settings icon
share icon
Kesyon

Kijan mwen ka evanjelize zanmi’m yo ak fanmi san mwen pa ofiske yo oswa pouse yo ale?

Repons


An reyalite, chak Kretyen gen yon manm fanmi, yon zanmi, moun ki travayè menm kote ak yo, oswa moun yo konnen ki pa Kretyen. Pataje levanjil la ak lòt moun kapab difisil, epi li ka vin pi difisil lè li enplike yon moun ki pwòch nou emosyonèlman. Bib la di nou ke gen kèk moun ke levanjil la ap ofanse yo (Lik 12:51-53). Sepandan, nou resevwa lòd pou nou pataje levanjil la, e pa gen eskiz pou nou pa fè sa (Matye 28:19-20; Travay 1:8; 1 Pyè 3:15).

Kidonk, kijan nou ka evanjelize manm fanmi nou, zanmi, moun ki travay menm kote ak nou, ak moun nou rekonèt? Bagay ki pi enpòtan nou ka fè se priye pou yo. Priye pou Bondye ta chanje kè yo epi louvri je yo pou verite levanjil la (2 Korent 4:4). Lapriyè ke Bondye ta konvenk yo nan lanmou li pou yo ak nesesite yo gen pou yo delivre nan Jezi Kris la (Jan 3:16). Lapriyè pou sajès pou’w konnen kijan pou pi byen sèvi yo (Jak 1:5).

Nou dwe dispoze pou pataje levanjil la ak kouraj. Pwoklame mesaj sali a atravè Jezi Kris pou zanmi ou ak fanmi ou (Women 10:9-10). Toujou prepare pou pale de lafwa ou (1 Pyè 3:15), fè sa avèk jantiyès ak respè. Pa gen okenn ki ka ranplase ou pèsonèlman pou pataje levanjil la: "Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y'ap anonse" (Women 10:17).

Anplis de priyè ak pataje lafwa nou, nou dwe viv tou yon lavi Kretyen ki projekte Bondye devan tout zanmi nou yo ak manm fanmi yo pou yo ka wè chanjman Bondye fè nan nou (1 Pyè 3:1-2). Finalman, nou dwe kite delivrans moun nou renmen yo nan men Bondye. Se pouvwa Bondye ak gras Bondye ki sove moun, se pa efò nou yo. Sa ke nou ka fè se priye pou yo, pale yo de Bondye, epi viv yon lavi Kretyen devan yo. Li se Bondye ki fè ogmantasyon an (1 Korent 3:6).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan mwen ka evanjelize zanmi’m yo ak fanmi san mwen pa ofiske yo oswa pouse yo ale?
© Copyright Got Questions Ministries