settings icon
share icon
Kesyon

Èske divinite Kris la sot nan Labib?

Repons


Anplis de reklamasyon spesifik ke Jezi te fè sou tèt Li, disip Li yo te rekonèt divinite L. Yo te deklare ke Jezi te gen dwa pou Li te padone peche, yon bagay ke sèlman Bondye ka fè, pliske se Bondye Li-menm ke peche ofanse (Travay 5:31; Kolosyen 3:13; Sòm 130:4; Jeremi 31:34). Nan yon koneksyon trè sere ak dènye deklarasyon sa a, Jezi te di tou Li se Sila a k’ap vin pou "jije vivan yo ak mò yo" (2 Timote 4:1). Toma te kriye bay Jezi: "Seyè mwen, Bondye mwen!" (Jan 20:28). Pòl rele Jezi "gwo Bondye ak Sovè" (Tit 2:13) e li te mansyone ke anvan enkanasyon L’, Jezi te egziste sou “fòm Bondye” (Filipyen 2:5-8). Bondye Papa a te di konsènan Jezi: "Twon ou, O Bondye, ap dire pou tout tan gen tan" (Ebre 1:8). Jan te deklare: "Nan kòmansman an Pawòl la te la, e Pawòl la te ak Bondye, e Pawòl la [Jezikri] se te Bondye" (Jan 1:1). Egzanp yo nan Bib la ki anseye divinite Kris la anpil (gad Revelasyon 1:17; 2:8; 22:13; 1 Korentyen 10:4; 1 Pyè 2:6-8; Sòm 18:2; 95:1; 1 Pyè 5:4; Ebre 13:20), men sèlman youn nan egzanp sa yo sifi pou montre ke moun ki tap suiv Jezi yo te konsidere L kòm Bondye.

Jezi te resevwa plizyè tit tou ki te inik a YAWE (ki se non fòmèl Bondye) nan Ansyen Testaman an. Tit "Delivrè a" nan Ansyen Testaman an (Sòm 130:7; Hosea 13:14) te itilize konsènan Jezi nan Nouvo Testaman an (Tit 2:13; Revelasyon 5:9). Jezi rele Emannwèl, ki vle di "Bondye avèk nou", nan Matye 1. Nan Zakari 12:10, se YAWE ki di: "Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Men Nouvo Testaman an lye sa ak krisifiksyon Jezi a (Jan 19:37; Revelasyon 1:7). Si se YAWE yo pèse e se Li yo leve je gade, donk Jezi se YAWE. Pòl entèprete Ezayi 45:22-23 kòm etan li aplike pou Jezi nan Filipyen 2:10-11. Pi lwen toujou, non Jezi te itilize ansanm ak non Bondye nan lapriyè "Ke lagras ak lapè Bondye Papa a ak Seyè Jezi a poze sou nou" (Galat 1:3; Efezyen 1:2). Sa se t’ap yon blasfèm si Kris pat diven. Non Jezi repete ansanm ak non Bondye nan kòmandman Jezi pou batize "nan non [sengilye] Papa a ak Pitit la a ak Sentespri a" (Matye 28:19; gade tou 2 Korentyen 13:14).

Jezi te resevwa kredi pou aksyon ke Bondye sèl ka akonpli. Jezi pat sèlman leve moun mouri (Jan 5:21; 11:38-44) epi te padone peche (Travay 5:31; 13:38), Li te kreye epi soutni tout linivè (Jan 1:2; Kolosyen 1:16-17). Sa parèt pi klè toujou lè nou konsidere YAWE te di Li te pou kont Li pandan kreyasyon an (Izayi 44:24). Pi lwen, nou kab wè ke Jezi te posede atribi ke sèlman yon Èt diven ka posede: Li etènèl (Jan 8:58), Li omniprezan (Matye 18:20; 28:20), e Li omnisyan (Jan 11:38-44).

