanm, pa sèlman mari ak madanm. Pa gen anyen nan kontèks ka ki endike ke se mari ak madanm sèlman vèsè 11-14 la yo konsène.

Yon lòt objeksyon sou entèpretasyon fanm nan ministè pastoral se nan relasyon ak fanm yo ki te gen pozisyon lidèchip nan Bib la, espesyalman Miryam, Debora, ak Oulda nan Ansyen Testaman an. Se vre ke fanm sa yo te chwazi pa Bondye pou sèvis espesyal Li e ke yo se modèl lafwa, kouraj, epitou, lidèchip. Sepandan, otorite fanm nan Ansyen Testaman an pa gen rapò ak kesyon pastè nan legliz la. Epit yo nan Nouvo Testaman an prezante yon nouvo paradigm pou sèvitè Bondye yo, ki vle di legliz la, ki se kò Kris la, e ke paradigm enplike yon estrikti otorite inik nan legliz la, pa pou nasyon Izrayèl la oswa nenpòt ki lòt antite nan Ansyen Testaman.

Gen lòt agiman similè konsènan Prisil ak Febe nan Nouvo Testaman an. Nan Travay 18, yo te prezante Prisil ak Akila kòm minis fidèl pou Kris la. Non Prisil te mansyone an premye, petèt ki endike ke li te plis enpòtan nan ministè pase mari l. Èske Prisil ak mari l te anseye Levanjil la nan Apolòs? Wi, nan lakay yo "eksplike l chemen Bondye a pi byen" (Travay 18:26). Èske Bib la te janm di ke Prisil te pastè yon legliz oswa anseye piblikman oswa te vin yon lidè espirityèl de yon kongregasyon moun pèp Bondye? Paditou. Selon sa ke nou konnen, Prisil pat enplike nan aktivite ministè kontrèman ak 1 Timote 2:11-14.

Nan Women 16:1, yo te rele Febe yon "dyak" (oswa "sèvitè") nan legliz la e Pòl te rekòmande l ak gwo asirans. Men, menm jan ak Prisil, pa gen anyen nan Pawòl la ki endike ke Febe te yon pastè oswa l tap anseye gason nan legliz la. "Kapab anseye" se yon kalifikasyon pou ansyen yo, non pa pou dyak yo (1 Timote 3:1-13; Tit 1:6-9).

Estrikti 1 Timote 2:11-14 fè rezon ki fè fanm pa kapab pastè a klè. Vèsè 13 kòmanse ak "pou," ki bay "kòz" deklarasyon Pòl yo nan vèsè 11-12. Poukisa fanm pa ta dwe anseye oswa gen otorite sou gason? Paske "Adan te kreye an premye, apre sa, Èv. Epi se pat Adan yo te twonpe; se te fanm lan yo te twonpe" (vèsè 13-14). Bondye te kreye Adan an premye apre sa a li te kreye Èv pou l vin yon "sipò" pou Adan. Lòd kreyasyon an gen yon aplikasyon inivèsèl nan fanmi an (Efezyen 5:22-33), ak nan legliz la.

Ou kab li lefèt ke yo te twonpe Èv tou nan 1 Timote 2:14 kòm yon rezon pou fanm pa sèvi kòm pastè oswa gen otorite espirityèl sou gason. Sa pa vle di ke fanm yo nayiv oswa ke yo pi fasil pou yo twonpe pase gason. Si tout fanm yo pi fasil pou twonpe, poukisa pou yo ta kite yo anseye timoun (ki fasil pou twonpe) ak lòt fanm (ki sipozeman pi fasil pou twonpe)? Tèks la senpleman di ke fanm yo pa dwe anseye gason oubyen gen otorite espirityèl sou gason paske Èv te twonpe. Bondye te chwazi bay gason otorite ansèyman prensipal nan legliz la.

Anpil fanm briye nan kado nan Ospitalite, gen kè sansib, ansèyman, evanjelizasyon, epi nan bay èd. Anpil nan ministè legliz lokal la depann sou fanm yo. Pa gen restriksyon sou Fanm nan legliz pou soti al fè lapriyè piblik oswa anonse pwofesi (1 Korentyen 11:5), se sèlman ke y pa gen otorite espirityèl ansèyman sou gason. Pa gen okenn kote Bib la mete restriksyon sou fanm pou egzèse don Sentespri yo (1 Korentyen 12). Fanm, menm jan ak gason, aple pou yo pataje Bòn Nouvèl la ak lòt moun, pou demontre fwi Sentespri a (Galat 5:22-23), ak fè konnen bon nouvèl la ak sa ki pèdiyo (Matye 28:18-20; Travay 1:8; 1 Pyè 3:15).

Bondye te òdone pou sèlman gason sèvi nan pozisyon otorite ansèyman espirityèl nan legliz la. Sa a se pa paske gason yo nesesèman pi bon pwofesè oswa paske fanm yo enferyè oswa mwens entèlijan (ki pa leka). Li se tou senpleman fason Bondye etabli fonksyonman legliz la. Gason yo dwe trase egzanp lidèchip espirityèl, nan lavi yo ak nan pawòl yo. Fanm gen yon wòl ki mande mwens autorite. Bib la ankouraje fanm anseye lòt fanm (Tit 2:3-5). Bib la tou pa mete restriksyon sou fanm pou anseye timoun yo. Sèl restriksyon yo genyen se anseye oswa gen otorite espirityèl sou gason. Sa a entèdi fanm tou pou sèvi kòm pastè sou gason. Sa a pa fè fanm mwens enpòtan nan okenn ka, men pito ba yo yon ministè ki an akò avèk plan Bondye a ak kado li a yo-menm.



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an



Fanm pastè / predikatè? Ki sa Bib la di sou fanm nan ministè?