settings icon
share icon
Kesyon

Kòman pou mwen konnen ki don espirityèl mwen genyen?

Repons


Pa gen okenn fòmil majik oswa tès definitif ki ka di nou egzakteman ki kado espirityèl nou genyen. Sentespri a distribye kado espirityèl yo bay tout moun jan li detèmine (1 Korent 12:7-11). Yonn nan pwoblèm ke Kretyen yo fè fas se tantasyon pou yo fokis sou kado espirityèl yo resevwa, konsa yo sèlman chache sèvi Bondye kote yo santi ke yo gen don pou sa. Se pa konsa kado espirityèl yo travay. Bondye rele nou pou’n obeyi li nan tout bagay. Bondye ap ban nou nenpòt don oswa kado nou bezwen pou nou akonpli travay li te rele nou pou nou fè a.

Gen divès fason nou ka konnen ki don espirityèl nou genyen. Malgre ke nou pa ka konte sou yon tès oubyen yon envantè kado espirityèl nou yo, men yo ka definitivman ede nou konprann kijan de kado nou genyen. Lè yon moun ba nou yon konfimasyon, sa a ka ede nou konprann ki kado espirityèl nou genyen. Lòt moun ki wè jan nou sèvi Seyè a kapab ede nou idantifye yon kado espirityèl ke nou genyen san nou pa menm rekonèt sa. Lapriyè enpòtan tou. Sentespri a ki bay kado Sentespri a se li menm ki konnen pi byen ki kalite don nou geneyen. Nou ka mande Bondye pou montre nou ki kalite don nou genyen pou nou kapab pi byen itilize kado espirityèl nou yo pou ba li glwa.

Wi, Bondye rele kèk moun pou yo enstriktè epi li ba yo don pou ansèyman. Bondye rele kèk moun pou yo sèvi (ede) konsa Bondye beni yo ak don pou yo ka ede. Sepandan, lè nou konnen ki don espirityèl nou genyen, sa pa vle di pou nou itilize sa kòm yon eskiz pou nou pa sèvi Bondye nan kèk bagay ke nou pa gen don pou sa. Èske li bon pou nou konnen ki don espirityèl Bondye ba nou? Natirèlman, li se yon bon bagay. Èske sa se yon bagay ki mal lè nou konsantre anpil sou don espirityèl ke nou genyen konsa nou rate lòt opòtinite pou sèvi Bondye? Wi. Si nou dedye pou Bondye te itilize nou, l’ap ekipe nou ak tout kado espirityèl nou bezwen yo pou fè travay li.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kòman pou mwen konnen ki don espirityèl mwen genyen?
© Copyright Got Questions Ministries