Koulye a, deklare ke w se Bondye oubyen pase sou yon moun pou fè l kwè ke se vre se youn, pwouve l’ totalman se yon lòt. Kris te fè anpil mirak kòm prèv reklamasyon Li fè ke Li se yon Èt diven. Jis nan mirak Jezi yo enkli chanje dlo an diven (Jan 2:7), mache sou dlo (Matye 14:25), miltipliye objè fizik (Jan 6:11), geri avèg la (Jan 9:7), gerizon nonm andikape a (Mak 2:3), ak gerizon malad yo (Matye 9:35; Mak 1:40-42), e menm lefèt ke Li te lve moun nan lanmò (Jan 11:43-44; Lik 7:11-15; Mak 5:35). Anplis, Kris Li menm te leve soti vivan nan lanmò. Fè sa yo trè elwanye swadizan dye ki mouri e ki leve nan mitoloji payen an, pa gen anyen tankou rezirèksyon ke lòt relijyon reklame, e pa gen lòt reklamasyon gen konfimasyon siplemantè biblik sa yo.

Gen pou pi piti douz fè istorik sou Jezi ke menm kritik entelektyèl ki pa kretyen yo ap admèt:

1. Jezi te krisifye, se konsa Li te mouri.
2. Yo te antere Li.
3. Lanmò L’ ki te lakoz disip Li yo te pèdi espwa.
4. Yo te twouve kavo Jezi (oswa yo te afime ke yo te twouve l) kèk jou aprè.
5. Disip yo kwè ke yo te viv aparisyon Jezi aprè L’ te leve vivan nan lanmò.
6. Apre sa, disip yo pat doute ankò, yo te vin gwo kwayan.
7. Mesaj sa a se te sijè santral predikasyon Legliz ki te la nan kòmansman an.
8. Mesaj sa a te preche nan lavil Jerizalèm.
9. Kòm rezilta predikasyon sa a, Legliz la te pran nesans epi li te grandi.
10. Jou Rezirèksyon an ki se Dimanch, ranplase jou Saba a (Samdi) kòm jou prensipal adorasyon an.
11. Jak, yon septik, yo te konvèti lè li menm tou li te kwè ke li te wè Jezi aprè L’ te resisite a.
12. Pòl, yon lènmi Krisyanis la, te konvèti leu Jezi te fin fè aparisyon devan li ,apre L’ te leve soti vivan nan tonbo a.

Menm si yon moun ta vin pou fè objeksyon kont lis spesifik sa a, sèlman kèk nan yo ki nesesè pou bay prèv rezirèksyon an epi etabli bon nouvèl la: lanmò, antèman, rezireksyon, ak aparisyon Jezi yo (1 Korentyen 15:1-5). Pandan ke ka gen kèk teyori pou eksplike youn ou de nan fè nou sot site yo, rezireksyon an pou kont li sifi pou eksplike ak reponn pou tout lòt yo. Kritik admèt ke disip yo te deklare yo te wè Jezi resisite a. Ni manti ni alisinasyon pa ka transfòme moun jan rezirèksyon an te fè sa. Tou dabò, ki avantaj yo tap tire de sa? Krisyanis la pat popilè epi li sètènman pat fè yo fè okenn kòb. Dezyèmman, moun kap bay manti pa fè bon mati. Pa gen okenn eksplikasyon pase lefèt ke disip yo te prè pou yo te aksepte mouri de fason terib pou lafwa yo te genyen an. Wi, anpil moun mouri pou manti ke yo panse ki se verite, men pa gen moun ki mouri pou sa yo konnen ki pa vrè.

Pou n’ konkli, Jezi te deklare ke Li se YAWE, ki Li se yon Èt diven (pa sèlman yon "dye" men sèl vrè Dye a); disip Li yo (Jwif ki tap twouve sèvi zidòl trè terifyan) te kwè L e te refere a Li kòm Bondye. Jezikri pwouve reklamasyon sa a atravè anpil mirak, ki enkli rezireksyon an ki te chanje mond lan. Pa gen lòt ipotèz ki ka eksplike fè sa yo. Wi, divinite Kris la biblik.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske divinite Kris la sot nan Labib?
© Copyright Got Questions Ministries