settings icon
share icon
Kesyon

Èske gen kèk evidans ki montre klè ke Bondye egziste?

Repons


Egzistans Bondye pa kapab pwouve oubyen refite. Bib-la di ke nou dwe asepte-l pa lafwa pou tèt ke li egziste : “E san lafwa li enposib pou-n fè Bondye plezi, paske nenpot moun ki vle apwoche bò kote Bondye se pou yo kwè gen yon Bondye ,yon Bondye kap rekonpanse tout moun k’ap chache-l ” (Ebre 11:6). Si Bondye te vle, li t’ap kapab senpleman parèt e-l pwouve lemonn antye ke-l egziste. Men si-l te fè sa nou pa t’ap bezwen gen lafwa. “ Alò Jezi di li: kounyeya, se paske ou wè-m kifè ou kwè ; benediksyon pou tout moun ki te kwè san yo pat wè-m” (Jan 20:29).

Sa pa vle di toutfwa, pa gen okenn evidans pou egzitans Bondye. Bib-la afime nan Sòm 19:1-4 « syèl-la fè paret aklè pouvwa Bondye, li fè wè tou sa Bondye te fè ak men-l. Jounen jodi-a rakonte koze sa-a bay jounen denmen k’ap vini-an. Lannwit sa-a repete-l bay lannwit ki vini apre-a. Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi, men sa yo di-a, mache ale toupatou sou latè. Mesaj y’ap bay la rive jouk nan dènye bout latè » . Lè wap gade zetwal yo, lè ou konprann jan inivè-a imans, lè ou obsève byen jan nati-a mèveyez, lè ou gade bote solèy-la lè-l pral kouche – tout bagay sa yo montre ke se Bondye ki kreye-yo. Si tout bagay sa yo pa ta sifi, gen rezon osi pou Bondye egziste nan pwòp kè-nou. Eklezyas 3:11 di nou : » Li te osi fikse letènite nan kè lèzom. Nan fonn kè yo yo gen yon rekonesans ke li egziste kèk bagay pi lwen ke lavi sa-a e yon moun pi lwen monn sa-a. »

Nou ka nye konesans entelektyèl sa, men prezans Bondye nan nou, li antoure nou e li anko evidan e klè. Malgre sa, Bib-la avèti nou anpil moun vle nye egzistans Bondye : moun fou di nan kè yo, Pa gen Bondye (Sòm 14:11). Depwi lontan yon gran majorite pèp antravè listwa, nan tout kilti, nan tout sivilizasyon, e nan tout kontinan kwè nan egzistans de kalite Bondye sa-a, dwe gen yon bagay ou yon moun ki koz kwayans sa-a.

Anplis agiman biblik sou egzistans Bondye, genyen agiman lojik. Pami adiman lojik yo Premyeman : gen agiman ontolojik. Fòm ki pi popilè nan agiman ontolojik la itilize konsèp Bondye ki pwouve egzistans li. Li kòmanse avek definisyon de Dye kòm “yon egzistans ki pa pli gran ke nou kapab konsevwa”. Li alò diskitab ke sa ki egziste pi gran ke sa ki pa inegziste , e pa konsekan Bondye dwe eziste nan pi gran fason ke nou kapap konsevwa Li. Si Bondye pat egziste, li pa tap ka pi gran moun ke nou ka imajie, e sa tap kontredi definisyon nou bay Bondye-a.

Nan yon dezyèm agiman, se agiman teolojik. Agiman teologik la baze sou jan linivè a gran, bèl e mèveye pou’l di ke se zèv yon achitek diven . Pa egzanp, si tè-a te apepre e san mèt pi prè ou pi lwen soley-la, pa t’ap kapab gen vi sou tè a. Si kantite eleman ki nan atmosfè nou an te yon ti kras diferan de kantite ke li ye a , preske tout bagay ki vivan sou tè-a t’ap mouri. Posibilite yon sèl molekil nan yon pwoteyin ki fome pa chans. Se 1 nan 10243 . Yon sel selil konpoze de milyon pwoteyin molekilè.

Twazyèm agiman lojik egzistans Bondye-a rele agiman kosmolojik. Tout efè dwe gen yon koz. Inivè e tout bagay ladan-l gen yon efè. Gen yon bagay kanmenn ki vin lakòz ke tout bagay vinn egziste. E koz sa se Bondye.

Katriyèm agiman nou konnen kòm agiman moral. Tout kilti atravè listwa te gen toujou gen lwa pou’l fonksyone. Chak moun gen yon bon sans nan yo menm pou diferansye le byen ak le mal. Pa ezanp tout moun dako ke Asasen, mantè, volè se imoralite . Ki kote sans byen ak mal ta sòti si-l pa ta sòti nan Bondye sen-an?

Malgre tout sa, Bib-la di nou ke moun pral refize konesans klè e pito kwe nan manti olye nan verite-a. (Romen 1 :25) deklare « yo mete manti nan plas verite Bondye-a. yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo-a, li menm ki merite pou-n fè lwanj li tout tan. Amen. Bib-la osi pwoklame ke tout moun pral san eskiz paske yo pat kwè nan Bondye : « Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye li ye, bagay nou pa ka wè ak je nou : ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki pap janm fini, jan li se Bondye tout bon-an. Se sa kap fè moun sa yo pa gen eskiz menm » (Romen 1 :20).

Moun yo reklame pou yo rejete egzistans Bondye paske li pa « syantifik » ou paske li pa gen prèv. Vrè rezon-an se yon fwa ke yo admèt ke gen yon Dye, yo dwe osi reyalize gen yon Bondye ki reskonsab e yo bezwen padon nan men li. (Romen 3:23, 6:23). Si Bondye egziste, alò nou reskonsab devan li pou aksyon nou yo. Si Bondye pa egziste, alò nou kapab fè sa nou vle san nou pa enkyete de jijman li yo. Se sa ki fè anpil nan moun ki nye egzistans Bondye yo atache yo fòtman nan teori evolisyon natiralis la. Li bay yo yon altenativ pou yo kwè nan yon Bondye krèyatè. Bondye egziste e finalman chak moun konnen ke li egziste. Fè ki pi gran ke moun ap eseye avek anpil agresyon pou desapwouve egzistans Bondye ,se menm fè sa ki se yon agiman pou montre yo egzistans li.

Kòman nou ka konnen Bondye egziste? kòm kretyen, nou konnen Bondye egziste paske nou pale avek li chak jou. Nou pa tande li ouvètman k’ap pale ak nou, men nou santi prezans li, nou santi l’ap kondwi nou, nou konnen amou li, nou vle gras li. Bagay ki te rive nan vi nou ki pa genyen yon esplikasyon posib sinon ke Bondye. Bondye donk te sove nou mirakilezman e li te chanje lavi nou ki pa ta gen remèd men nou dwè rekonèt sa e adore egzistans li. Pa gen okenn nan agiman sa yo ki kapab konvenk nenpòt moun ki refize rekonèt sa ki deja klè.. Egzistans Bondye dwe asepte pa lafwa. (Ebre 11:6) . Konfyans nan Bondye se pa tankou yon avèg kap tatone nan yon fènwa ; men pito se pa ki asire nan yon chanm byen aranje kote yon gran majorite moun deja kanpe.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an



Èske gen kèk evidans ki montre klè ke Bondye egziste?

© Copyright Got Questions Ministries