settings icon
share icon
Kesyon

Èske Jezi t’ale nan lanfè antre tan li te mouri ak lè li te resisite a?

Repons


Gen anpil konfizyon sou kesyon sa a. Zafè Jezi t’ale nan lanfè sa a apre li te fin mouri sou kwa a soti nan dokiman ki rele Kwayans Apot yo oubyen «Apostles’ Creed,» dokiman sa a di «Jezi te desann nan lanfè.» Gen kèk pasaj tou ki depann de kòman yo te tradwi yo, ki di ke Jezi t’ale « nan lanfè.» Lè wap etidye pwoblèm sa, li enpòtan pou konprann dabò sa Bib la te anseye’n sou kote moun ki mouri yo ye a.

Nan pasaj Ebre yo, mo yo itilize pou dekri kote mò yo ye a se Sheol. Li vle di senpleman «plas kote moun mouri yo ye a.» Oubyen «plas kote nanm yo ak lespri yo separe.» Mo Grèk nan Nouvo Testaman ki egal ak sheol la se hades ki vle di sejou dè mò « kote yo met mò yo. » Lòt ekriti nan Nouvo Testaman endike sheol/hades oubyen sejou dè mò se yon plas ki pa la pou lontan, se yon plas kote nanm moun ki mouri yo ye. Y’ap tann lè pou yo reziste yon dènye fwa epi pou yo jije. Revelasyon 20:11-15 byen distenge sejou dè mò yo (kote moun ki mouri yo ye a) ak letan dife a. Letan dife a li se dènye plas pou tout tan ki rezève pou moun ki pèdi yo apre dènye jou a. Sejou dè mò (kote moun ki mouri yo ye a) se yon plas ki pa la pou lontan. Anpil moun fè referans ak tou lè de (2) plas sa yo, sejou dè mò (kote moun ki mouri yo ye a) ak letan dife a kòm «lanfè », lè yo fè sa, yo lakòz anpil konfizyon. Apre Jezi te mouri a, li pat ale nan lanfè jan kèk moun konprann sa, men li t’ale nan sejou dè mò a (kote moun ki mouri yo ye a).

Sejou dè mò (kote moun ki mouri yo ye a) se yon plas ki te divize an de (2) pati: yon plas ki beni ak yon plas jijman (Matye 11:23; 16:18; Lik 10:15; 16:23; Travay 2:27-31). Plas kote moun sove yo ye a ak kote moun pèdi yo ye a rele « kote mò yo ye » nan Bib la. Kote moun sove yo ye a li te rele li « Sen Abraram » (KJV, sa se yon inityal pou yon vesyon Bib) oubyen « bò kote Abraram » (NIV, sa se yon inityal pou yon vesyon Bib) nan Lik 16:22 ak Lik 23:43 li rele « Paradi.» nan Lik 16:26 nou wè kote moun ki pèdi yo ye a rele «Lanfè» (KJV) oubyen tou senpleman sejou dè mò (kote moun ki mouri yo ye a). Kote moun ki sove yo separe ak kote moun ki mouri yo ye avèk « yon gwo twou vid.» Lè Jezi te mouri, li t’ale kote ki beni nan sejou dè mò a (kote moun ki mouri yo ye a). Pandan li te la, li te pran moun kite kwè nan li yo ale nan syèl avèl (Efezyen 4:8-10). Lòt bò a ki se sejou dè mò yo (kote moun ki mouri yo ye a) kap tann jijman toujou rete menm jan. Tout moun ki mouri ki pat kwè yo ale la pou yo tann dènye jijman ki gen pou vini an. Èske Jezi t’ale nan sejou dè mò yo (kote moun ki mouri yo ye a)? Daprè Efezyen 4:8-10 ak 1Pyè 3:18-20, nou kapab di wi, aprè Jezi te mouri li t’ale nan sejou dè mò yo (kote moun ki mouri yo ye a).

Kèk nan lide ki lakòz konfizyon soti nan kèk pasaj tankou Sòm 16:10-11 ki tradwi konsa nan vèsyon King James la: « Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a.» Li pa bon si nou tradi vèsè a komsi li di « lanfè.» Fason ki kòrèk pou nou tradwi vèsè a se «tonm» oubyen « kote moun ki mouri yo ye a.»

Nou wè nan Lik 23:43 ke Jezi te di vòlè ki te bò kote’l sou kwa a, «Jodi a menm w’ap avè’m nan paradi.» Jezi pat di, « m’ap wè’w nan lanfè.» Kò Jezi te nan tonm lan, nanm li ak lespri li t’ale kote moun beni yo ye a nan sejou kote moun ki mouri yo ye a. Malerezman, gen anpil vèsyon nan Bib la, men tradiktè yo pa konsistan nan fason yo tradwi mo ki vle di « kote moun mouri yo ye a» ak « lanfè» nan lang Ebre a ak Grèk la.

Genyen moun ki panse ke Jezi t’ale « nan lanfè » oubyen sejou dè mò kote moun kap tann pinisyon yo a ye pou Jezi te kapab resevwa plis pinisyon pou peche nou yo. Lide sa pa nan Bib la ditou. Lanmò Jezi sou la kwa te sifi pou li te sove nou. Se te san li ki te koule pou netwaye pwòp peche nou yo (1Jan 1:7-9). Li te pandye sou kwa a, li te pran tout peche limanite sou zepòl li. 2Korent 5:21 di nou konsa li te vin devni yon pechè pou nou: « Kris la pa t' janm fè okenn peche, men Bondye fè l' pran sò nou sou do li, yo trete l' tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.» Peche koupe kou sa a ede nou konprann tout mizè yo Jezi te pase nan jaden Jetsemani avèk sakrifis sa li ta pral fè pou nou sou kwa a.

Jan 19:30 di nou lè Jezi te preske mouri, li te di, «Tout sa ki te pou rive a rive.» Soufrans li nan plas nou an te akonpli. Nanm li ak lespri li te ale nan sejou dè mò (kote mò yo ye a). Jezi pat al nan « lanfè » oubyen nan lòt pati sejou dè mò (kote moun y’ap soufri a). Li t’ale «bò kote Abraram lan» oubyen bò kote moun mouri yo ye a. Soufrans Jezi te fini lè li te mouri. Li te peye pri peche nou yo. Epi li tap tan pou kò’l resisite epi li t’ap tann pou li te moute nan syèl. Èske Jezi t’ale nan lanfè? Non. Èske Jezi t’ale kote moun mouri yo ki beni an oubyen sejou dè mò a? Wi.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Jezi t’ale nan lanfè antre tan li te mouri ak lè li te resisite a?
© Copyright Got Questions Ministries