settings icon
share icon
Kesyon

Èske asirans lavi etènèl la se yon « lisans » pou fè peche?

Repons


Yonn nan objeksyon nou jwenn pi souvan nan doktrin sou garanti lavi etènèl la se ke li ta pèmèt moun yo viv nenpòt fason ke yo vle epi y’ap toujou sove. Malgre « teknikman » sa kapab vre, men nan reyalite se pa verite. Yon moun ki vrèman te rachte pa Jezi Kris pa pral tounen viv volontèman yon lavi ki karakterize ak peche tout tan. Nou dwe trase yon distenksyon ant kijan yon Kretyen ta dwe viv ak sa yon moun dwe fè pou li ka resevwa sali a.

Bib la klè ke nou resevwa delivrans sèlman pa gras Bondye, atravè lafwa nou nan Jezi Kris sèlman (Jan 3:16; Efezyen 2:8-9; Jan 14:6). Nan moman ke yon moun vrèman kwè nan Jezikri, moun sa a sove epi delivrans li asire. Sali a se pa yon bagay ke ou fin jwenn, apre fòk ou travay pou’w konsève li. Apot Pòl adrese sijè sa a nan Galat 3:3 lè li mande: «Kijan nou fè egare konsa? Nou kòmanse ak pouvwa Lespri Bondye a, koulye a nou vle fini ak pwòp fòs kouraj nou?» Si nou te sove pa lafwa, delivrans nou an tou asire pa lafwa. Nou pa ka bay ak pwòp tèt nou pou sali nou. Se poutèt sa tou, pa gen yon bagay pou di nou ka fè ak fòs pa nou pou asire delivrans nou. Se Bondye ki fè sa pou nou, se li ki asire delivrans nou (Jid 24). Jan 10:28-29 di se menm Bondye sa a ki kenbe nou byen fèm nan men li. Se lanmou Bondye a ki fè pa gen anyen ki ka separe nou ak li (Women 8:38-39).

Nenpòt moun ki kwè ke yo ka travay pou yo genyen lavi etènèl, yo rejte ke se pa lagras Bondye ke nou sove (se favè li fè nou). Nou sove akòz byenfè Kris la, se pa anyen nou fè pou sa (Women 4:3-8). Si nou di ke nou dwe obeyi Pawòl Bondye a oswa viv yon lavi diven pou kenbe sali nou an, kidonk, nou di ke lanmò Jezi a pat ase pou peye penalite peche nou yo. Lanmò Jezi te sifi pou peye pou tout peche. Ni peche kite pase yo, sa ki prezan yo, ak sa k’ap vini yo, ni avan nou te delivre ak apre nou te delivre (Women 5:8; 1 Korent 15:3; 2 Korent 5:21).

Èske sa vle di ke yon Kretyen kapab viv nenpòt fason li vle epi li toujou sove? Sa a se esansyèlman yon kesyon ipotetik, paske Bib la fè li klè ke yon vrè Kretyen pa pral viv « nenpòt fason li vle. » Kretyen yo se nouvo kreyasyon (2 Korent 5:17). Kretyen pratike fwi Lespri Bondye a (Galat 5:22-23), yo pa viv selon lachè (Galat 5:19-21). 1 Jan 3:6-9 deklare klèman ke yon vrè Kretyen pa pral kontinye viv nan peche. Apot Pòl reponn sou zafè ke gras ankouraje moun fè peche, Apot Pòl te di: “Nan kondisyon sa a, kisa n’a di? Èske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou? Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Kijan pou’n ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?” (Women 6:1-2).

Asirans ke nou genyen ke nou sove se pa yon lisans pou nou fè peche. Olye de sa, li se asirans nou genyen pou nou konnen ke lanmou Bondye a garanti pou moun ki mete konfyans yo nan Kris la. Lè ou konnen ak konprann bon jan kado delivrans Bondye a akonpli, li opoze lide ke li bay moun lisans pou fè peche. Kijan pou yon moun fin konnen pri Jezi Kris te peye pou nou, epi kontinye viv yon lavi nan peche (Women 6:15-23)? Kijan yon moun ki te konprann lanmou Bondye a ki san kondisyon epi garanti pou moun ki kwè yo, pran lanmou sa a epi voye li nan figi Bondye a? Yon moun konsa demontre ke li panko resevwa lavi etènèl paske asirans nou gen pou sa li nou an pa ban nou yon lisans pou fè peche. «Konsa, si yon moun fè yonn ak Kris la tout tan, l’ap sispann viv nan peche. Moun ki kontinye ap fè peche toujou, se moun ki pa janm wè’l, ki pa janm konnen li» (1 Jan 3:6).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske asirans lavi etènèl la se yon « lisans » pou fè peche?
© Copyright Got Questions Ministries