settings icon
share icon
Kesyon

Èske Bondye te kreye sa ki mal?

Repons


Pliske Bondye te kreye tout sa ki egziste, konsa nou kapab di ke se Bondye ki kreye sa ki mal. Sepandan, mal se pa yon «bagay» tankou yon wòch oswa elektrisite. Ou pa ka gen yon krich ki chaje ak sa ki mal. Malè pa ka egziste pou tèt pa li. Li egziste kote ki gen sa ki pa bon. An nou pran egzanp sa, yon twou se yon bagay ki reyèl men li sèlman egziste nan yon lòt bagay. Nou rele twou sa a yon twou tè, ki vle di li pa gen tè ladan li. Twou a pa ka egziste san tè a. Sa se verite, wi, Bondye te kreye tout bagay, men se sa ki bon li te kreye. Youn nan bon bagay Bondye te fè se moun ki te gen libète pou yo chwazi sa ki bon. Pliske nou gen chwa pou nou chwazi sa ki bon, fòk Bondye te pèmèt gen yon lòt bagay yo ka chwazi. Se konsa, Bondye bay zanj yo ak moun libète pou yo chwazi sa ki bon oswa rejte li (chwazi sa ki mal). Lè yon relasyon ki egziste ant yon move bagay ak sa ki bon, nou rele sa sa ki mal, men li pa vle di ke Bondye te kreye li.

Petèt yon lòt ilistrasyon ka pote plis limyè sou sijè sa a. Si ou ta mande yon moun, «èske fwedi egziste?» moun nan ap reponn «wi.» Sepandan, sa pa kòrèk. Fwedi pa egziste. Fwedi se absans chalè. Menm jan an tou, fènwa pa egziste; li se absans limyè. Sa ki mal se absans le byen. Bondye pat bezwen kreye sa ki mal, men pito sèlman pèmèt absans sa ki bon .

Bondye pat kreye sa ki mal, men li pèmèt sa ki mal la. Si Bondye pa te pèmèt posibilite pou sa ki mal, ni zanj yo ak lèzòm tap anba obligasyon pou sèvi Bondye, yo pa tap gen chwa. Bondye pat vle pou nou te tankou «robo» ki tou senpleman ap fè sa selman li te vle nou fè paske se sa nou «pwograme» pou’n fè. Bondye pèmèt sa ki mal pou ban nou posibilite pou nou ka deside ak tout volonte nou si n’ap chwazi pou nou te sèvi li.

Nou menm antanke moun ki la pou yon ti bout tan pap janm ka fin konprann Bondye ki la pou tout tan k’ap gen tan an (Women 11: 33-34). Pafwa nou panse ke nou konprann poukisa Bondye ap fè yon bagay, epi nou vin reyalize ke sa Bondye ap fè a diferan ak sa nou te panse a. Bondye gade bagay yo nan yon pèspektiv sen ki la pou tout tan. Nou menm lèzòm, nou gade bagay yo nan yon pèspektiv ki limite, plen peche, jan nou panse sou latè a. Poukisa Bondye te mete moun sou latè lè li konnen Adan ak Èv t’ap lakòz peche, sa ki mal, lanmò, ak soufrans sou tout limanite? Poukisa li pat sèlman kreye nou tout epi kite nou nan syèl la kote nou ta pafè epi viv san soufrans? Nou pa kapab reponn kesyon sa yo byen pandan nou toujou ap viv nan bò isit. Nou bezwen konnen ke tout sa Bondye te fè se bagay sen yo ye epi yo pafè, yo tout gen pou yo fè lwanj li. Bondye pèmèt sa ki mal rive, konsa li ban nou posibilite pou nou gen libète pou wè èske n’ap chwazi tout bon vre pou nou adore Li. Bondye pa’t kreye sa ki mal, men li pèmèt yo rive. Si li pat pèmèt sa ki pa bon, se kòm si li t’ap fòse nou pou nou ta adore, nou pa t’ap gen chans pou nou ta chwazi ak pwòp volonte nou.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Bondye te kreye sa ki mal?
© Copyright Got Questions Ministries