settings icon
share icon
Kesyon

Èske Jezi te egzite tout bon vre?

Repons


Souvan lè yo poze kesyon sa a, moun nan ap chache repons « ki pa nan bib la ». Nou pa bay lide ki di Bib la pa kapab konsidere pou evidans pou konnen kote Jezi soti. Nouvo Testaman an genyen anpil referans sou egzistans Jezi Kris. Genyen sa yo ki bay dat Levanjil yo te ekri nan dezyèm syèk A.D. (A.D. vle di « Nan ane Seyè a »). Kidonk, Levanjil yo te ekri nan plis pase 100 lane apre Jezi te fin mouri. Menm si sa yo di a ta sa (sa se yon sijè nou fè anpil diskisyon sou sa), si n’ap pale de ansyen prèv, dokiman ki gen pi piti pase 200 lane depi yo te ekri yo apre yon evènman fin pase se yon prèv ke nou ka konte sou li. Pou’n ale pi lwen, prèske pi fò filozòf (ni sa yo ki Kretyen ak sa yo ki pa Kretyen) dakò ke Lèt Apot Pòl yo (pou pi fò nan yo) li te ekri yo vrèman nan mitan premye syèk A.D. a apre Jezi te fin mouri, ki se pi piti pase 40 lane apre Jezi te mouri a. Pou sa ki konsène prèv nan Ansyen Maniskri (dokiman), sa a se pi gwo prèv ke yon nonm ki rele Jezi te egziste nan peyi Izrayèl nan kòmansman premye syèk nan A.D.

Li enpòtan tou pou’n rekonèt ke nan ane 70 A.D. Women yo te anvayi Jerizalèm epi yo te detwi pi fò Izrayèl, yo touye moun ki tap viv nan peyi a. Yo te boule tout vil yo, yo fè tout bagay tounen sann. Nou pa ta dwe sezi, si pi fò nan evidans ki prouve egzistans Jezi te detwi nan envazyon sa. Pifò nan moun ki te temwen Jezi te mouri nan evènman sa. Tout sa se prèv ki lakòz gen limit sou kantite temwen nou genyen ki ka temwaye ke Jezi te egziste.

Pliske ministè Jezi a te pifò nan yon ti pati ki pat gen twò anpil enpòtans nan anpi Women an, li vrèman etonan, malgre tout sa, gen anpil enfòmasyon sou Jezi ke nou ka jwenn nan kèk dokiman istorik ki sikile (payen ki te ekri yo). Kèk nan prèv sou egzistans Jezi ki plis enpòtan yo se :

Nan premye syèk la gen yon istoryen Women ki te rele Tacitus, yo konsidere li kòm pi gwo istoryen ki te viv nan tan lontan, li te pale de «Kretyen yo» (ki soti nan Christus, ki se Laten ki vle di pou KRIS), ki te soufri anpil lè Pons Pilat te Wa Tiberius. Suetonius, ki te chèf sekretè lè anperè Hadrian tap dirije a, te ekri ke te gen yon nonm yo te rele Chrestus (oubyen Kris) ki tap viv nan premye syèk la (ou ka jwenn referans sa nan: Annals 15.44).

Flavius Jozèf se yon istoryen Jwif ki pi popilè. Li pale de Jak « frè Jezi yo te rele Kris la » nan liv li a ki se « Antiquities.» Gen yon vèsè kontrè (18 :3) ki di : « Te gen yon lè yon nonm ki te rele Jezi, se te yon nonm saj, li posib pou’n ta rele’l yon nonm. Paske li se youn ki te konn fè bagay ki fè anpil moun sezi… li se te Kris la… li te fè yo wè’l vivan nan twazyèm jou a, menm jan pwofèt diven yo te anonse sa, epi yo te anonse anpil lòt bagay de li. Gen yon lòt vèsyon ki di konsa, « nan tan sa a te gen yon nonm saj yo te rele Jezi. Li te gen bon kondwit tout moun te konnen li kòm yon moun ki te gen anpil moral. Epi anpil moun nan mitan Jwif yo ak lòt nasyon yo te vin disip li. Pilat te kondane’l epi kloure’l sou yon kwa epi li te mouri. Men sa yo ki te vin disip li yo pat abandone travay li te kòmanse fè a. Daprè sa yo di, li te fè yo wè’l lè li te resisite sou twazyèm jou a, li te fè yo wè’l vivan ankò; daprè sa, petèt se li ki te Mesi a, moun ke pwofèt yo te pale de li ak mèvèy li.’’

