settings icon
share icon
Kesyon

Èske Bib la gen erè, kontradiksyon, oubyen dezakò?

Repons


Si nou sèlman li Bib la san yon patipri ou prejije pou jwenn erè, n’ap wè Bib la se yon liv ki fasil pou moun li. Bib la konsistan, epi moun ka konprann li fasil. Wi, gen pasaj difisil. Wi, gen vèsè ki parèt kontrè youn ak lòt. Nou dwe sonje ke Bib la te ekri pa apeprè 40 diferan otè sou yon peryòd anviwon 1500 ane. Chak ekriven yo te ekri ak yon stil diferan, ak yon pèspektiv diferan, yo te ekri nan diferan katye, pou diferan objektif. Konsa ou ta dwe atann ke n’ap jwenn kèk ti diferans. Sepandan, yon diferans se pa yon kontradiksyon. Li t’ap yon erè se sèlman si pa gen okenn fason rezonab vèsè yo oubyen pasaj yo te ka rekonsilye (antann youn ak lòt). Menm si yon repons pa disponib kounye a, sa pa vle di yon repons pa egziste. Anpil moun te panse yo jwenn erè nan Bib la sou sa ki di nan istwa oubyen jewografi men tou, apre tout yo vin dekouvri plis prèv akeyolojik pou pwouve ke Bib la kòrèk.

Nou souvan resevwa jan de kesyon sa yo kote moun mande, « Eksplikasyon sou kijan vèsè sa yo pa kontredi! » Oubyen yo di, « Gade, men yon erè nan Bib la! » Nou dakò, gen kèk nan bagay sa yo ke moun yo prezante a, yo difisil pou nou reponn. Sepandan, nou rete kwè ke genyen repons solid epi ki entèlektyèlman konvenkan pou chak agiman ki genyen sou afè kontradiksyon ke kèk moun panse Bib la genyen an. Gen liv ak sit entènèt ki disponib ki fè lis « tout erè yo nan Bib la. » Pifò moun konte sou liv ak sit entènèt sa yo pou di Bib la gen erè men se pa paske yo menm yo jwenn erè nan Bib la. Konsa tou genyen liv ak sit entènèt disponib ki refite tout ideyoloji ki sipoze ke Bib la gen erè ladan li. Sa fè lapèn ke pifò moun ki atake Bib la pa vrèman entèrese nan yon repons. Anpil « atakè Bib » yo menm konnen repons sa yo, men yo kontinye sèvi ak menm ansyen atak yo ki pa kanpe sou pyès fondman.

Se konsa, ki sa nou dwe fè lè yon moun apwoche nou ak yon kesyon sou swadizan erè ki nan Bib la? 1) Lapriyè, etidye Bib la epi gade pou’w wè si gen yon solisyon ki senp. 2) Fè rechèch, itilize kèk bon kòmantè sou Bib la, tankou, « defann Bib la » liv, ak sit entènèt rechèch biblik. 3) Mande Pastè nou yo / lidè legliz nou yo pou wè si yo ka jwenn yon solisyon. 4) Si yo pa jwenn okenn repons ki klè apre etap 1), 2), ak 3), nou mete konfyans nan Bondye ke Pawòl li se laverite epi gen yon solisyon ki senp ke nou pankò ka dekouvri (2 Timote 2:15, 3:16-17).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Bib la gen erè, kontradiksyon, oubyen dezakò?
© Copyright Got Questions Ministries