Istoryen Julius Africanus fè referans ak yon lòt istoryen ki se Thallus nan yon diskisyon sou afè fènwa aprè yo te kloure Kris la (ou ka jwenn referans sa nan: Extant Writings, 18).

Nan (Letters) Lèt 10:96, Pliny sa ki pi jèn nan (Pliny the Younger), di konsa Kretyen yo adore Jezi kòm Bondye, epi yo te gen etik (anpil respè). Pliny fè referans sou jan Kretyen yo renmen fè fèt epi repa Seyè a (kominyon).

Talmid Babilonyen an “Babylonian Talmud” (Sanhedrin 43a) se yon dokiman ki konfime ke yo krisifye Jezi nan lavyèj jou fèt pak la. Yo te akize Kris la kòm moun ki tap pratike maji epi ki tap leve tèt Jwif yo pou yo revòlte.

Gen yon ekriven Grèk nan dezyèm syèk la ki rele Lucian ki soti Samosata ki admèt ke Kretyen yo te konn adore Kris la, li te prezante nouvo ansèyman, epi yo te kloure jezi pou ansèyman sa yo. Lucian di ansèyman Jezi yo moutre jan moun ki kwè nan Jezi yo viv ansanm, jan konvèsyon enpòtan, jan pou yo pa adore lòt dye. Kretyen yo viv selon lwa Jezi te ba yo a, yo kwè yo pap janm mouri, yo meprize yo menm rive touye yo, yo bay tèt yo kòm volontè, yo renonse tout byen materyèl.

Mara Bar-Serapion konfime ke anpil moun panse ke Jezi te yon nonm ki te saj epi kite gen anpil moral. Anpil moun te konsidere li kòm Wa pèp Izrayèl la. Jwif yo te touye’l, moun ki tap swiv li yo te viv sou ansèyman li te ba yo.

Epi nou gen tout ekriti save yo (Levanjil Verite a, Revelasyon Jan an “Apocryphon of John”, Levanjil Toma a, Diskou sou rezirèksyon an, etc.) yo tout pale de Jezi.

An reyalite, nou kapab rekonstri levanjil la ak tout evidans nou genyen nan dokiman moun ki pat Kretyen yo te ekri: yo te rele Jezi Kris la (Josephus), èske « maji » te lakòz Izrayèl swiv nouvo ansèyman, epi kontinye fete fèt pak la (Babylonian Talmud) nan peyi Jide (Tacitus), men yo tap reklame se te Bondye epi li tap tounen (Eliazar), moun ki tap swiv li yo te kwè nan li, yo te adore’l pou Bondye (Pliny sa ki pi jèn nan) oubyen (Pliny the Younger).

Gen anpil prèv sou egzistans Jezi Kris. Ou ka jwenn enfòmasyon sa yo ni nan istwa sou la Bib oubyen istwa moun ki Payen yo ekri. Petèt pi gwo prèv nou genyen ke Jezi te egziste paske milye e dè milye Kretyen nan premye syèk A.D. a ak douz apot yo te vle bay lavi yo pou mouri pou Jezi Kris. Moun ap dakò mouri pou sa yo kwè, men pa genyen moun kap aksepte mouri pou bagay ki pa verite.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Jezi te egzite tout bon vre? Èske gen prèv nan istwa pou egzistans Jezi Kris?
© Copyright Got Questions Ministries